obÌåÓý

Kredi Enpo pou Timoun: Majorite fanmi kalifye yo ap resevwa peman mansy¨¨l yo otomatikman. Pou tout l¨°t moun yo, men twa (3) etap pou jwenn ¨¨d

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, r¨¨gleman oswa pwosedi akty¨¨l yo.

IR-2021-10, Jiy¨¨ 2021

Apati 15 jiy¨¨, plizy¨¨ milyon fanmi ameriken ap k¨°mane resevwa peman mansy¨¨l Kredi Enpo pou Timoun yo Depatman Trez¨° ak S¨¨vis Revni Ent¨¨n nan ap voye ba yo. Peman sa yo kouvri mwatye nan kredi fanmi yo gen chans pou resevwa l¨¨ yo depoze deklarasyon enpo federal sou revni 2021 yo.

Si ou kalifye epi ou te depoze deklarasyon enpo w la anvan, ou pa bezwen f¨¨ anyen. Peman yo ap k¨°manse rive otomatikman. Si ou panse ou kalifye epi ou potko deklare, moman an rive pou ou f¨¨ sa kounyea.

Kiy¨¨s k ap jwenn yon peman mansy¨¨l otomatikman?

Anjeneral, peman mansy¨¨l yo pral jwenn fanmi kalifye ki:

  • te depoze deklarasyon enpo federal 2019 oswa 2020 an.
  • Te itilize zouti Non-Deklaran an sou IRS.gov an 2020 pou enskri pou yon Peman Enpak Ekonomik.
  • Te deja itilize nouvo Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an sou IRS.gov pou enskri pou Avans Kredi Enpo pou Timoun nan.

Si ou te f¨¨ yonn nan bagay sa yo, ou pa bezwen f¨¨ anyen ank¨° pou ou jwenn avans peman an. IRS la ap voye yon l¨¨t (an angl¨¨) ba ou k ap di ou konbyen w ap jwenn.

N¨°malman, IRS la ap kalkile montan peman an dapre deklarasyon enpo 2020 an. Si deklarasyon sa pa disponib, swa paske li potko depoze, swa li potko trete, IRS la ap itilize deklarasyon 2019 la pou det¨¨minen montan peman an pito.

Fanmi kalifye yo ap resevwa peman avans yo, swa pa mwayen depo dir¨¨k, swa pa ch¨¨k. Chak peman ap jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen ant 6 ak 17 lane. IRS la ap bay peman avans CTC yo (Child Tax Credit - Kredi Enpo pou Timoun): 15 jiy¨¨, 13 dawout, 15 sektanm, 15 okt¨°b, 15 novanm ak 15 desanm.

Kiy¨¨s ki bezwen aji kounyea?

Si ou potko deklare oswa enskri ak IRS la, se moman pou ou f¨¨ sa kounya. Si ou f¨¨ sa bon¨¨, w ap k¨°manse resevwa peman mansy¨¨l yo bon¨¨.

Si ou pa s¨¨ten ou kalifye, IRS la gen yon pwosesis twa (3) etap ki kapab ede. Chak etap gen yon zouti anliy gratis, ki disponib sou IRS.gov s¨¨lman).

  • Etap 1: Itilize Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan pou ou w¨¨ si ou kalifye.
  • Etap 2: Si n¨°malman ou pa ranpli yon deklarasyon, itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an pou w enskri ak IRS la. Osinon, depoze yon deklarasyon nan IRS la.
  • Etap 3: Verifye estati peman mansy¨¨l ou yo epi itilize P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou ou aktyalize enf¨°masyon w yo. 

Etap 1: Asistan Kalifikasyon pou Avans Kredi Enpo pou Timoun nan

Anvan ou ranpli yon deklarasyon oswa itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an, ou ka vle panse ak itilize Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan. Zouti sa disponib kounyea an angl¨¨ ak pany¨°l. Malgre etap sa pa obligatwa, li ka byen itil ou si ou pa s¨¨ten ou kalifye swa pou kredi a swa pou peman avans yo. L¨¨ ou reponn yon seri kesyon, zouti a p¨¨m¨¨t ou det¨¨minen davans si ou dwe kalifye pou kredi a ak peman yo.

ENP?TAN: Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan pa mande ou enf¨°masyon p¨¨son¨¨l ou. Pou rezon sa, li pa yon zouti enskripsyon, men senpman yon zouti kalifikasyon. Sepandan, li kapab toujou ede ou det¨¨minen si ou ta dwe pase pwochenn etap la epi f¨¨ yon deklarasyon enpo oswa itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an pou w enskri.

