Ajans lan raple p¨¨sonaj yo ak imigran yo pou yo veye predat¨¨ yo
IR-2021-141, June 30, 2021
WASHINGTON ¡ª S¨¨vis Revni Ent¨¨n nan (IRS) te kontinye anak fiskal ¡°Douz¨¨n Delwayal¡± (Dirty Dozen) av¨¨k yon av¨¨tisman pou moun yo veye predat¨¨ k ap f¨¨ manigans nan enpo yo, soti nan fo charite pou ale nan anak, pou sible p¨¨sonaj yo ak imigran yo. IRS la kontinye ap obs¨¨ve riz yon seri moun malon¨¨t ap f¨¨ pou yo pyeje moun yo nan f¨¨ bagay ki pa legal oswa k ap lakoz yo domaj alafen. Yon l¨°t kote, predat¨¨ yo ankouraje moun yo pou yo f¨¨ bagay yo pa reyalize ki ilegal oswa f¨¨ yo pran yon bagay nan men yo ak pw¨°p volonte yo.
Pami f¨°m manigans yo, genyen anak¨¨ ki sible gwoup moun tankou p¨¨sonaj yo ak imigran yo, pretann yo se fo charite pandan y ap f¨¨ t¨¨t yo pase pou otorite IRS yo, ap mande gwo fr¨¨ pou ?f nan Konpwomi, f¨¨ fwod nan zaf¨¨ asirans chomaj ak prepare deklarasyon enpo ki malon¨¨t.
Men senk (5) pami anak ¡°Douz¨¨n Delwayal¡± ane sa a.
Fo charite
IRS la konseye kontribyab yo pou yo rete vijilan ak anak¨¨ k ap mete kanpe fo ¨°ganizasyon pou pwofite jenewozite piblik la. Yo pwofite espesyalman de trajedi yo ak dezas yo, tankou pandemi COVID-19 la.
Anak k ap mande don, nan ef¨° pou ede nan moman dezas, f¨¨t souvan nan telef¨°n. Kontribyab yo ta dwe toujou verifye yon charite anvan yo f¨¨ yon don, e yo pa ta dwe santi y ap pran presyon pou yo f¨¨ don an rapid.
Kontribyab ki bay lajan ak byen nan yon charite ka anmezi pou yo reklame yon dediksyon nan dekalrasyon enpo federal yo pandan y ap redui montan revni ki gen taks sou yo a. Men, kontribyab yo ta dwe sonje, pou yo resevwa yon dediksyon, f¨°k yo f¨¨ don nan yon charite ki kalifye. Pou verifye estati yon charite, itilize zouti Rech¨¨ch ?ganizasyon ki Pa Peye Enpo (an angl¨¨) IRS la. (Li enp¨°tan tou pou kontribyab yo sonje yo p ap ka dedui kado bay endividi yo oswa ¨°ganizasyon politik yo ak kandida yo.)
Men k¨¨k astis pou sonje kons¨¨nan anak fo charite yo:
- Endividi yo pa ta dwe janm kite okenn moun ki rele yo ba yo presyon. Yon ¨°ganizasyon charite ki lejitim ap kontan resevwa yon don nenp¨°t l¨¨ li f¨¨t la, kidonk, pa gen presipite. Yo ankouraje moun k ap f¨¨ don yo pou yo pran tan yo pou f¨¨ rech¨¨ch la.
- Gwo donat¨¨ yo ta dwe mande kolekt¨¨ fon yo pou yo bay bon non charite a, sit ent¨¨n¨¨t li ak adr¨¨s im¨¨l li, pou yo ka konfime si li se yon bon charite annapre. K¨¨k demach¨¨ nan telef¨°n itilize non ki sanble ak non gwo charite tout moun konnen pou konfonn moun yo.
- F¨¨ atansyon ak kijan w ap bay don w lan. Donat¨¨ yo ta dwe travay ak charite ki mande yo pou yo peye pandan y ap bay nimewo ki nan yon kat kado oswa viman lajan. Se konsa anak¨¨ yo mande moun yo pou yo peye. Li pi san danje pou peye ak kat kredi oswa ch¨¨k ¡ª men se s¨¨lman apre k¨¨k rech¨¨ch fin f¨¨t sou charite a.
