Kons¨¨y Fiskal IRS 2023-38, 23 Mas 2023
Yon fwa moun yo fin ranpli epi f¨¨ deklarasyon enpo sou revni yo, anpil nan yo ap tann nenp¨°t ranbousman yo ka dwe yo. K¨¨lkeswa fason yon kontribyab planifye pou itilize ranbousman enpo yo, diferansye reyalite ak fiksyon ka ede jere atant yo pandan y ap tann lajan yo. Kons¨¨y sa a retire k¨¨k mit ranbousman enpo federal ke anpil moun kw¨¨ yo se verite, men yo se pi bon jan fiksyon.
Mit: Rele IRS la, yon founis¨¨ lojisy¨¨l enpo oswa yon pwofesyon¨¨l enpo ap bay yon dat ranbousman pi egzak
Anpil moun panse pale ak IRS la oswa founis¨¨ lojisy¨¨l enpo yo oswa pwofesyon¨¨l enpo yo se pi bon fason pou ch¨¨che konnen ki l¨¨ yo pral jwenn ranbousman yo. Pi bon fason pou tcheke estati yon ranbousman se atrav¨¨ zouti Kote Ranbousman Mwen An? oswa aplikasyon IRS2Go a.
Kontribyab yo kapab rele liy dir¨¨k ranbousman otomatik la tou nan 800-829-1954 pou jwenn estati ranbousman yo. Liy dir¨¨k sa a gen menm enf¨°masyon ak Kote Ranbousman Mwen An? Li pa neses¨¨ pou rele IRS la sof si "Kote Ranbousman Mwen An?" di pou w f¨¨ sa.
Mit: Kote Ranbousman Mwen An? dwe f¨¨ er¨¨ paske pako gen dat depo
Anjeneral yo mete Kote Ranbousman Mwen An" ?ak aplikasyon mobil IRS2Go yo ajou, yon fwa pa jou pandan lannwit lan. Menmsi IRS la bay pif¨° ranbousman yo nan 21 jou, li posib pou yon ranbousman ka pran plis tan. Si IRS la bezwen plis enf¨°masyon pou trete yon deklarasyon, ajans lan pral kontakte kontribyab la pa lap¨°s. Kontribyab yo ta dwe konsidere tou kantite tan li pran pou bank yo kredite ranbousman an nan kont kontribyab la. Moun k ap tann yon ranbousman pa lap¨°s ta dwe planifye pou plis tan.
Mit: Kote Ranbousman Mwen An? dwe f¨¨ er¨¨ paske montan ranbousman an pi piti ke sa mwen te prevwa
Gen plizy¨¨ fakt¨¨ (an angl¨¨) ki ta ka lak¨°z yon ranbousman enpo pi piti pase sa w te espere. IRS la pral voye yon l¨¨t eksplikasyon pa lap¨°s bay kontribyab la si li f¨¨ k¨¨k ajisteman. Gen k¨¨k kontribyab ki ka resevwa yon l¨¨t tou nan men Biwo S¨¨vis Fiskal Depatman Trez¨° a si yo te redwi ranbousman yo a pou konpanse s¨¨ten obligasyon finansye. Anvan w rele, kontribyab yo ta dwe tcheke zouti Kote Ranbousman Mwen An? oswa tann l¨¨t la pou konprann poukisa chanjman an te f¨¨t. Sa ka ede kontribyab yo konnen kijan pou yo reponn/reyaji.
Mit: L¨¨ w resevwa yon ranbousman ane sa a, sa vle di pa gen okenn nesesite pou ajiste prel¨¨vman pou ane fiskal 2023 a
Pou evite yon sipriz ane pwoch¨¨n, kontribyab yo ta dwe f¨¨ chanjman kounye a. Youn nan fason yo f¨¨ sa, se ajiste prel¨¨vman enpo yo ak anplway¨¨ yo a. Zouti Estimat¨¨ Prel¨¨vman Enpo a ka ede kontribyab yo det¨¨mine si patwon yo ap prelve bon montan lajan an.
Yo ankouraje kontribyab ki f¨¨ esperyans yon ev¨¨nman lavi tankou maryaj, div¨°s, oswa nesans oswa adopsyon yon timoun, oswa ki pa kapab reklame yon moun k¨°m yon depandan, tcheke prel¨¨vman yo. Kontribyab yo ka s¨¨vi ak rezilta Estimat¨¨ Prel¨¨vman Enpo a pou ranpli yon nouvo F¨°m W-4, S¨¨tifika Prel¨¨vman Anplwaye, epi soum¨¨t li bay patwon yo osi vit posib. Prel¨¨vman an ap f¨¨t pandan tout ane a, kidonk li pi bon pou w pran etap sa a osi vit posib.