IR-2021-171, 30 dawou 2021
WASHINGTON ¡ª S¨¨vis Revni Ent¨¨n nan lanse yon nouvo fonksyonalite k ap p¨¨m¨¨t tout fanmi resevwa peman mansy¨¨l Kredi Enpo pou Timoun yo pou yo kapab aktyalize adr¨¨s bwat postal yo rapid epi fasil pandan y ap itilize P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, yo kapab jwenn sou IRS.gov s¨¨lman. Fonksyonalite sa ap ede anpil fanmi ki chwazi resevwa peman yo sou f¨°m papye ch¨¨k evite reta nan voye ch¨¨k yo oswa menm f¨¨ retounen yon ch¨¨k k¨°m yon ch¨¨k ki pa ka livre.
Tout fanmi kapab f¨¨ voye ch¨¨k septanm ak l¨°t ch¨¨k yo nan nouvo adr¨¨s yo a l¨¨ yo itilize p¨°tal la pou f¨¨ yon demann chanjman adr¨¨s. Pou chanjman an f¨¨t an septanm, moun yo bezwen ranpli demann nan anvan minwi L¨¨ Oriyan, 30 dawou. Fanmi yo kapab toujou f¨¨ chanjman yo apre dat sa, men yo p ap reponn demann yo a anvan pwochen peman mansy¨¨l ki pwograme a.
Si ou itilize P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou w chanje adr¨¨s bwat postal ou, IRS la ap itilize nouvo adr¨¨s bwat postal ou a pou tout l¨°t korespondans IRS yo, pou fonksyonalite chanjman adr¨¨s la kapab itil kontribyab k ap resevwa peman pa depo dir¨¨k yo. Pa ekzanp, IRS la voye yon rezime deklarasyon (L¨¨t 6419) nan fen ane a pa lap¨°s bay tout kontribyab ki te resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo nan 2021 an epi l¨¨ yo genyen adr¨¨s akty¨¨l yo nan dosye yo nan IRS la sa ap garanti deklarasyon an livre rapid.
Fanmi yo ap bezwen L¨¨t 6419 la pou yo ranpli deklarasyon enpo sou revni federal pou 2021 yo a rapid epi k¨°r¨¨k l¨°t ane. Sa enp¨°tan, paske, pou majorite fanmi yo, peman avans y ap resevwa nan 2021 an kouvri mwatye tout kredi a s¨¨lman. Y ap reklame p¨°syon ki rete a nan deklarasyon enpo pou 2021 an.
Fonksyonalite chanjman adr¨¨s la se yonn nan yon seri s¨¨vis k ap ogmante ki disponib sou P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan. P¨°tal sa, ki disponib sou IRS.gov s¨¨lman, deja p¨¨m¨¨t fanmi yo verifye kalififikasyon yo pou peman yo epi depi yo chwazi f¨¨ sa, y ap kapab:
- Soti nan papye ch¨¨k pou pase nan depo dir¨¨k;
- Chanje kont kote peman yo depoze dir¨¨k la; oswa
Kanpe peman mansy¨¨l yo pou r¨¨s ane 2021 an.
Nenp¨°t nan chanjman sa yo ki f¨¨t anvan minwi L¨¨ Oriyan, 30 dawou, ap aplike pou peman 15 septanm ap pou peman mansy¨¨l annapre yo, ki pwograme pou f¨¨t 15 okt¨°b, 15 novanm, ak 15 desanm.
Gen l¨°t amelyorasyon ki planifye pou f¨¨t nan P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan
Pita ane sa a, fanmi yo ap kapab itilize zouti P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan tou pou yo:
- Mete oswa retire timoun yo nan majorite sitiyasyon yo;
- Sinyale yon chanjman eta sivil yo; oswa
- Sinyale yon gwo chanjman nan revni yo.
D¨¨nye enf¨°masyon pou peman Kredi Enpo pou Timoun yo sou IRS.gov
IRS la te kreye yon paj espesyal pou avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 ki la pou bay tout d¨¨nye enf¨°masyon sou kredi ak peman avans yo. Pou plis enf¨°masyon, vizite IRS.gov/childtaxcredit2021.
Paj w¨¨b la afiche kounyea yon seri kesyon yo poze souvan ki aktyalize ak nouvo Piblikasyon 5549, Gid pou Itilizat¨¨ IRS: P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun (an angl¨¨) PDF. Li gen lyen ki ouvri p¨°tal la dir¨¨k, ansanm av¨¨k de (2) l¨°t zouti anliy ¡ª Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an ak Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan ¡ª ak l¨°t resous ki itil.