Enf¨°masyon sou taks ka difisil pou konprann nan kelkeswa lang. Sa ka menm pi difisil toujou si yo pa ofri enf¨°masyon sa yo nan lang prefere ou.
Nou ap travay pou nou ka mete resous sou taks nou genyen yo nan plis lang toujou. Antretan, noukreye gid sa a pou ede ou jwenn enf¨°masyon ou bezwen pou w peye taks ou dwe epi depoze deklarasyon revni pou taks federal ou.
Pif¨° lyen ki sou paj sa a ap mennen ou nan enf¨°masyon ki an angl¨¨.
Sou paj sa a, ou ap jwenn enf¨°masyon sou sij¨¨ sa yo:
- Dwa ou Genyen K¨°m Kontribyab
- Kiy¨¨s ki pou deklare taks
- Peye taks ou l¨¨ ou antre revni ou
- Deklarasyon taks pou t¨¨t ou ak fanmi ou
- Deklrasyon taks pou biznis ou
- Resevwa asistans pou prepare ranbousman taks ou
- Ranbousman
- Opsyon pou p¨¨man
- Resevwa asistans nan men IRS
- Enf¨°masyon sou taks ou
- Repons a kesyon ou poze sou taks
- S¨¨vis ent¨¨pretasyon
Dwa ou genyen antanke kontribyab
Tout kontribyab gen yon seri dwa fondamantal ke yo dwe konnen l¨¨ yo an af¨¨ ak IRS. Pou ede kontribyab ki ap kominike ak IRS yo konprann dwa yo, ajans lan prezante gwo pwen sou dwa sa yo nan Piblikasyon 1, Dwa ou Genyen K¨°m Kontribyab PDF.
Kiy¨¨s ki pou deklare revni
Pif¨° sitwayen Ameriken ak pif¨° moun ki ap travay nan peyi Etazini dwe peye taks sou revni yo touche ki depase yon kantite minim¨°m fiks. Menm si ou f¨¨ mwens pase minim¨°m nan, li ap bon pou ou deklare revni pou taks ou kanmenm. Pou w ka konnen si ou dwe deklare revni pou taks oubyen si pou pa deklare li, ale sou Eske Mwen Dwe F¨¨ Deklarasyon Revni pou Taks (an angl¨¨).
Anplwaye ki resevwa F¨°m W-2
Si ou antre k¨°b nan travay ou f¨¨ pou yon antrepriz, anplway¨¨ a dwe ba ou yon F¨°m W-2, ki vle di Atestasyon Sal¨¨ ak Taks (Wage and Tax Statement), ki montre total k¨°b ou antre a av¨¨k taks yo kenbe a. Si ou resevwa yon f¨°m W-2, li t ap bon pou ou deklare revni pou taks ou paske travay la te peye taks pou ou, kidonk pet¨¨t ou dwe mwens taks pase sa ou te peye a.
Travay¨¨ ti travay detanzantan yo
Travay¨¨ ti dj¨°b detanzantan yo f¨¨ lajan l¨¨ yo f¨¨ travay ki sou k¨°mand yo, l¨¨ yo bay s¨¨vis oubyen vann pwodui, souvan atrav¨¨ yon platf¨°m dijital tankou yon aplikasyon oswa sitw¨¨b. F¨°k ou peye taks sou lajan ou antre nan f¨°m travay sa a. Santral pou Taks pou Ti Dj¨°b Detanzantan yo ap ba ou enf¨°masyon ou bezwen pou respekte r¨¨gleman taks yo.
Moun ki ap travay ak t¨¨t yo
Ou ap travay ak t¨¨t ou si nenp¨°t nan eleman sa yo aplikab pou ou:
- Ou egz¨¨se yon pwofesyon oubyen yon antrepriz k¨°m s¨¨l pwopriyet¨¨ oubyen kontrakty¨¨l endepandan
- Ou f¨¨ pati yon sosyete patenarya ki egz¨¨se yon pwofesyon oswa antrepriz.
- Ou ap f¨¨ biznis pou t¨¨t pa ou (tankou yon biznis ou f¨¨ a tan pasy¨¨l)
Si ou ap travay ak t¨¨t ou, ou dwe peye taks sou revni ou touche, kidonk jeneralman ou gen obligasyon pou deklare ranbousman taks ou chak ane epi peye taks ou prevwa ke ou dwe chak trim¨¨s.