Etap 2: Itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an pou ou enskri

Si Etap 1 di ou kalifye epi n¨°malman ou pa ranpli yon deklarasyon enpo, gade Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an. Si n¨°malman ou pa ranpli yon deklarasyon, ou ka itilize zouti sa a pou w enskri. Si ou te depoze yon deklarasyon 2019 oswa 2020, ou pa bezwen itilize zouti sa a pou w enskri epi ou kapab sote etap 3 a.

Pami l¨°t bagay, zouti a mande ou pou ou bay akty¨¨l enf¨°masyon bank¨¨ yo, ansanm av¨¨k detay enp¨°tan kons¨¨nan ou menm ak timoun kalifye ou genyen. Si ou te rate Peman Enpak Ekonomik yo nan ane 2020 an oswa ou pa t resevwa tout montan an, zouti a p¨¨m¨¨t ou reklame peman sa yo ou manke yo atrav¨¨ Kredi Ranbousman Rekiperasyon an. Epi zouti a ranpli otomatikman yon deklarasyon enpo sou revni federal 2020 bazik pou li voye bay IRS la sou f¨°m elektwonik.

Nouvo zouti a te devlope nan yon patenarya av¨¨k Intuit ak Alyans Deklarasyon Gratis la. Pou yon gid etap pa etap gratis sou k¨°man pou itilize zouti sa a, vizite IRS.gov/chiltaxcredit2021 epi ch¨¨che Piblikasyon 5538.

Osinon, ou kapab chwazi depoze yon deklarasyon enpo federal sou revni regilye pou ane 2019, 2020 oswa toude (2). Pou majorite moun, mwayen ki pi rapid ak pi fasil pou depoze yon deklarasyon pou 2020 se itilize sist¨¨m Deklarasyon Gratis la, ki disponib sou IRS.gov s¨¨lman. Anplis kalifye li kalifye ou pou peman avans sa yo, l¨¨ ou itilize deklarasyon Gratis la, sa ap p¨¨m¨¨t ou reklame l¨°t avantaj fiskal ki la pou fanmi yo, tankou Kredi Enpo sou Revni ak Kredi Ranbousman Rekiperasyon.

Keseswa se Deklarasyon Gratis oswa Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an ou itilize, IRS la av¨¨ti si yon deklarasyon f¨¨t kounyea l ap tw¨° ta pou li reflete nan premye gwoup peman mansy¨¨l ki pwograme pou f¨¨t 15 jiy¨¨. Men se toujou yon bon ide pou deklare kounyea. Se paske sa ap toujou p¨¨m¨¨t ou resevwa peman yo pita nan ane sa a. Menmsi peman mansy¨¨l ou yo k¨°manse apre Jiy¨¨, chak montan mansy¨¨l ap ajiste pou yo ogmante pou garanti ou toujou resevwa mwatye total alokasyon Kredi Enpo pou Timoun nan.

Etap 3: P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun

Apre ou fin deklare oswa enskri, ou kapab itilize yon l¨°t zouti pou kontwole oswa jere peman mansy¨¨l ou yo. P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan se yon zouti sekirize, ki pwoteje ak yon modpas w ap kapab itilize depi ou gen ent¨¨n¨¨t ak yon telef¨°n ent¨¨lijan oswa yon ¨°dinat¨¨. Pou k¨°manse, ou kapab itilize li pou:

  • Verifye Kalifikasyon;
  • Verifye estati peman ou yo;
  • Chanje kont labank ou resevwa peman ou yo;
  • Soti nan resevwa peman ou yo pa ch¨¨k pou ou pase nan depo dir¨¨k; oswa
  • Kite oswa anile enskripsyon nan peman mansy¨¨l yo.

Pita nan ane sa a, w ap kapab tou:

  • Mete ajou adr¨¨s postal ou;
  • Mete ajou enf¨°masyon kont labank ou;
  • Ajoute yon timoun ou f¨¨ oswa adopte an 2021;
  • Ajoute yon timoun ki kalifye an 2021 men ki pa t kalifye an 2020;
  • Retire yon timoun ki te kalifye an 2020 men ki pa kalifye an 2021;
  • Sinyale yon chanjman nan eta sivil ou; oswa
  • Sinyale yon chanjman nan revni ou.

Kiy¨¨s ki ta dwe kite oswa anile enskripsyon an?

Olye pou reseva peman sa yo, ou ka pito resevwa tout kredi a an antye l¨¨ ou depoze deklarasyon 2021 w lan. P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan p¨¨m¨¨t ou f¨¨ sa rapid epi fasil. Si ou f¨¨ chwa sa a, swa ou resevwa yon pi gwo ranbousman oswa ou genyen yon montan ki pi piti y ap ba ou l¨¨ ou deklare.

