obÌåÓý

IRS: Fanmi k ap resevwa p¨¨man Kredi Enpo pou Timoun yo kapab aktyalize enf¨°masyon pou depo dir¨¨k yo kounya

IR-2021-143, June 30, 2021

WASHINGTON ¡ª S¨¨vis Revni Ent¨¨n nan jodia aktyalize yon zouti anliy enp¨°tan pou p¨¨m¨¨t fanmi yo aktyalize enf¨°masyon kont labank rapid epi fasil, pou yo ka resevwa p¨¨man Kredi Enpo pou Timoun chak mwa yo a. 

Yo te ajoute fonksyon aktyalize kont labank lan sou P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, ki disponib sou IRS.gov. Tout aktyalizasyon ki f¨¨t depi 2 Dawout ap aplike pou p¨¨man 13 Dawout la epi tout p¨¨man mansy¨¨l ki annapre yo nan r¨¨s ane 2021 an.

Fanmi yo ap resevwa p¨¨man 15 Jiy¨¨ yo a pa mwayen depo dir¨¨k sou kont labank ki nan dosye yo ki nan IRS la akty¨¨lman. Sila yo ki pa enskri pou depo dir¨¨k yo ap resevwa yon ch¨¨k. IRS la ankouraje moun ki pa gen enf¨°masyon kont labank ki akty¨¨l pou yo itilize zouti a pou yo aktyalize enf¨°masyon yo pou yo ka jwenn p¨¨man yo pi bon¨¨.

IRS la ankouraje moun yo tou pou yo veye anak sou Kredi Enpo pou Timoun nan. Moun ki bezwen aktyalize enf¨°masyon kont labank yo ta dwe ale sou sit IRS.gov la dir¨¨k olye yo klike sou lyen yo rsevwa nan mesaj im¨¨l, t¨¨ks oswa telef¨°n.

K¨°man pou w aktyalize enf¨°masyon pou depo dir¨¨k la

Premyeman, fanmi yo dwe itilize P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou yo konfime kalifikasyon yo pou p¨¨man yo. Si yo kalifye, zouti a ap tou di si yo enskri pou resevwa p¨¨man yo pa mwayen depo dir¨¨k.

Si yo enskri, l ap montre tout nimewo woutaj bank yo a ansanm ak 4 d¨¨nye chif nimewo kont yo a. Sa a se kont k ap resevwa p¨¨man 15 Jiy¨¨ a, e si yo pa chanje kont lan, tout l¨°t p¨¨man annapre yo ap f¨¨t sou li.

Apre, si yo chwazi f¨¨ sa, yo kapab chanje kont labank k ap resevwa p¨¨man an apati p¨¨man 13 Dawout la. Yo ka f¨¨ sa pandan y ap aktyalize nimewo woutaj ak nimewo kont lan epi di si se yon kont epay oswa yon kont ch¨¨k. Remake se yon s¨¨l nimewo kont destinat¨¨ yo kapab genyent¡ªsa vle di, tout p¨¨man an dwe f¨¨t pa mwayen depo dir¨¨k sou yon s¨¨l kont.

K¨°man pou soti nan papye ch¨¨k pou ale nan depo dir¨¨k

Si P¨°tal Ajou a montre yon fanmi kalifye pou p¨¨man yo men li pa t enskri pou resevwa depo dir¨¨k, y ap resevwa yon ch¨¨k chak mwa. Si yo vle chanje pou resevwa p¨¨man pa mwayen depo dir¨¨k, yo ka chwazi zouti a pou ajoute enf¨°masyon kont labank yo. Y ap f¨¨ sa l¨¨ yo rantre nimewo woutaj ak nimewo kont labank yo epi di si li se yon kont epay oswa kont ch¨¨k.

IRS ankouraje tout fanmi k ap resevwa ch¨¨k yo pou yo panse chanje an depo dir¨¨k. Av¨¨k depo dir¨¨k, fanmi yo gen aks¨¨ ak lajan yo pi rapid. Depo dir¨¨k yo pa pran tan, pa gen enkyetid epi p ap gen depans pou chanje ch¨¨k. Anplis, depo dir¨¨k la elimine chans pou gen p¨¨t ch¨¨k, pou yo v¨°l¨¨ ch¨¨k oswa pa bay ch¨¨k.