Jeneralman tou ou dwe peye taks pou moun ki ap travay ak t¨¨t yo. Sa a se taks sekirite sosyal ak Medicare prensipalman pou moun ki ap travay ak t¨¨t yo. Taks ou peye paske ou ap travay ak t¨¨t ou a kontribye nan pwoteksyon ou ap resevwa nan sist¨¨m Sekirite Sosyal la (Social Security). Pwoteksyon Sekirite Sosyal ba ou avantaj pou retr¨¨t, avantaj pou enfimite, avantaj pou moun ke yon defen kite d¨¨y¨¨, ansanm ak avantaj asirans (Medicare).
Pwopriyet¨¨ biznis
Nou gen Santral pou Taks pou Ti Antrepriz ak Moun ki ap Travay ak T¨¨t yo ki ofri enf¨°masyon sou taks pou kontribyab ki depoze F¨°m 1040 oswa 1040 SR, Bar¨¨m C, E, F (Schedules C, E, F) oswa F¨°m 2106, ansanm av¨¨k ti antrepriz ki gen mwens ke $10 milyon k¨°m byen.
Peye taks ou l¨¨ ou antre revni ou
Ou dwe peye taks sou revni federal pandan ou ap touche oubyen resevwa revni ou nan ane a, swa pa mwayen retansyon oswa p¨¨man sou taks ou prevwa ke ou dwe. Si k¨°b taks ou peye pa mwayen retansyon ak p¨¨man sou taks ou prevwa ke ou dwe a pa sifi, yo ka f¨¨ ou peye amand.
Prel¨¨vman taks (Tax Witholding)
Si ou se anplwaye, anplway¨¨ ki ba ou travay la probableman kenbe taks sou revni sou ch¨¨k ou epi peye IRS nan non ou.
Kantite k¨°b taks ke anplway¨¨ ou a kenbe sou p¨¨man regilye ke ou konn resevwa a depann de:
- Kantite k¨°b ou f¨¨ nan travay la
- Enf¨°masyon ou bay anplway¨¨ ou nan F¨°m W-4 la, S¨¨tifika Retansyon pou Anplwaye (Employee's Withholding Certificate)
Itilize sist¨¨m Estimat¨¨ Retansyon Taks nou ofri a pou ka verifye retansyon pa ou pou ka asire ke ou otorize yo kenbe ase lajan pou peye taks.
Taks ou estime (Estimated Taks)
Si ou ap travay ak t¨¨t ou, jeneralman ou dwe peye p¨¨man pou taks ou prevwa.
Sa ka rive ke ou dwe f¨¨ p¨¨man pou taks ou prevwa tou si ou atann ou ke w ap dwe $1,000 ou plis l¨¨ ou deklare taks ou. Sa ka rive si ou se pwopriyet¨¨ endividy¨¨l oswa yon patn¨¨ nan yon sosyete, oswa si ou f¨¨ ti dj¨°b detanzantan.
Yo ka f¨¨ ou peye amand si ou p¨¨man taks ou prevwa yo f¨¨t an reta, menm si yo dwe ou ranbousman l¨¨ ou deklare ranbousman taks pa ou.
Deklarasyon revni pou t¨¨t ou ak fanmi ou
Resevwa enf¨°masyon sou kijan pou deklare revni pou taks endividy¨¨l pou t¨¨t ou ak fanmi ou.
Kil¨¨ pou deklare revni
Pi souvan dat limit pou moun endividy¨¨lman oswa an fanmi depoze deklarasyon revni pou taks ak p¨¨man yo se 15 Avril. Ale sou paj nou an kons¨¨nan Kil¨¨ pou Deklare Revni (an angl¨¨) pou jwenn enf¨°masyon sou eksepsyon ak ekstansyon nan dat limit deklarasyon an.
Kisa ou ap bezwen pou deklare revni
Nimewo Idantifikasyon Kontribyab (Taxpayer Identification Number)
Se pou gen yon nimewo idantifikasyon kontrabyab sou tout dokiman ki gen rap¨° ak taks ou.
Pif¨° nimewo idantifikasyon kontribyab se nimewo Sekirite Sosyal (Social Security).
Si ou pa gen dwa a nimewo Sekirite Sosyal (Social Security), ou dwe itilize nimewo idantifikasyon kontribyab endividy¨¨l, ki rele ITIN. Yo bay ITIN s¨¨lman pou p¨¨m¨¨t moun deklare ak depoze revni federal
Yon ITIN pa:
- Otorize ou pou w travay nan Etazini.
