obÌåÓý

Depoze yon deklarasyon enpo federal menm si sa pa obligatwa sa ka mete lajan nan p¨°ch kontribyab yo

Kons¨¨y fiskal IRS 2024-34, 16 avril 2024

Gen k¨¨k moun ki chwazi pa ranpli yon deklarasyon enpo paske yo pa legalman oblije ranpli, men yo ka rate kredi enpo ranbousab oswa yon ranbousman enpo sou revni. Sa ta ka aplike pou yon moun si yo:

  • Yo te prelve enpo federal sou sal¨¨ yo.
  • Te f¨¨ peman enpo estime.
  • Kalifye pou reklame kredi enpo ranbousab.

Pa rate kredi enpo ki gen anpil val¨¨

K¨¨k kredi enpo moun ka reklame nan yon deklarasyon enpo federal si yo elijib gen ladan yo:

  • Kredi Enpo sou Revni W Touche ¨C EITC ede travay¨¨ ki te touche $63 398 oswa mwens an 2023 l¨¨ yo ranpli yon deklarasyon enpo federal. Kontribyab yo ka itilize Asistan EITC sou IRS.gov pou tcheke si yo kalifye.
  • Kredi Enpo pou Timoun ¨C Kontribyab yo ka reklame Kredi Enpo pou Timoun si yo te gen yon timoun ki kalifye ki poko gen 17 an nan fen ane 2023 a.
  • Kredi pou L¨°t Depandan yo ¨C Kontribyab ki pa kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun yo ka kalifye pou Kredi pou L¨°t Depandan yo. Sa gen ladann l moun ki gen:
    • Timoun depandan ki gen 18 an oswa plis nan fen ane 2023.
    • Paran oswa l¨°t moun ki kalifye yo sip¨°te.
  • Kredi edikasyon (an angl¨¨) ¨C Kredi Enpo Op¨°tinite Ameriken an se pou depans edikasyon kalifye pou kat premye ane edikasyon sipery¨¨. Kredi Edikasyon Avi a se pou ekolaj kalifye ak depans ki gen rap¨° ak sa, pou el¨¨v ki kalifye, ki enskri nan yon enstitisyon edikasyon¨¨l ki kalifye.

Jwenn ¨¨d pou w deside si w dwe ranpli

Asistan Enpo Ent¨¨aktif la (an angl¨¨) bay repons pou anpil kesyon lwa fiskal komen, ki baze sou sikonstans espesifik yon moun. Li ka ede yon moun deside si yo ta dwe ranpli yon deklarasyon enpo epi si yo kalifye pou anpil kredi enpo komen.

Zouti a gen sekirite. Itilizat¨¨ a rete anonim epi l suprime enf¨°masyon yo bay yo l¨¨ yo s¨°ti kite zouti a.

Ranpli Elektwonikman (E-file) pou jwenn yon ranbousman pi vit

Fason ki pi rapid pou jwenn yon ranbousman enpo se ranpli elektwonikman epi chwazi depo dir¨¨k. IRS bay pif¨° ranbousman pou deklarasyon elektwonik ki ranpli nan mwens pase 21 jou.

Ab¨°ne nan kons¨¨y fiskal IRS yo (an angl¨¨)