Fanmi yo ka kanpe p¨¨man yo nenp¨°t l¨¨

Menm apre p¨¨man yo k¨°manse, fanmi yo ka kanpe tout p¨¨man mansy¨¨l ki gen pou f¨¨t si yo chwazi f¨¨ sa. Yo ka f¨¨ sa l¨¨ yo itilize fonksyonalite dezenskri a nan P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun. Fanmi kalifye ki f¨¨ chwa sa ap toujou resevwa r¨¨s Kredi Enpo pou Timoun yo a angwo l¨¨ yo f¨¨ deklarasyon enpo federal 2021 yo a ane pwochenn.

Pou kanpe tout p¨¨man k ap k¨°manse nan mwa Dawout ak r¨¨s 2021 an, yo dwe anile enskripsyon an apati 2 Dawout 2021.
Pou plis enf¨°masyon kons¨¨nan pwosesis anile enskripsyon an, ansanm av¨¨k yon kalandriye del¨¨ pou chak p¨¨man mansy¨¨l, gade Sij¨¨ J nan FAQs (Kesyon yo Poze Souvan) Kredi Enpo pou Timoun nan sou IRS.gov.

Kiy¨¨s ki ta dwe anile enskripsyon?

Olye pou yo resevwa p¨¨man avans sa yo, k¨¨k fanmi ka prefere tann jis nan fen ane a pou yo resevwa tout kredi a antanke yon ranbousman l¨¨ yo f¨¨ deklarasyon 2021 yo a. P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan p¨¨m¨¨t fanmi sa yo f¨¨ sa rapid epi fasil.

Fonksyonalite pou anile enskripsyon an kapab ede nenp¨°t fanmi ki pa kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan ank¨° oswa ki kw¨¨ yo p ap kalifye l¨¨ yo f¨¨ deklarasyon 2021 yo a. Sa te ka rive si, parekzanp:

  • Revni 2021 yo a tw¨° wo pou li kalifye yo pou kredi a.
  • Yon l¨°t moun (yon ansyen konjwen oswa yon l¨°t manm fanmi, parekzanp) kalifye pou deklare timoun yo antanke depandan an 2021.
  • Kay prensipal yo a te dey¨° Etazini pandan plis pase mwatye ane 2021 an.

Kisa ki P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan?

P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan se yon zouti sekirize, ki pwoteje ak yon modpas, ki disponib pou tout fanmi kalifye ki gen ent¨¨n¨¨t ak yon telef¨°n ent¨¨lijan oswa yon ¨°dinat¨¨. Li la pou ede yo jere kont Kredi Enpo pou Timoun yo. Kounya la, sa gen ladan, aktyalize enf¨°masyon kont labank yo av¨¨k IRS la oswa anile enskripsyon nan p¨¨man mansy¨¨l yo. Nan pa lontan, l ap p¨¨m¨¨t moun yo verifye estati p¨¨man yo. Pita ane sa a, zouti a pral p¨¨m¨¨t yo f¨¨ l¨°t aktyalizasyon nan estati yo epi l ap disponib nan lang Pany¨°l.

Pou antre sou P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, moun nan dwe verifye idantite li anvan. Si yon moun gen yon non itilizat¨¨ nan IRS ki la deja oswa yon kont av¨¨k yon idantite ki verifye, yo kapab itilize kont sa yo pou yo konekte byen fasil. Moun ki pa genyen yon kont ki la deja ap genyen pou yo itilize ID.me, yon ty¨¨s fyab pou IRS la, pou verifye idantite yo av¨¨k yon f¨°m idantifikasyon foto. Verifikasyon idantite a se yon prekosyon ki enp¨°tan epi l ap pwoteje kont ou kont v¨°l idantite.

Tout moun ki pa gen ent¨¨n¨¨t osinon ki pa ka itilize zouti anliy lan kapab anile enskripsyon an l¨¨ yo kontakte IRS la nan nimewo telef¨°n ki nan l¨¨t akonpayman an.

Kiy¨¨s k ap jwenn yon peman mansy¨¨l?

Anjeneral, p¨¨man mansy¨¨l yo pral jwenn fanmi kalifye ki:

  • te f¨¨ deklarasyon enpo federal 2019 oswa 2020 an.
  • te itilize zouti Non-Deklaran an sou IRS.gov an 2020 pou enskri pou yon Peman Enpak Ekonomik.
  • te itilize nouvo Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an sou IRS.gov pou enskri pou avans Kredi Enpo pou Timoun nan ane sa a.