Pou plis enf¨°masyon kons¨¨nan fo charite yo, gade enf¨°masyon sou anak fo charite yo sou .
fwod sou p¨¨sonaj/imigran
Yo konnen moun k ap f¨¨ t¨¨t yo pase pou IRS yo ak l¨°t anak¨¨ yo sible gwoup moun ki pa tw¨° bon nan angl¨¨ ansanm av¨¨k sitwayen p¨¨sonaj yo tou. Anak sa yo souvan se menas.
Menmsi li te diminye k¨¨k nan yo d¨¨nyeman, anak k ap imite IRS la rete yon anak kouran. Sa se l¨¨ yon moun ki pretann li se yon anplwaye IRS rele yon kontribyab pou li menase li l ap ba li prizon, dep¨°tasyon oswa revokasyon yon lisans pou kondwi. Souvan, se kontribyab ki fenk imigre yo ki pi vilnerab e yo ta dwe inyore menas sa yo epi pou yo pa atire atansyon anak¨¨ yo.
IRS la ap raple kontribyab yo, premye kontak IRS se atrav¨¨ lap¨°s dabitid, se pa nan telef¨°n. Yon anplwaye lejitim IRS p ap menase w l ap revoke lisans oswa f¨¨ yo dep¨°te yon moun. Sa yo se taktik pou f¨¨ p¨¨.
K¨°m telef¨°n nan reprezante yon gwo menas pou moun ki pa gen mwayen jwenn enf¨°masyon, tankou endividi ki pa fin al¨¨z nan lang Angl¨¨ a, IRS ajoute yon seri nouvo fonksyonalite pou ede sila yo ki pi al¨¨z nan yon l¨°t lang ki pa Angl¨¨. Pwogam LEP (an angl¨¨) PDF p¨¨m¨¨t yon kontribyab chwazi nan ki lang li swete kominike. Depi yo fin konplete epi soum¨¨t pwogram nan, y ap resevwa l¨°t kominikasyon ki gen pou f¨¨t yo nan lang sa yo te prefere a.
Anplis,IRS la ap bay enf¨°masyon sou taks, f¨°m ak piblikasyon nan plizy¨¨ l¨°t lang ki pa Angl¨¨. Piblikasyon IRS 17 (an angl¨¨), Enpo sou Revni Federal Ou, disponib kounya an Pany¨°l, Chinwa (senplifye ak tradisyon¨¨l), Vyetnamyen, Koreyen ak Ris.
P¨¨sonaj yo pran gad nou
P¨¨sonaj yo ak sila yo ki sousye de yo bezwen veye anak fiskal ki sible Ameriken ki aje yo. IRS la rekon¨¨t fwod ki sible Ameriken ki aje yo anpil, ansanm av¨¨k Depatman Jistis la ak FBI (Biwo Federal Envestigasyon), Komisyon Kom¨¨s Federal (Federal Trade Commission) la ak Biwo Pwoteksyon Finans Konsomat¨¨ a (Consumer Financial Protection Bureau - CFPB), ak l¨°t ank¨°.
Nan yon ef¨° pou rann deklarasyon enpo yo pi fasil pou p¨¨sonaj yo, IRS la ap raple p¨¨sonaj ki f¨¨t anvan 2 Janvye 1956 yo, IRS pase men nan F¨°m 1040 la ak nan enstriksyon li yo, epi y ap ka itilize F¨°m 1040SR la ak enstriksyon ki av¨¨k li yo (an angl¨¨).
IRS ap raple p¨¨sonaj yo, pi bon sous enf¨°masyon kons¨¨nan enpo federal yo se sit ent¨¨n¨¨t IRS la.
Pwopozisyon Konpwomi ¡°mills¡±
Pwopozisyon Konpwomi mills vire pwogram IRS pou li f¨¨ l vin yon bagay li pa ye ¨C pandan l ap mennen moun yo yon kote yo p ap gen okenn chans ranpli kondisyon yo nan mande gwo fr¨¨, souvan plizy¨¨ milye dola.
