obÌåÓý

IRS k¨°manse korije deklarasyon taks pou esklizyon revni nan konpansasyon pou chomaj yo; peman regilye ap f¨¨t apati Me rive nan sezon lete

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, r¨¨gleman oswa pwosedi akty¨¨l yo.

IR-2021-111, May 14, 2021

WASHINGTON- S¨¨vis Revni Ent¨¨n nan (The Internal Revenue Service) ap k¨°manse bay ranbousman yo (an angl¨¨) semenn sa a pou kontribyab ki te peye taks sou konpansasyon pou chomaj 2020 an Plan Sovtaj Ameriken an ki te pwomilge k¨°m lwa tou d¨¨nyeman an te retire pami revni ki taksab yo.

IRS (Internal Revenue Service, S¨¨vis Revni Ent¨¨n) la te idantifye plis pase 10 milyon kontribyab ki te f¨¨ deklarasyon taks yo anvan Plan Sovtaj Ameriken an te vin lwa an Mas e li ap analize deklarasyon sa yo pou li ka det¨¨minen bon konpansasyon pou chomaj ki taksab, ak taks. Sa ka debouche sou yon ranbousman, yon balans redwi yo dwe oswa okenn chanjman nan taks yo (pa gen ranbousman pou peye ni montan yo dwe).

Koreksyon sa yo ap f¨¨t otomatikman, nan yon apw¨°ch pa etap, sa ap aleje fado kontribyab yo. Premye etap la k¨°manse deja e li genyen ladan li deklarasyon ki pi senp yo. Etap annapre a ap genyen deklarasyon ki pi konplike yo IRS konte pran nan fen sezon lete a pou analize epi korije yo.

Premye etap ajisteman an ap f¨¨t pou kontribyab an patikilye ki genyen deklarasyon ki pi senp yo, tankou sa yo ki te f¨¨t pa kontribyab ki pa t reklame kredi fiskal pou timoun oswa l¨°t kredi ranbousab.

Apati ef¨° sa a, IRS la ap bay ransbousman pa mwayen depo dir¨¨k pou kontribyab ki te bay enf¨°masyon kont labank yo nan deklarasyon taks 2020 yo a. Si enf¨°masyon sou kont labank yo pa disponib, ranbousman an ap f¨¨t pa lap¨°s sou f¨°m papye ch¨¨k nan adr¨¨s ki nan dosye yo. IRS la ap kontinye ak ranbousman yo jiskaske li fin analize epi ajiste tout deklarasyon li te idantifye yo.

Ranbousman sa yo ap swiv prensip n¨°mal konpansasyon an, tankou taks federal ki pa peye atan yo, taks sou revni leta, d¨¨t leta a sou konpansasyon pou chomaj, pansyon alimant¨¨ pou timoun, pansyon alimant¨¨ pou konjwen, oswa k¨¨k d¨¨t federal ki pa gen pou w¨¨ ak taks (tankou pr¨¨ etidyan). IRS la ap voye yon avi apa bay kontribyab la si ranbousman an konpanse pou peye d¨¨t ki poko peye yo.

IRS la ap voye bay kontribyab yo yon avi ki bay detay sou koreksyon yo, yo ta dwe atann sa nan trant jou apre koreksyon yo f¨¨t. Kontribyab yo dwe kons¨¨ve nan dosye yo tout avi yo jwenn. Kontribyab yo dwe analize deklarasyon yo apre yo fin resevwa avi IRS yo.

Koreksyon nan Kredi Fiskal sou Revni ki Rantre (EITC) san timoun kalifye ak Kredi Ranbousman Rekiperasyon an ap f¨¨t otomatikman antanke yon pati nan pwosesis la. Sepandan, k¨¨k kontribyab ka kalifye pou k¨¨k kredi fiskal ki chita sou revni ki pa t deklare nan premye deklarasyon yo a, tankou EITC pou timoun kalifye yo. Si se ta leka, yo dwe f¨¨ yon deklarasyon taks amande si montan revni brit ajiste ki revize a rann yo elijib pou benefisye avantaj adisyon¨¨l yo.

Koreksyon ki pi konplike yo ap k¨°manse l¨¨ premye etap la fini epi l ap enplike koup kap f¨¨ deklarasyon antanke marye k ap f¨¨ deklarasyon konjwen.

Konpansasyon pou chomaj se yon revni ki taksab. Plan Sovtaj Ameriken an eskli $10 200 nan konpansasyon pou chomaj 2020 an, nan revni yo itilize pou kalkile montan taks yo dwe yo. Esklizyon $10 200 pa p¨¨s¨°n nan aplike pou kontribyab, patikilye oswa marye ki f¨¨ deklarasyon konjwen, ki gen revni brit ajiste modifye ki mwens pase $150 000. $10 200 se montan esklizyon revni an, se pa montan ranbousman an. Montan ranbousman yo ap varye epi se pa tout ajisteman yo k ap debouche sou yon ranbousman.

Lwa a sispann obligasyon pou repeye eks¨¨ peman avans Kredi Fiskal sou Prim (eks¨¨ APTC) (an angl¨¨). Si yon kontribyab te peye montan rep¨¨man eks¨¨ APTC l¨¨ li te f¨¨ deklarasyon 2020 an, IRS la ap ranbouse montan sa otomatikman. Si IRS la korije kont kontribyab la pou li reflete esklizyon revni konpansasyon an, montan eks¨¨ APTC kontribyab la te peye a ap enkli nan ajisteman sa. IRS la ap ajiste tou, kont yo pou sila yo ki te repeye eks¨¨ APTC a men ki pa t rap¨°te konpansasyon pou chomaj yo a nan deklarasyon taks 2020 yo a.

Kontribyab ki potko f¨¨ yon deklarasyon taks dwe swiv enstriksyon pou F¨°m 1040 ak F¨°m 1040-SR (an angl¨¨), ki bay detay sou kijan pou eskli konpansasyon pou chomaj la.

Pou plis enf¨°masyon