Yon fanmi kalifye ki te pase nan nenp¨°t nan etap sa yo p ap bezwen f¨¨ anyen ank¨° pou yo jwenn p¨¨man yo.
N¨°malman, IRS ap kalkile p¨¨man avans lan dapre deklarasyon enpo sou revni 2020 an. Si deklarasyon sa pa disponib, swa paske li potko depoze, swa li potko trete, IRS ap itilize deklarasyon 2019 la pou det¨¨minen montan p¨¨man an pito.
Fanmi kalifye yo ap resevwa p¨¨man avans yo, swa pa mwayen depo dir¨¨k, swa pa ch¨¨k. Chak p¨¨man ap jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen ant 6 ak 17 lane. IRS la ap k¨°manse v¨¨se p¨¨man avans Kredi Enpo pou Timoun yo nan dat sa yo: 15 Jiy¨¨, 13 Dawout, 15 Sektanm, 15 Okt¨°b, 15 Novanm ak 15 Desanm.

Deklarasyon enpo ki trete apati 28 Jen yo ap reflete nan premye v¨¨sman p¨¨man mansy¨¨l yo ki pwograme pou f¨¨t 15 Jiy¨¨.

Kontribyab yo ap resevwa plizy¨¨ l¨¨t

Kontribyab yo ap resevwa plizy¨¨ ki gen rap¨° ak Kredi Enpo pou Timoun yo tou. Nan k¨¨k semenn k ap vini, l¨¨t yo pral jwenn fanmi ki kalifye ki te f¨¨ swa yon deklarasyon enpo sou revni 2019, swa 2020, oswa fanmi ki te itilize zouti Non-Deklaran yo sou IRS.gov la pou enskri pou yon P¨¨man Enpak Ekonomik. L¨¨t yo ap konfime kalifikasyon yo, montan p¨¨man yo pral resevwa e p¨¨man yo ap k¨°manse 15 Jiy¨¨. Fanmi ki resevwa l¨¨t sa yo pa bezwen antreprann okenn l¨°t aksyon. L¨¨t p¨¨sonalize sa yo vini apre L¨¨t Sansibilizasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan yo te voye ant k¨°mansman ak mitan mwa Jen an bay fanmi ki te sanble kalifye pou p¨¨man avans yo.

Kredi Enpo pou Timoun an 2021

IRS kreye yon paj Avans Kredi Enpo pou Timoun an 2021 espesyal, ki la pou bay tout d¨¨nye enf¨°masyon kons¨¨nan kredi a ak p¨¨man avans yo.

Pami l¨°t bagay, li bay lyen dir¨¨k nan P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, ansanm av¨¨k de (2) l¨°t zouti anliy ?Zouti Enskripsyon Non-Deklarasyon an ak Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan, yon seri kesyon yo poze souvan ak l¨°t resous ki itil.

Chanjman nan Kredi Enpo pou Timoun yo

Plan Sovtaj Ameriken an te ogmante Kredi Enpo pou Timoun maksim¨°m nan an 2021 a $3 600 pou timoun ki gen mwens pase 6 lane yo epi a $3 000 pou chak timoun pou timoun ki genyen ant 6 ak 17 lane yo. Anvan 2021, kredi a te val¨¨ jiska $2 000 pou chak timoun kalifye.

Nouvo kredi maksim¨°m nan disponib pou kontribyab ki genyen yon revni brit ajiste (Adjusted Gross Income, AGI):

  • $75 000 oswa pi piti pou selibat¨¨ yo,
  • $112 500 oswa pi piti pou ch¨¨f fwaye yo epi
  • $150 000 oswa pi piti pou moun marye k ap f¨¨ deklarasyon konjwen ak v¨¨f epi v¨¨v kalifye yo.

Pou majorite moun, AGI modifye a se montan ki nan Liy 11 F¨°m 1040 2020 yo a oswa 1040-SR la. Piwo s¨¨y revni sa yo, montan siplemant¨¨ ki depase premye kredi $2 000 ¡ª swa $1 000 oswa $1 600 pou chak timoun ¡ª redui pa $50 pou chak $1 000 siplemant¨¨ nan AGI modifye a. Anplis, tout kredi a totalman ranbousab pou 2021 an. Sa vle di, fanmi kalifye yo ka jwenn li, menmsi yo pa dwe enpo sou revni federal. Anvan ane sa a, pati ranbousab la te limite nan $1 400 pou chak timoun.

Pou d¨¨nye enf¨°masyon kons¨¨nan Kredi Enpo pou Timoun nan ak p¨¨man avans yo, vizite P¨¨man Avans Kredi Enpo pou Timoun yo an 2021.