°´Ç³¾¾±²õ¨¨ IRS la, Chuck Rettig, te deklare, ¡°sa ki pa sispann enkyete nou se moun ki gen difikilte pou peye enpo yo yon seri fo demann ap twonpe sou d¨¨t fiskal yo pou ¡®santim dola¡¯.¡± ¡°IRS la ankouraje moun yo pou yo pran k¨¨k minit pou yo byen gade enf¨°masyon ki sou IRS.gov yo pou yo w¨¨ si yo ka yon bon kandida pou pwogram nan ¨C epi evite pwomot¨¨ k ap mande anpil k¨°b yo k ap f¨¨ piblisite nan radyo ak nan tele yo.¡±
IRS ap raple kontribyab yo pou yo pran gad yo ak pwomot¨¨ k ap di s¨¨vis yo neses¨¨ si yon moun vle regle ak IRS la, k ap di moun yo ka peye d¨¨t ak ¡°santim dola¡± oswa k ap di se yon ti kras tan ki rete pou peye d¨¨t fiskal yo atrav¨¨ pwogram Pwopozisyon Konpwomi a (OIC).
Yon ¡°pwopozisyon,¡± oswa OIC, se yon ak¨° ant yon kontribyab av¨¨k IRS la ki rezoud pwobl¨¨m d¨¨t fiskal kontribyab la. IRS la gen pouvwa pou li regle, oswa ¡°f¨¨ konpwomi¡± nan d¨¨t enpo federal yo pandan li ka aksepte mwens pase p¨¨man total la nan k¨¨k sikonstans. Sepandan, k¨¨k pwomot¨¨, nan yon manny¨¨ ki pa bon, ap konseye kontribyab yo pou yo soum¨¨t yon demann OIC bay IRS la, menmsi pwomot¨¨ yo konnen moun nan p ap kalifye. Sa koute kontribyab on¨¨t yo lajan ak tan.
Kontribyab yo pa ta dwe fye espesyalman pwomot¨¨ ki di yo ka jwenn r¨¨gleman ¨°f ki pi gwo pase l¨°t yo oswa k ap f¨¨ fo pwom¨¨s pou di IRS la ap aksepte yon ¨°f pou yon ti pousantaj. Souvan, konpayi k ap f¨¨ piblisite nan tele ak nan radyo yo pa ka f¨¨ anyen pou kontribyab yo p ap ka f¨¨ pou t¨¨t yo l¨¨ yo kontakte IRS la dir¨¨k.
Kontribyab yo kapab ale sou IRS.gov epi gade ank¨° pou yo w¨¨ si yo kalifye pou yon OIC. IRS la ap raple kontribyab yo dapre politik Rediksyon Sanksyon pou Pemye Fwa a (an angl¨¨), kontribyab yo kapab ale dir¨¨k nan IRS la pou yon al¨¨jman administratif nan yon sanksyon ki t ap ogmante d¨¨t fiskal yo otreman.
Moun ki Prepare Deklarasyon Enpo ki Malon¨¨t
Malgre majorite moun k ap prepare enpo yo gen etik epi diy pou f¨¨ konfyans, kontribyab yo pa dwe fye yon moun ki prepare enpo ki p ap siyen deklarasyon enpo yo fin prepare yo, yo souvan rele yo preparat¨¨ zonbi. Pou deklarasyon ki f¨¨t sou ent¨¨n¨¨t yo, ¡°zonbi¡± an ap prepare deklarasyon an, men l ap refize bay siyati nimerik li antanke yon preparat¨¨ yo peye.
Dapre lalwa, nenp¨°t moun yo peye pou prepare, oswa asiste nan preparasyon deklarasyon enpo yo, dwe genyen yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Preparat¨¨ (PTIN) (an angl¨¨) valid. Moun k ap prepare enpo yo peye yo dwe siyen epi mete PTIN yo nan deklarasyon an. L¨¨ yo pa siyen yon deklarasyon, se yon move siy ki montre preparat¨¨ yo peye a, ap ch¨¨che f¨¨ yon pwofi rapid pandan l ap pwom¨¨t yon gwo ranbousman oswa mande fr¨¨ ki varye ak dimansyon ranbousman.
Epitou moun ki prepare deklarasyon enpo ki malon¨¨t yo ka:
- Mande pou peye an likid s¨¨lman epi yo p ap bay yon resi.
