COVID Tax Tip 2021-167, November 10, 2021
IRS la te lanse yon nouvo fonksyonalite nan P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, k ap p¨¨m¨¨t fanmi yo resevwa peman avans kredi enpo pou timoun mansy¨¨l yo pou aktyalize revni yo.
Fanmi yo ta dwe rantre chanjman yo anvan 29 Novanm, pou chanjman yo ka reflete peman Desanm nan. Depi aktyalizasyon an fin f¨¨t, IRS la ap ajiste montan peman an pou li rasire li tout moun resevwa peman avans total yo pou ane a. Pou koup ki marye yo, si youn nan konjwen yo f¨¨ aktyalizasyon revni, l ap aplike pou toude (2) konjwen yo e sa ka gen enpak sou peman avans mansy¨¨l kredi enpo pou timoun pou toude (2) konjwen yo alavni.
Kiy¨¨s ki ta dwe itilize fonksyonalite revni a
Nouvo fonksyonalite revni a kapab ede fanmi yo rasire yo
Nouvo fonksyonalite revni a kapab ede fanmi yo rasire yo si y ap benefisye bon montan peman avans kredi enpo pou timoun yo pandan 2021 an. Li itil espesyalman pou tout fanmi ki vle ogmante oswa diminye peman mansy¨¨l yo paske revni 2021 yo te gen gwo chanjman nan 2020 an.
Nan anpil ka, yon gwo balans nan revni a kapab ogmante oswa diminye peman mnasy¨¨l yon fanmi. N¨°malman, sa vle di, ti chanjman ki f¨¨t nan revni yo p ap genyen enpak sou montan peman an e yo p ap bezwen rantre nan CTC UP a.
Chanjman ki f¨¨t anvan minwi nan 29 Novanm yo ap gen enpak sou peman 15 Desanm nan s¨¨lman, ki se d¨¨nye peman mansy¨¨l ki pwograme pou 2021 an. Peman nan 2021 an ka jiska $1,800 pou chak timoun ki genyen mwens pase 6 lane epi jiska $1,500 pou chak timoun ki genyen soti 6 rite 17 lane.
Fanmi yo bezwen reklame p¨°syon kredi enpo pou timoun yo a ki rete a nan deklarasyon taks 2021 yo.
Kiy¨¨s ki ka kalifye pou yon pi gwo peman
Nan k¨¨k ka, fanmi yo ap resevwa peman mansy¨¨l yo akty¨¨lman, ki pi ba pase maksim¨°m nan ka kalifye pou f¨¨ peman yo ogmante. Pa egzanp, yo te p¨¨di travay yo pandan 2021 an, oswa pou k¨¨k l¨°t rezon, y ap resevwa revni ki pi piti anpil ane sa a. Si rediksyon an gwo ase, deklare chanjman sa a kounyea ka ogmante montan peman avans CTC yo a pou r¨¨s ane sa a.
Pou tout fanmi ki deja ap resevwa peman maksim¨°m nan, yon rediksyon nan revni an p ap ogmante montan peman an.
Majorite fanmi yo ap resevwa mwatye CTC total pa mwayen peman mansy¨¨l yo. Sa vle di, tout chanjman yo rantre nan CTC UP a ap ogmante oswa diminye peman mansy¨¨l yo pou rasire yo resevwa mwatye total kredi yo t ap tann nan anvan fen ane 2021 an.
Kiy¨¨s ki ta dwe f¨¨ redui peman yo
Tout fanmi ki gen revni yo ki te ogmante anpil nan 2021 an ta dwe panse ak itilize P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou aktyalize revni yo epi f¨¨ redui peman yo. Yo dwe f¨¨ sa sitou si kounyea y ap resevwa peman mansy¨¨l maksim¨°m nan, epi espere kalifye pou mwens pase tout kredi a. Pou plis enf¨°masyonn sou kalkil CTC a, gade Sij¨¨ C nan kesyon yo poze souvan. Fanmi ki kalifye pou mwens pase tout montan ta dwe gade QC 4 ak QC 5.
Itilize p¨°tal la pou deklare chanjman nan revni yo
S¨¨lman fanmi ki deja elijib pou epi k ap resevwa peman avans CTC yo ki baze sou deklarasyon taks 2020 yo ap kapab itilize CTC UP a pou aktyalize revni yo. Yon moun ki te depoze yon deklarasyon konjwen pou 2020 kapab aktyalize revni yo s¨¨lman si yo planifye depoze yon deklarasyon konjwen pou 2021 an av¨¨k menm konjwen an. Reprezantan IRS yo pa kapab trete chanjman nan revni yo nan telef¨°n oswa nan Sant Asistans Kontribyab yo.
Apre yon fanmi fin f¨¨ yon aktyalizasyon nan revni yo, CTC UP a ap rekon¨¨t chanjman an men li p ap afiche chanjman an. Menm jan an, reprezantan IRS yo p ap kapab konfime yon aktyalizasyon.