- Ba ou dwa pou resevwa avantaj Sekirite Sosyal yo (Social Security benefits)
- Kalifye ou pou resevwa Kredi sou Taks sou Revni ou Touche
Kijan pou reklare revni ou
Deklarasyon elektwonik
Deklarasyon elektwonik ¨C ki rele e-filing ¨C se l¨¨ ou itilize yon lojisy¨¨l preparasyon taks pou voye deklarasyon revni ou bay IRS sou ent¨¨n¨¨t.
Si ou itilize e-file pou deklare revni ou, n¨°malman ou ap resevwa ranbousman taks pa w la avan 3 sem¨¨n apati dat nou resevwa dosye w la ¨C sa menm pi rapid toujou si ou chwazi pou yo depoze ranbousman pa w la sou kont bank ou. Nou gen plizy¨¨ opsyon pou e-file (an angl¨¨), tankou Deklarasyon Gratis (Free obÌåÓý).
Deklarasyon gratis (Free obÌåÓý)
Gras a Deklarasyon gratis, ou kapab prepare epi deklare revni pou taks federal ou gratis si ou s¨¨vi ak lojisy¨¨l preparasyon ak deklarasyon revni.
Kontribyab espesyal
Milit¨¨ ak veteran
Manm ak vetreran f¨°s ame Etazini (U.S. Armed Forces) yo benefisye de sitiyasyon ak avantaj taks espesyal ¨C tankou aks¨¨ a MilTax, ki se yon pwogram ki jeneralman ofri preparasyon ak deklarasyon revni gratis. Nou ofri enf¨°masyon sou taks pou manm milit¨¨ yo pou ede ou konprann kijan s¨¨vis sa yo afekte ou ak taks ou, kit ou se manm s¨¨vis aktif milit¨¨, rez¨¨vis, oswa veteran.
Kontribyab ent¨¨nasyonal
Obligasyon ou genyen k¨°m kontribyab ent¨¨nasyonal endividy¨¨l depann de si ou se sitwayen Ameriken, etranje ki gen rezidans (an angl¨¨), osinon etranje ki pa gen rezidans (an angl¨¨).
Si ou se sitwayen Ameriken oswa etranje ki gen rezidans, Etazini ap takse ou sou revni ou antre toupatou sou lat¨¨, k¨¨lkeswa kote ou abite.
Yo ap takse etranje ki pa gen rezidans yo s¨¨lman sou revni ki soti anndan peyi Etazini av¨¨k deseri revni ki gen rap¨° ak l¨¨ moun mennen biznis ou kom¨¨s nan peyi Etazini.
Deklrasyon revni pou biznis ou
Kisa ou ap bezwen pou deklare revni
Nimewo Idantifikasyon Anplway¨¨ (Employer Identification Number)
Pif¨° biznis ¨C ak tout anplway¨¨ ¨C bezwen yon Nimewo Idantifikasyon Anplway¨¨, ki rele EIN, pou yo ka deklare revni yo. Ou kapab f¨¨ demand pou yon EIN (an angl¨¨) sou ent¨¨n¨¨t epi ou ap resevwa nimewo pa w la imedyatman.
Taks pou biznis
Fason biznis ou a ¨°ganize ap det¨¨mine ki kalite taks pou biznis ou dwe peye epi kijan pou peye sa.
Pa bliye, ou dwe peye taks sou revni ou pa mwayen p¨¨man pou taks ou prevwa ke ou ap f¨¨ regily¨¨man pandan ane fiskal la.
Taks sou revni biznis
Tout biznis eksepte sosyete patenarya yo dwe deklare revni yo pou peye taks chak ane. Patenarya yo depoze yon f¨°m ki rele "information return" (deklarasyon enf¨°masyon).
Ou ap konnen ki kalite f¨°m pou depoze sa depann de fason biznis ou a ¨°ganize. Al konsilte ?ganizasyon Biznis Yo pou ka jwenn ki f¨°m pou depoze selon ki antite biznis ou te etabli.
