Konsèy sou Taks IRS 2021-82, Jen 9, 2021
Rive sezon lete a se kòmansman sezon maryaj yo tou. Maryaj chanje anpil bagay e taks yo se youn ladan yo. Moun ki fenk marye yo ta dwe konnen kòman mare ne a kapab afekte sitiyasyon fiskal yo.
Men yon lis kontwòl fiskal pou koup ki fenk marye yo:
Non ak adrès chanje
- Non. Lè yon non chanje atravè maryaj, li enpòtan pou siyale chanjman sa bay Administrasyon Sekirite Sosyal la. Non ki sou deklarasyon enpo yon moun dwe menm ak non ki nan yon dosye nan SSA (Social Security Administration - Administrasyon Sekirite Sosyal). Si yo pa menm, sa ka retade nenpòt ransbousman fiskal. Pou aktyalize enfòmasyon yo, kontribyab yo te dwe soumèt 贵ò尘 SS-5, Aplikasyon pou yon Kat Sekirite Sosyal. Li disponib sou , oswa lè ou rele 800-772-1213 oswa nan yon biwo SSA lokal.
- 础诲谤è蝉. Si maryaj vle di yon chanjman adrès, IRS ak Sèvis Lapòs Etazini bezwen konnen. Pou fè sa, moun yo ta dwe voye S 贵ò尘 8822, Chanjman Adrès (an anglè) IRS la. Kontribyab yo ta dwe enfòme sèvis lapòs la pou voye lèt lapòs yo lè yo ale sou entènèt sou oswa nan biwo lapòs lokal yo.
笔谤别濒è惫尘补苍
- Apre yo fin marye, koup yo ta dwe panse ak chanje prelèvman yo. Koupo ki fenk marye yo dwe bay anplwayè yo yon nouvo 贵ò尘 W-4, Alokasyon 笔谤别濒è惫尘补苍 Anplwayè a nan 10 jou. Si toude (2) konjwen yo ap travay, yo ka pase nan yon tranch enpo ki pi gwo oswa yo ka afekte pa enpo asirans maladi adisyonèl (an anglè) la. Yo kapab itilize Estimatè 笔谤别濒è惫尘补苍 Enpo sou IRS.gov pou ede konplete yon nouvo 贵ò尘 W-4. Kontribyab yo ta dwe revize Piblikasyon 505, 笔谤别濒è惫尘补苍 Enpo ak Enpo Kalkile (an anglè)pou plis enfòmasyon.
Kondisyon fiskal
- Moun marye yo ka chwazi fè deklarasyon enpo federal yo konjwen oswa separe chak ane. Pandan deklarasyon konjwen yo gen plis avantaj dabitid, li pi bon pou kalkile enpo yo nan toude (2) fason pou wè kiyès ki pi bon. Sonje, si yon koup marye nan 31 Desanm, lwa a di yo marye pou tout ane a pou yon seri rezon ki gen pou wè ak enpo.
Anak yo
- Tout kontribyab ta dwe konsyan epi evite anak fiskal. IRS la p ap janm itilize imèl, apèl telefòl, medya sosyal oswa mesaj tèks pou l kontakte nou. Premye kontak vini nan bwat lapòt jenrealman. Sila yo k ap mande tèt yo si yo dwe IRS la lajan kapab gade enfòmasyon sou kont fiskal yo (an anglè) (an anglè) sou IRS.gov pou yo konnen.