Peman estimilis ki pa t reklame

Si ou pa t reklame Kredi Rab¨¨ pou Rekiperasyon an nan deklarasyon enpo 2021 epi ou te elijib, ou ka resevwa yon peman pa depo dir¨¨k oswa pa ch¨¨k av¨¨k yon l¨¨t an Janvye 2025. Pa gen okenn aksyon ki neses¨¨. Si w pa t ranpli yon deklarasyon enpo 2021, ch¨¨che konnen kijan pou w reklame Kredi Rab¨¨ pou Rekiperasyon 2021 an.

Nan seri sa yo:

Fason pou ranpli enpo w: etap pa etap
Tcheke si w bezwen ranpli
Rasanble dokiman w yo
Jwenn kredi ak dediksyon
Depoze deklarasyon w lan
Jwenn ranbousman w
Peye enpo w yo a l¨¨
Pare pou w ranpli enpo ane pwochen


Ki jan yo travay

Ou ka reklame kredi ak dediksyon l¨¨ w ranpli deklarasyon enpo w pou diminye enpo w. Asire w ou jwenn tout kredi ak dediksyon ou kalifye pou yo. Si w gen depandan ki kalifye, ou ka elijib pou s¨¨ten kredi ak dediksyon.

Reklame kredi 

Yon kredi se yon montan ou retire nan enpo ou dwe a. Sa ka diminye peman enpo ou oswa ogmante ranbousman w. Gen k¨¨k kredi ki ranbousab (an angl¨¨) ¡ª yo ka ba w yon ranbousman menm si w pa dwe okenn enpo.

Pou reklame kredi, reponn kesyon yo nan lojisy¨¨l pou ranpli enpo w la. Si w ranpli deklarasyon w lan sou papye, w ap bezwen ranpli yon f¨°m epi mete yo ansanm. 

Men kredi ou ka reklame: 

Pran dediksyon

Yon dediksyon se yon kantite lajan ou retire nan revni w l¨¨ w ranpli enpo pou w pa peye enpo sou li. L¨¨ l diminye revni w, dediksyon an diminye enpo w. 

Ou bezwen dokiman pou montre depans oswa p¨¨t ou vle dedwi yo. Lojisy¨¨l enpo w la pral kalkile dediksyon yo pou ou epi antre yo nan bon f¨°mil¨¨ yo. Si w ranpli yon deklarasyon sou papye, dediksyon ou yo ale sou F¨°m 1040 a epi yo ka mande pou l¨°t f¨°m siplemant¨¨. 

Estanda vs. dediksyon detaye 

Pif¨° moun pran dediksyon estanda a, ki p¨¨m¨¨t ou retire yon kantite lajan fiks nan revni w baze sou estati ranpli w. 

Si depans ak p¨¨t dediktib (an angl¨¨) ou yo pi plis pase dediksyon estanda a, ou ka ekonomize lajan l¨¨ w retire yo youn pa youn nan revni ou (detaye). Lojisy¨¨l enpo ka f¨¨ w konnen depans ou ak p¨¨t yo pou montre opsyon ki ba w enpo ki pi ba a. 

Gen k¨¨k moun, sa gen ladan l moun ki pa rezidan yo ak moun ki ranpli pou yon pati nan ane a, pa ka pran dediksyon estanda a (an angl¨¨)

Montan dediksyon estanda 

Dediksyon estanda pou 2024 se: 

  • $14 600 pou moun selibat¨¨ oswa marye men ki ranpli separeman 
  • $29 200 pou koup marye ki ranpli ansanm oswa konjwen sivivan ki kalifye 
  • $21 900 pou ch¨¨f fanmi 

Jwenn dediksyon estanda a si w: 

Si w marye men w ranpli separeman, ou pa ka pran dediksyon estanda a si konjwen w detaye. Nou toulede dwe chwazi menm met¨°d la.

Depans dediktib 

Ou ka dedwi depans sa yo kit ou pran dediksyon estanda a oswa w detaye:

 Si w detaye, ou ka dedwi depans sa yo:

Jwenn repons pou kesyon sou dediksyon detaye ak dediksyon estanda a (an angl¨¨)