IR-2022-188, 21 okt¨°b 2022
WASHINGTON ¡ª S¨¨vis Revni Ent¨¨n te anonse jodiya, montan patikilye yo kapab kontribye nan plan 401(k) yo a nan 2023 a ogmante a $22,500, sou $20,500 li te ye pou 2022 a. IRS te bay jodiya tou gid teknik sou tout ajisteman kou lavi a ki afekte limit dola yo pou plan pansyon yo ak l¨°t bagay ki an rap¨° ak retr¨¨t pou ane fiskal 2023 a nan Avi 2022-55 (an angl¨¨) PDF, yo te pibliye jodiya sou IRS.gov.
Chanjman ki anonse pou 2023
Limit kontribisyon pou anplwaye ki patisipe nan plan 401(k), 403(b), ak majorite plan 457 yo, epi Plan Epay Retr¨¨t gouv¨¨nman an ogmante a $22,500, sou $20,500 li te ye a.
Limit sou kontribisyon any¨¨l nan yon IRA te ogmante a $6,500, sou $6,000 li te ye a. Limit kontribisyon pou ratrapaj IRA pou moun ki gen 50 lane ak plis pap nan yon ajisteman kou lavi any¨¨l e l ap rete $1,000.
Limit kontribisyon pou anplwaye ki patisipe nan plan 50 lane ak plis, ki patisipe nan plan 401(k), 403(b), ak majorite plan 457 yo, epi Plan Epay Retr¨¨t gouv¨¨nman federal la ogmante a $7,500, sou $6,500 li te ye a. Pa konsekan, patisipan nan plan 401(k), 403(b), ak majorite plan 457 yo, epi Plan Epay Retr¨¨t gouv¨¨nman federal la ki gen 50 lane ak plis, kapab kontribye jiska $30,000 apati 2023. Limit kontribisyon pou ratrapaj pou anplwaye ki genyen 50 lane ak plis ki patisipe nan plan SIMPLE yo ogmante a $3,500, sou $3,000 li te ye a.
Fouch¨¨t revni pou det¨¨mine elijibilite pou f¨¨ kontribisyon dediktib nan Plan Retr¨¨t Endividy¨¨l tradisyon¨¨l yo (IRA yo), pou kontribye nan Roth IRA yo, epi pou reklame Kredi Epay la, tout te ogmante pou 2023 a.
Kontribyab yo kapab dedui kontribisyon nan IRA tradisyon¨¨l si yo reponn ak yon seri kondisyon. Si pandan ane a, swa kontribyab la oubyen mari oswa madanm kontribyab la te asire nan yon plan retr¨¨t nan travay, dediksyon an ka diminye, oswa siprime ofiramezi, jiskaske li elimine, tou depann de kondisyon fiskal la ak revni a. (Si ni kontribyab la ni konjwen kontribyab la pa asire nan yon plan retr¨¨t nan travay, dedikdyon an pap ka siprime ofiramezi.) Men sipresyon ofiramezi yo pou 2023 a:
- Pou kontribyab ki asire nan yon plan retr¨¨t nan travay yo, fouch¨¨t sipresyon ofiramezi a ogmante ant $73,000 ak $83,000, soti nan ant $68,000 ak $78,000 li te ye a.
- Pou koup ki marye k ap deklare ansanm, si konjwen k ap f¨¨ kontribisyon an asire nan yon plan retr¨¨t nan travay, fouch¨¨t sipresyon ofiramezi a ogmante ant $116,000 ak $136,000, soti nan ant $109,000 ak $129,000 li te ye a.
- Pou yon kontribit¨¨ IRA ki pa asire nan yon plan retr¨¨t nan travay epi ki marye ak yon moun ki asire, fouch¨¨ sipresyon ofiramezi a ogmante ant $218,000 ak $228,000, soti nan ant $204,000 ak $214,000 li te ye a.
- Pou yon kontribyab ki marye k ap deklare apa epi ki asire nan yon plan retr¨¨t nan travay li, fouch¨¨t sipresyon ofiramezi a pap nan ajisteman kou lavi any¨¨l e l ap rete ant $0 ak $10,000.
Fouch¨¨t sipresyon ofiramezi revni pou kontribyab k ap kontribye nan yon Roth IRA ogmante ant $138,000 ak $153,000 pou selibat¨¨ ak ch¨¨f fwaye, soti nan ant $129,000 ak $144,000 li te ye a. Pou koup marye k ap deklare ansanm, fouch¨¨t sipresyon ofiramezi revni a ogmante ant $218,000 ak $228,000, soti nan ant $204,000 ak $214,000 li te ye a. Fouch¨¨t sipresyon ofiramezi pou yon kontribyab ki marye k ap deklare apa epi k ap kontribye nan yon Roth IRA pap nan ajisteman kou lavi any¨¨l e l ap rete ant $0 ak $10,000.
Limit revni pou Kredi Epayan an (yo konnen tou sou non Kredi Kontribisyon Epay Retr¨¨t) pou travay¨¨ ki gen revni ki f¨¨b ak modere yo se $73,000 pou koup marye k ap deklare ansanm, sou $68,000 li te ye a; $54,750 pou ch¨¨f fwaye, sou $51,000 li te ye al epi $36,500 pou selibat¨¨ ak patikilye ki marye k ap deklare apa, sou $34,000 li te ye anvan an.
Montan patikilye yo kapab kontribye nan kont retr¨¨t SIMPLE yo a ogmante a $15,500, sou $14,000 li te ye a.
Gen detay sou sa yo ak l¨°t ajisteman kou lavi ki an rap¨° ak retr¨¨t, pou lane 2023 a, nan Avi 2022-55 (an angl¨¨) PDF, li disponib nan