Taks sou anplwa
Si ou gen anplwaye, ou ap dwe peye taks sou anplwa pou yo (an angl¨¨). Taks sou anplwa gen ladan li:
- Taks pou Sekirite Sosyal (Social Security) ak Medicare
- Retansyon pou taks sou revni federal (federal income tax witholding)
- Taks pou Chomaj Federal
Taks Patikilye (Excise Tax)
Ou kapab dwe peye taks patikilye (an angl¨¨) si biznis ou a:
- Fabrike oswa vann deseri pwodui
- Mennen deseri kalite antrepriz
- S¨¨vi ak div¨¨s kalite ekipman, enstalasyon, oswa pwodui
- Resevwa p¨¨man pou deseri s¨¨vis
Biznis ent¨¨nasyonal
Biznis etranje yo ki gen aktivite nan peyi Etazini, oswa biznis domestik ki gen aktivite andey¨° Etazini, dwe ranpli yon seri kondisyon patikilye pou biznis ent¨¨nasyonal yo.
Resevwa asistans pou prepare deklarasyon taks ou
Asistans gratis nan taks pou kontribyab kalifye
Aistans gratis ap disponib an p¨¨s¨°n nan plis pase 10,000 lokal atrav¨¨ tout peyi a gras a pwogram volont¨¨ pou preparasyon taks ke IRS s¨¨tifye. Ou kapab resevwa asistans sou ent¨¨n¨¨t tou atrav¨¨ Deklarasyon Gratis IRS (an angl¨¨).
Volunteer Income Tax Assistance (Asistans pou Taks sou Revni Volont¨¨)
Pwogram Volunteer Income Tax Assistance (VITA) (Asistans pou Taks sou Revni Volont¨¨) a ofri preparasyon deklarasyon revni pou taks senp gratis pou ede moun ki:
- Gen revni f¨¨b a modere (Low to moderate incomes)
- Andikape
- Gen Nivo Angl¨¨ Ba
Kons¨¨y Taks pou Moun Aje (Tax Counseling for the Elderly)
Pwogram Kons¨¨y Taks pou Moun Laj Avanse (Tax Counseling for the Elderly) (TCE) a ofri ¨¨d a tout kontribyab, espesyalman sa ki gen 60 tan ou plis. TCE espesyalize nan kesyon sou koze ki gen rap¨° ak pansyon ak retr¨¨t ki afekte inikman moun ki pi granmoun yo.
Anboche yon pwofesyon¨¨l nan zaf¨¨ taks
Si ou bezwen yon moun ki pou prepare deklarasyon taks sou revni ou, ou kapab chwazi yon pwofesyon¨¨l nan zaf¨¨ taks tou.
Sa a se yon desizyon enp¨°tan. Ou konfye pwofesyon¨¨l taks la pi gwo enf¨°masyon p¨¨son¨¨l ou. Yo gen enf¨°masyon sou maryaj ou, revni ou, pitit ou, nimewo Sekirite Sosyal ou (Social Security) ak detay sou lavi finansy¨¨ ou.
Pif¨° pwofesyon¨¨l taks bay s¨¨vis ki remakab. Men li posib pou ou chwazi move moun ki pou ede w prepare deklarasyon revni ou. Asire ou ke ou gade nan kons¨¨y sou kijan pou chwazi yon kontab taks (an angl¨¨).
Ranbousman
Depo dir¨¨k (Direct deposit)
Si yo dwe ou ranbousman sou lajan ou te peye pou taks ou, chwazi depo dir¨¨k (an angl¨¨) l¨¨ ou depoze dosye taks ou. Sa a se fason ki pi rapid pou resevwa ranbousman taks ou. Li gratis, epi li san danje.
Ou ka f¨¨ yo depoze ranbousman pa w la dir¨¨kteman nan twa kont bank ou mwens. L¨¨ ou s¨¨vi ak direct deposit (depo dir¨¨k), pa gen okenn ris pou moun ta v¨°l¨¨ ch¨¨k ou oswa pou li ta p¨¨di.
Suiv ki kote ranbousman pa w la ye
Kote Lajan Ranbousman pa m nan? se yon zouti ent¨¨n¨¨t ki ap ede ou suiv ki kote ranbousman taks ou a ye. Pou ka s¨¨vi ak zouti sa a, ou ap bezwen nimewo Sekirite Sosyal ou (Social Security) oswa ITIN, kondisyon matrimonyal ou deklare (filing status) revni ou epi kantite egzat ranbousman ou.
Nou peye pif¨° ranbousman nan mwens pase 21 jou. Ou dwe rele nou si:
- Sa gen plis pase 21 jou depi ou te deklare revni pou taks ou pa mwayen e-file.
