obÌåÓý

Bay plis, enpo gratis: Pwopriyet¨¨ IRA ki elijib yo ka bay jiska $105 000 an 2024

IR-2024-289, 14 Novanm 2024

WASHINGTON ¡ª S¨¨vis Revni Ent¨¨n raple pwopriyet¨¨ aranjman pou retr¨¨t endividy¨¨l (IRA) ki gen laj 70? ak plis yo ka bay jiska $105 000 nan don charitab, ki pa sij¨¨ a enpo, pandan ane 2024 la atrav¨¨ distribisyon charitab ki kalifye. Se yon ogmantasyon an konparezon ak limit $100 000 ane anvan yo.

Pou moun ki gen laj 73 oswa plis, distribisyon charitab ki kalifye (QCD) konte tou nan distribisyon minim¨°m obligatwa (RMD) pou ane a.

Anjeneral, distribisyon IRA enpozab, men QCD yo pa enpozab si administrat¨¨ a voye l dir¨¨kteman bay yon ¨°ganizasyon charitab ki kalifye. Pou f¨¨ yon QCD pou ane 2024, pwopriyet¨¨ IRA yo ta dwe kontakte administrat¨¨ IRA yo anvan lontan pou asire l tranzaksyon an fin f¨¨t anvan ane a fini.

Chak pwopriyet¨¨ IRA elijib kapab eskli jiska $105 000 QCD nan revni ki enpozab. Koup marye yo, si toulede satisf¨¨ kalifikasyon yo epi yo gen IRA separe, ka bay jiska $210 000 ansanm. QCD yo pa egzije dediksyon detaye.

Pou moun ki planifye alavans, k¨°manse ane sa a, limit QCD a sij¨¨ a ajisteman any¨¨l, ki baze sou enflasyon. Pou rezon sa a, limit QCD any¨¨l la ap monte a $108 000 an 2025.

Rap¨°te ak dokimante QCD yo

Pou ane 2024, yo ta dwe rap¨°te QCD yo sou deklarasyon enpo 2024 la. Administrat¨¨ IRA yo pral bay F¨°m 1099 -R, Distribisyon Pansyon, Anwite, Plan pou Retr¨¨t oswa Pwofi Pataje, IRA, Kontra Asirans, elatriye (an angl¨¨), nan k¨°mansman ane 2025 pou dokimante distribisyon IRA.

Kantite total nenp¨°t distribisyon IRA ale sou Liy 4a nan F¨°m 1040, Deklarasyon Enpo Endividy¨¨l sou Revni Ozetazini, oswa F¨°m 1040-SR, Deklarasyon Enpo Ozetazini pou Granmoun Aje (an angl¨¨). Antre "0" sou Liy 4b si tout kantite lajan an se yon QCD, make li k¨°msadwa.

Donat¨¨ yo dwe jwenn yon rekonesans alekri nan men ¨°ganizasyon charitab la ki montre dat kontribisyon an, kantite lajan ak konfimasyon pa gen okenn machandiz oswa s¨¨vis yo te resevwa.

Pou plis detay, gade Piblikasyon 526, Kontribisyon Charitab ak Piblikasyon 590- B, Distribisyon ki soti nan Aranjman pou Retr¨¨t Endividy¨¨l (IRA) yo (an angl¨¨).