- Envante revni pou kalifye kliyan pou kredi enpo yo.
- Reklame fo dediksyon pou ogmante dimansyon ranbousman an.
- Ranbousman dir¨¨k nan kont labank yo, se pa nan kont kontribyab la.
Li enp¨°tan pou kontribyab yo byen chwazi preparat¨¨ deklarasyon enpo yo. Paj Chwazi yon Pwofesyon¨¨l Enpo sou IRS.gov la genyen enf¨°masyon kons¨¨nan konpetans ak kalifikasyon (an angl¨¨) moun k ap prepare enpo a. IRS la ka ede idantifye anpil preparat¨¨ dapre kalite konpetans oswa kalifikasyon.
Kontribyab yo dwe sonje se yo ki responsab sa ki nan deklarasyon enpo yo menmsi se yon l¨°t moun ki prepare li. Konsomat¨¨ yo ka ede pwoteje t¨¨t yo l¨¨ yo chwazi yon preparat¨¨ enpo ki gen repitasyon.
Fwod nan asirans chomaj
Fwod chomaj la se l¨¨ yon seri moun ap aji ansanm av¨¨k oswa kont anplway¨¨ yo epi enstitisyon finans yo pou yo jwenn asistans lokal oswa leta yo pa gen dwa pou yo. Anak sa yo lakoz pwobl¨¨m ki ka afekte kontribyab yo nan yon manny¨¨ negatif pandan anpil tan.
Eta yo, anplway¨¨ yo ak enstitisyon finans yo dwe okouran de anak sa yo nan asirans chomaj la:
- Fwod nan Idantite: Deklaran yo itilize enf¨°masyon sou idantite yo v¨°l¨¨ oswa ki pa bon pou f¨¨ demann pou alokasyon chomaj pou yo pran kontw¨°l yon kont.
- Fwod Konivans Anplway¨¨-Anplwaye: Anplwaye a resevwa alokasyon asirans chomaj yo pandan anplway¨¨ kontinye ap peye anplwaye a sal¨¨ ki redui, ki pa deklare.
- Fwod nan Fo Deklarasyon Revni: Yon endividi retounen travay san li pa deklare revni li pou li kontinye resevwa alokasyon asirans chomaj li, oswa nan yon ef¨° pou resevwa yon pi gwo alokasyon chomaj, aplikan yo deklare yon sal¨¨ ki plis pase sa yo rantre a.
- Fwod anplway¨¨-anplwaye imajin¨¨: Deklaran yo bay manti pou di y ap travay pou yon konpayi lejitim, oswa kreye yon konpayi imajin¨¨, epi bay dosye anplwaye ak sal¨¨ ki imajin¨¨ pou f¨¨ demann pou alokasyon asirans chomaj yo.
- Fwod inisye: Anplwaye leta yo itilize enf¨°masyon idantifikasyon pou yo rantre nan demann chomaj yo oswa chanje yo nan yon manny¨¨ ki pa bon, sa ki pral lakoz demann ki pa kalifye yo apwouve, montan pemn ki pa k¨°r¨¨k, oswa deplasman fon nan yon kont ki pa nan demann nan.
Anba a gen yon lis endikat¨¨ danje finansye fwod nan chomaj yo:
- Alokasyon chomaj yo ap soti nan yon eta ki diferan parap¨° ak eta kliyan an di li rezide ladan an oswa eta kote li t ap travay anvan an.
- Plizy¨¨ p¨¨man alokasyon chomaj leta a f¨¨t nan manm del¨¨ dek¨¨sman.
- P¨¨man alokasyon chomaj la f¨¨t sou non yon moun ki pa pwopriyet¨¨ kont lan oswa nan non plizy¨¨ benefisy¨¨ alokasyon chomaj.
- Plizy¨¨ depo oswa transf¨¨ fon lektwonik (EFTs - Electronic Funds Transfers) f¨¨t ki di yo se alokasyon chomaj ki soti nan yonn oswa plizy¨¨ eta pou moun ki pa pwopriyet¨¨ kont lan (yo).
- Gen yon pi gwo montan p¨¨man alokasyon chomaj yo w¨¨ nan menm pery¨°d la, konpare ak menm kliyan yo ak montan yo te resevwa a.