Fonksyonalite pou anile enskripsyon an kapab ede nenp¨°t fanmi ki pa kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan ank¨° oswa ki kw¨¨ yo p ap kalifye l¨¨ yo f¨¨ deklarasyon 2021 yo a. Sa te ka rive si, pa ekzanp:

  • Revni 2021 w lan tw¨° wo pou li kalifye ou pou kredi a.
  • Yon l¨°t moun (yon ansyen konjwen oswa yon l¨°t manm fanmi, pa ekzanp) kalifye kounyea pou deklare timoun ou yo antanke depandan.
  • W ap viv aletranje pandan pif¨° oswa tout ane 2021 an.

Antre sou P¨°tal Ajou a

Pou antre sou P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, ou dwe antre non itilizat¨¨ ak modpas IRS ou si ou deja gen kont tankou Jwenn Transkripsyon, Kont Anliy oswa PIN Pwoteksyon Idantite. Moun ki pa gen yon kont IRS dwe verifye idantite yo atrav¨¨ patn¨¨ ty¨¨s fyab ID.me oswa yo dwe itilize yon non itilizat¨¨ ak modpas ID.me yo te kreye pou ajans federal tankou Ajans Sekirite Sosyal la oswa Depatman Af¨¨ Veteran yo.

Tout moun ki pa gen ent¨¨n¨¨t osinon ki pa ka itilize zouti anliy lan ka anile enskripsyon an l¨¨ yo kontakte IRS la nan nimewo telef¨°n ki nan l¨¨t akonpayman IRS te voye ba yo a.

Kredi Enpo pou Timoun an 2021

IRS kreye yon paj espesyal pou Avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 an, ki la pou bay tout d¨¨nye enf¨°masyon kons¨¨nan kredi a ak peman avans yo. Li sou IRS.gov/childtaxcredit2021.

Pami l¨°t bagay, li bay lyen dir¨¨k nan Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan, Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an, P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, gid pou itilizat¨¨ gratis pou chak zouti sa yo, yon seri kesyon yo poze souvan ak l¨°t resous ki itil.

Chanjman nan Kredi Enpo pou Timoun yo

Plan Sovtaj Ameriken an te remonte Kredi Enpo pou Timoun maksim¨°m nan pou lane 2021 an nan $3 600 pou timoun ki gen mwens pase 6 lane yo epi nan $3 000 pou chak timoun pou timoun ki genyen ant 6 ak 17 lane yo. Anvan 2021, kredi a te val¨¨ jiska $2 000 pou chak timoun kalifye.

Nouvo kredi maksim¨°m nan disponib pou kontribyab ki genyen yon revni brit ajiste (Adjusted Gross Income, AGI):

  • $75 000 oswa mwens pou selibat¨¨ yo,
  • $112 500 oswa mwens pou ch¨¨f fwaye yo epi
  • $150 000 oswa mwens pou moun marye k ap f¨¨ deklarasyon konjwen ak v¨¨f epi v¨¨v kalifye yo.

Pou majorite moun, AGI modifye a se montan ki nan Liy 11 F¨°m 1040 oswa 1040-SR 2020 yo a. Piwo s¨¨y revni sa yo, montan siplemant¨¨ ki depase premye kredi $2 000 ¡ª swa $1 000 oswa $1 600 pou chak timoun ¡ª redui pa $50 pou chak $1 000 siplemant¨¨ nan AGI modifye a.

Anplis, kredi a totalman ranbousab pou 2021 an. Sa vle di, fanmi kalifye yo ka jwenn li, menmsi yo pa dwe enpo sou revni federal. Anvan ane sa a, pati ranbousab la te limite nan $1 400 pou chak timoun.

Ede mesaj la difize

IRS ankouraje gwoup kominot¨¨ yo, benev¨°l yo, asosyasyon yo, ¨°ganizasyon edikasyon yo, ak l¨°t ki gen koneksyon ak moun ki gen timoun yo pou pataje enf¨°masyon enp¨°tan sa kons¨¨nan Kredi Enpo pou Timoun nan ansanm ak l¨°t gwo avantaj yo tou. Pami l¨°t bagay, IRS la ap travay kole sere ak kominote patn¨¨ li yo pou li garanti tout moun gen aks¨¨ ak Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an. Ajans lan ap kominike matery¨¨l adisyon¨¨l ak enf¨°masyon ki ka pataje fasilman atrav¨¨ medya sosyal, im¨¨l, ak l¨°t met¨°d tou.

Pou tout d¨¨nye enf¨°masyon kons¨¨nan Kredi Enpo pou Timoun nan ak p¨¨man avans yo, vizite Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo an 2021.