obÌåÓý

Zouti anliy IRS la ede fanmi yo w¨¨ si yo kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun yo; yonn pami twa (3) zouti yo disponib kounya pou p¨¨man avans ki gen pou f¨¨t yo

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, r¨¨gleman oswa pwosedi akty¨¨l yo.

IR-2021-133, June 24, 2021

WASHINGTON ¡ª Depatman Trez¨° a ak S¨¨vis Revni Ent¨¨n nan jodia ankouraje fanmi yo pou yo pwofite zouti anliy espesyal yo ki ka ede yo konnen si yo kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan ak p¨¨man avans chak mwa espesyal k ap k¨°manse 15 Jiy¨¨. 

Nouvo Asistan Kalifikasyon Kredi Enpo pou Timoun nan ki disponib sou IRS.gov s¨¨lman, yo te lanse bon¨¨ nan semenn sa a, ka ent¨¨raji e fasil pou itilize. Pandan y ap reponn yon seri kesyon kons¨¨nan yo menm ak manm fanmi yo, yon paran oswa yon l¨°t manm fanmi an kapab konnen byen rapid si li kalifye pou kredi a.

Malgre tout moun kapab itilize zouti sa a, li ka itil sitou pou fanmi ki pa f¨¨ deklarasyon enpo federal n¨°malman epi ki poko f¨¨ ni yon deklarasyon enpo 2019, ni yon deklarasyon enpo 2020. Souvan, yo se moun ki resevwa yon ti piti oswa okenn revni, ansanm av¨¨k sila yo ki sanzabri yo, fwaye ki gen ti revni yo, ak l¨°t gwoup defavorize yo. Itilize zouti sa a kapab ede yo deside si yo ta dwe pase nan etap ki annapre a epi enskri pou p¨¨man Kredi Enpo pou Timoun yo sou yon l¨°t nouvo zouti IRS la ki te devwale pi bon¨¨ nan semenn sa a.

¡°Nouvo zouti sa a se yon etap enp¨°tan pou ede moun yo konprann si yo kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan, ki enp¨°tan espesyalman pou sila yo ki pa f¨¨ yon deklarasyon enpo n¨°malman,¡± Komis¨¨ IRS la, Chuck Rettig, te di. ¡°Asistan kalifikasyon an travay ansanm ak l¨°t fonksyonalite sou IRS.gov pou ede moun yo jwenn kredi enp¨°tan sa a. IRS la ap travay di pou li mete an plas Kredi Enpo pou Timoun ki elaji a, epi nou pral bay kontribyab yo ¨¨d siplemant¨¨ nan pa lontan. Depi sa posib, tanpri ede nou ede l¨°t yo pandan w ap pataje enf¨°masyon sou CTC (Child Tax Credit - Kredi Enpo pou Timoun) a nan kominote w yo.¡±

Pou ede moun yo konprann epi benefisye avantaj sa a, IRS kreye yon paj Avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 espesyal sou IRS.gov/childtaxcredit2021, ki la pou bay d¨¨nye enf¨°masyon yo kons¨¨nan kredi a ak p¨¨man avans yo. Pami l¨°t bagay, paj la deja genyen yon lyen ki ouvri Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an, ak Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan, ansanm av¨¨k yon twazy¨¨m zouti yo te lanse pi bon¨¨ nan semenn sa a¡ª P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan.

Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan pa mande okenn enf¨°masyon pou idantifikasyon p¨¨son¨¨l (PII - personal-identifiable information) pou okenn manm fanmi. Pou rezon sa, rezilta li yo pa desizyon ofisy¨¨l IRS la. Malgre rezilta yo fyab, si kesyon yo byen reponn, yo ta dwe konsidere yo k¨°m yon k¨°mansman. Ni repons itilizat¨¨ a bay yo, ni rezilta yo, IRS la pa kenbe yo.

Apre nou fin veifye Asistan Kalifikasyon an, Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an disponib pou ede sila yo ki pa konn f¨¨ deklarasyon enpo yo

Zouti Enskripsyon Non-Deklaran anliy la pou ede fanmi kalifye yo ki pa konn f¨¨ deklarasyon enpo yo enskri pou p¨¨man Avans Kredi Enpo pou Timoun ki f¨¨t chak mwa a.

Zouti sa a, yon aktyalizasyon zouti Non-Deklaran pou P¨¨man Enpak Ekonomik IRS ane pase a, se yon zouti ki la tou pou ede endividi kalifye ki pa f¨¨ deklarasyon enpo yo n¨°malman, enskri pou twazy¨¨m tou $1400 Peman Enpak Ekonomik yo (yo konnen tou sou non ch¨¨k relans) epi reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon an pou tout montan de (2) premye tou Peman Enpak Ekonomik yo te ka rate yo.

Zouti sa a devlope nan yon patenarya av¨¨k Intuit epi distribye atrav¨¨ Alyans Deklarasyon Gratis la, li ofri yon mwayen gratis epi fasil pou moun kalifye ki pa gen yon revni ki ase pou yo ta gen yon obligasyon pou f¨¨ deklarasyon enpo sou revni, pou yo bay IRS la enf¨°masyon debaz neses¨¨ yo pou kalkile epi f¨¨ p¨¨man Avans Kredi Enpo pou Timoun yo. Sa gen ladan non, adr¨¨s, ak nimewo sekirite sosyal yo. Sa p¨¨m¨¨t yo bay enf¨°masyon kons¨¨nan timoun kalifye yo ki genyen 17 lane ak pipiti, l¨°t depandan yo, ak enf¨°masyon bank¨¨ yo pou depo dir¨¨k pou IRS la ka depoze p¨¨man yo byen rapid epi fasil sou kont ch¨¨k yo oswa kont epay yo. Li disponib sou IRS.gov s¨¨lman.

Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an pa ta dwe itilize pa nenp¨°t moun ki te deja f¨¨ yon deklarasyon enpo sou revni federal 2019 oswa 2020.

Majorite l¨°t fanmi yo p ap bezwen antreprann okenn aksyon

Fanmi kalifye ki te deja deklare oswa planifye pou f¨¨ deklarasyon enpo 2019 oswa 2020 yo pa ta dwe itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an. Depi IRS la fin trete deklarasyon enpo 2019 oswa 2020 yo a, y ap itilize enf¨°masyon pou det¨¨minen kalifikasyon epi distribye p¨¨man avans yo.

Fanmi ki vle reklame l¨°t avantaj fiskal yo, tankou Kredi Enpo sou Revni pou fanmi ki gen ti revni ak revni modere yo, pa ta dwe itilize zouti sa a e olyedesa yo ta dwe f¨¨ yon deklarasyon enpo regilye. Pou yo menm, mwayen ki pi rapid ak pi fasil pou f¨¨ yon deklarasyon enpo se atrav¨¨ sist¨¨m Deklarasyon Gratis la, ki disponib sou IRS.gov.

Veye anak yo

IRS la ankouraje tout moun pou yo veye anak ni sou p¨¨man Kredi Enpo pou Timoun yo ni sou P¨¨man Enpak Ekonomik yo. IRS la mete aksan sou s¨¨l mwayen pou jwenn nenp¨°t nan avantaj sa yo se swa l¨¨ ou f¨¨ yon deklarasyon enpo av¨¨k IRS la oswa l¨¨ ou enskri anliy atrav¨¨ zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an, s¨¨lman sou IRS.gov. Nenp¨°t l¨°t opsyon se yon anak.

Veye anak k ap itilize im¨¨l, ap¨¨l telef¨°n oswa mesaj ki gen rap¨° ak p¨¨man yo. Pa bliye IRS la pa janm voye kominikasyon elektwonik si se pa ou ki mande l, pou li mande nenp¨°t moun pou louvri atachman oswa vizite yon sit ent¨¨n¨¨t ki pa gouv¨¨nmantal.

P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun

Bon¨¨ nan semenn sa a, Depatman Trez¨° ak IRS te lanse yon l¨°t zouti itil, P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan. Ok¨°mansman, zouti sa a p¨¨m¨¨t tout moun ki te det¨¨minen pou kalifye pou p¨¨man avans yo anile enskripsyon (soti) nan pwogram p¨¨man avans lan. Pita, l ap p¨¨m¨¨t moun yo verifye estati p¨¨man yo, aktyalize enf¨°masyon yo, tankou enf¨°masyon kont labank yo. Pita ane sa a, zouti a ap disponib nan lang Pany¨°l tou.

Kominote patn¨¨ yo kapab ede

IRS ankouraje gwoup kominot¨¨ yo, benev¨°l yo, asosyasyon yo, ¨°ganizasyon edikasyon yo, ak l¨°t ki gen koneksyon ak moun ki gen timoun yo pou pataje enf¨°masyon enp¨°tan sa kons¨¨nan Kredi Enpo pou Timoun nan ansanm ak l¨°t gwo avantaj yo tou. Pami l¨°t bagay, IRS la deja ap travay kole sere ak kominote patn¨¨ li yo pou li garanti tout moun gen aks¨¨ ak Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an epi P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan. IRS la ap kominike matery¨¨l adisyon¨¨l ak enf¨°masyon ki ka pataje fasilman atrav¨¨ medya sosyal, im¨¨l, ak l¨°t met¨°d.

Apwopo Avans Kredi Enpo pou Timoun nan

Kredi Enpo pou Timoun elaji epi ki fenk aksesib la te otorize pa Lwa Plan Sovtaj Ameriken an, ki te pwomilge nan mwa Mas. N¨°malman, IRS la ap kalkile p¨¨man an sou deklarasyon enpo 2020 fanmi an, ansanm av¨¨k sila yo ki itilize Zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an. Si deklarasyon sa pa disponib akoz li patko depoze oswa y ap trete li toujou, IRS la ap det¨¨minen pito premye montan p¨¨man yo pandan l ap itilize deklarasyon 2019 la oswa enf¨°masyon ki rantre nan zouti Non-Deklaran yo ki te disponib nan 2020 an.

Chak p¨¨man ap jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen ant 6 ak 17 lane.

Pou li rasire li fanmi yo gen aks¨¨ fasil ak lajan yo, IRS la pral distribye p¨¨man sa yo pa mwayen depo dir¨¨k, depi yo te bay IRS la enf¨°masyon bank¨¨ ki k¨°r¨¨k. Osinon, moun yo ta dwe gade bwat lap¨°s yo nan z¨°n 15 Jiy¨¨ yo pou p¨¨man pa lap¨°s yo. Dat pou p¨¨man Avans Kredi Enpo pou Timoun yo se 15 Jiy¨¨, 13 Dawout, 15 Sektanm, 15 Okt¨°b, 15 Novanm ak 15 Desanm.
Pou pils enf¨°masyon, vizite IRS.gov/childtaxcredit2021, oswa li FAQs (Kesyon yo Poze Souvan) sou Kredi Enpo pou Timoun an 2021 an ak P¨¨man Avans Kredi Enpo pou Timoun yo (an angl¨¨).