- Sa gen plis pase 6 sem¨¨n depi ou te voye f¨°mil¨¨ sou papye a ba nou pa lap¨°s.
- Zouti ki rele Where's My Refund? (Kote Lajan Ranbousman pa m nan?) ap di ou pou w kontakte IRS.
Opsyon pou p¨¨man
Ou ka peye taks ou sou ent¨¨n¨¨t, pa telef¨°n oswa ak apar¨¨y p¨°tatif ou si ou itilize aplikasyon ki rele IRS2Go (an angl¨¨). Ale sou paj ±Ê¨¨³¾²¹²Ô nou ofri a pou plis rans¨¨yman.
Resevwa asistans nan men IRS
Pirataj taks
Pirat eseye v¨°l¨¨ lajan ou oswa enf¨°masyon p¨¨son¨¨l ou. Ret vijilan epi pa kite moun twonpe ou atrav¨¨ yon pirataj taks.
IRS pa p Âá²¹³¾¨¨:
- Kontakte ou pa im¨¨l, mesaj SMS oswa rezo sosyal yo pou mande ou enf¨°masyon p¨¨son¨¨l ak finansy¨¨ ou.
- Rele ou pou mande w peye imedyatman. Jeneralman, IRS ap voye yon l¨¨t ki gen yon fakti ladan li si ou dwe lajan taks.
- Egzije pou ou s¨¨vi ak yon met¨°d p¨¨man byen patikilye tankou kat debi peye davans (prepaid debit card), kat kado (gift card) oswa transfer telegrafik (wire transfer).
- Ba ou presyon pou di ou yo ap voye lapolis oswa l¨°t otorite lalwa arete w si ou pa peye.
- Menase ou pou di w ke yo ap konfiske p¨¨mi kondui ou, lisans biznis ou, oswa kondisyon imigrasyon ou (immigration status). Jan de menas sa yo se taktik ki kouran ke pirat itilize pou yo twonpe viktim yo.
- Egzije pou peye san yo pa ba ou yon chans pou ent¨¨woje yo oswa konteste kantite lajan ou dwe a.
- Rele ou pou yo di ou ke ou ap resevwa yon ranbousman ke ou pa t konnen.
V¨°l idantite
V¨°l idantite ki gen rap¨° a taks f¨¨t l¨¨ yon moun v¨°l¨¨ enf¨°masyon p¨¨son¨¨l ou ¨C tankou nimewo Sekirite Sosyal ou (Social Security number) oswa ITIN ¨C pou yo deklare revni pou taks epi reklame yon ranbousman ilegal.
¸é±ð°ì´Ç²Ô¨¨³Ù siy ki anonse v¨°l idantite yo epi pase a laksyon imedyatman si ou se yon viktim pou w ka pwoteje done ak idantite ou.
Sekou kont katastw¨°f
L¨¨ gen yon katastw¨°f ke gouv¨¨nman federal deklare, nou pote asistans kont dezas ak sekou ijans (an angl¨¨) pou nou ede moun ak biznis rekipere nan nivo ekonomik.
Nou bay kons¨¨y tou sou kijan pou prepare w kont katastw¨°f pou w kapab pwoteje t¨¨t ou, fanmi ou ak biznis ou.
Taxpayer Advocate Service (S¨¨vis Defans pou Kontribyab)
Taxpayer Advocate Service (TAS) se yon ¨°ganizasyon endepandan nan IRS ki la pou ede kontribyab yo e pwoteje dwa kontribyab yo. TAS ap ofri ou ¨¨d si:
- Pwobl¨¨m taks ou genyen an lakoz ou gen difikilte lajan
- Malgre ou eseye, ou pa t arive rezoud pwobl¨¨m nan ak IRS, osinon
- Ou panse ke sist¨¨m, pwosesis oswa pwosedi IRS yo pa reponn a bezwen moun k¨°m sa dwa.
Si ou kalifye pou asistans TAS, ki toujou gratis, yo ap f¨¨ tout sa ki posib pou yo ede w.
Ale sou sou ent¨¨n¨¨t oswa rele nan 877-777-4778.
Klinik pou Kontribyab Ti Revni (Low-Income Taxpayer Clinic)
Low Income Taxpayer Clinics (LITC) yo endepandan de IRS ak TAS. LITC yo defann moun ki gen nivo revni ki pi ba pase yon nivo patikilye epi ki bezwen rezoud pwobl¨¨m taks ak IRS.
LITC kapab defann kontribyab yo nan ka:
- Odit
- Kontestasyon (Appeals), ak
- Konfli sou rekouvreman (collection) lajan taks devan IRS ak nan tribinal.
Si Angl¨¨ se pa lang mat¨¨n¨¨l ou, LITC yo kapab ba ou rans¨¨yman sou dwa ak responsablite kontribyab yo nan l¨°t lang.
LITC yo ofri s¨¨vis yo gratis oswa pou yon fr¨¨ tou piti.
Pou plis enf¨°masyon oswa pou jwenn yon LITC ki pre ou, ale sou oswa telechaje Piblikasyon 4134 IRS, Klinik pou Kontribyab a Revni F¨¨b (an angl¨¨). Ou kapab resevwa yon kopi piblikasyon sa a tou si ou rele nan nimewo gratis IRS la ki se 800-829-3676.
Enf¨°masyon sou taks ou
Gade kont taks ou
Kont IRS (an angl¨¨) ou a ba ou aks¨¨ sekirize a enf¨°masyon kons¨¨nan kont taks federal (federal tax account) ou. Itilize kont ou an pou jwenn aks¨¨ a dosye ou yo sou ent¨¨n¨¨t, revize lis p¨¨man ou f¨¨ deja yo, epi pou w ka w¨¨ enf¨°masyon sou deklarasyon revni pou taks ou depoze ane sa a jan ou te voye orijinal la.
Resevwa transkripsyon taks ou
Si ou bezwen yon kopi enf¨°masyon orijinal ki nan deklarasyon revni pou taks ou, itilize Mande yon Transkripsyon. Transkripsyon an ap montre pif¨° eleman chak liy ki nan deklarasyon revni pou taks ou. Si ou bezwen AGI ¨C ki vle di "adjusted gross income" (revni brit ki ajiste) ¨C pou ka pwouve idantite ou devan IRS, ou ap jwenn li nan transkripsyon an.
Repons a kesyon ou poze sou taks
Sij¨¨ kons¨¨nan taks
Nou drese yon lis sou Sij¨¨ kons¨¨nan Taks (an angl¨¨) yo ki ap bay enf¨°masyon jeneral sou taks pou biznis ak pou moun endividy¨¨lman. Sij¨¨ kons¨¨nan Taks yo disponib nan lang ·¡²õ±è²¹²â¨°±ô, Chinwa (tradisyon¨¨l), Koreyen, Ris ak Vietnamyen.
Asistan pou Taks Enteraktif (Interactive Tax Assistant)
Asistan Enteraktif pou Enpo (an angl¨¨) nou ofri a se yon zouti ent¨¨n¨¨t ki ap reponn kesyon ou poze sou lwa taks yo. Li pale sou yon kantite sij¨¨ byen laj, tankou:
- Sou ki kalite revni yo ap prelve taks
- Si ou kalifye pou resevwa deseri kredi sou taks
- Kijan pou f¨¨ konnen nan ki sitiyasyon deklarasyon ou depoze a ye
- Ki moun ou kapab reklame k¨°m depandan sou deklarasyon revni pou taks ou
Asistan pou Kredi sou Revni ou Touche (Earned Income Tax Credit Assistant)
Si ou te travay ane pase men ou te touche yon revni ki ba oswa modere, pet¨¨t ou kalifye pou resevwa Kredi sou Revni ou Touche (an angl¨¨). Gras a kredi sou taks sa a, ou kapab toujou touche yon ranbousman menm si ou pa dwe okenn taks.
Itilize zouti Asistant EITC a pou verifye si ou kalifye.
S¨¨vis Ent¨¨pretasyon
Si ou pa rive jwenn repons sou kesyon enpo ou poze yo sou sit IRS.gov, nou kapab ofri ou asistans nan plis pase 350 lang gras a s¨¨vis ent¨¨pr¨¨t pwofesyon¨¨l. Pou s¨¨vis an espany¨°l, rele nan 800-829-1040. Pou tout l¨°t lang, rele nan 833-553-9895. Yon reprezantan IRS ap reponn ou epi li kapab:
- Ba ou yon ent¨¨pr¨¨t sou telef¨°n, oswa
- Kase randevou pou ou nan youn nan santral yo ki pi pre ou pou w kapab resevwa ¨¨d fas a fas. Tanpri note byen, biwo lokal nou yo bay s¨¨vis s¨¨lman kons¨¨nan sij¨¨ byen presi.