obÌåÓý

IRS bay viktim sikl¨°n Delta yo asistans pou enpo; del¨¨ 15 okt¨°b la, l¨°t dat yo pwolonje pou 15 janvye yo

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, r¨¨gleman oswa pwosedi akty¨¨l yo.

IR-2020-236, 19 okt¨°b 2020

WASHINGTON ¨C Kounye a, viktim nan sikl¨°n Delta a ki te k¨°manse 6 okt¨°b la gen jiska 16 fevriye 2021 pou ranpli plizy¨¨ deklarasyon enpo pou patikilye ak pou biznis epi peye enpo yo, selon sa S¨¨vis Revni Ent¨¨n te anonse jodi a.

IRS bay asistans sa a nan tout z¨°n la deziyen k¨°m kalifye pou resevwa asistans endividy¨¨l la. Akty¨¨lman sa a gen ladan li distri Acadia, Calcasieu, Cameron, Jefferson Davis ak Vermilion nan leta Louisiana ; men, kontribyab nan lokalite ki kalifye pou asistans endividy¨¨l la yo ajoute annapre nan z¨°n dezas la, l¨°t kote nan eta a epi nan eta ki tou pre yo, ap resevwa otomatikman menm asistans pou deklarasyon ak p¨¨man. Lis akty¨¨l lokalite ki kalifye yo toujou disponib sou paj Asistans nan moman Dezas sou sit IRS.gov.

Nan kad asistans pou enpo a, plizy¨¨ del¨¨ deklarasyon taks ak p¨¨man ki te rive apati 6 okt¨°b 2020 an, te ranvwaye. Kidonk, moun ak biznis ki afekte yo ap gen jiska 16 fevriye 2021 pou yo f¨¨ deklarasyon ak p¨¨man tout taks ki te gen pou f¨¨t pandan pery¨°d sa a.

Sa vle di moun ki te gen yon ekstansyon valid pou te f¨¨ deklarasyon enpo 2019 yo akoz ekspirasyon 15 okt¨°b 2020 an, kounye a gen jiska 16 fevriye 2021 pou f¨¨ sa. Pou tout lokalite sa yo Sikl¨°n Laura te frape, sa vle di tou yon pwolonjman anplis dat limit 31 Desanm nan yo te anonse nan mwa Out. Sepandan, IRS ap f¨¨ konnen pou tout p¨¨man enpo ki gen rap¨° ak deklarasyon 2019 sa yo ki te dwe f¨¨t 15 jiy¨¨ 2020 an, yo pa kalifye pou asistans sa a.

Del¨¨ 16 fevriye 2021 an aplike tou pou p¨¨man enpo sou revni yo f¨¨ estimasyon chak trim¨¨s la, ki dwe f¨¨t 15 janvye 2021 an epi pew¨°l chak trim¨¨s ak deklarasyon enpo sou pwodwi k ap vann oubyen s¨¨vis ki dwe f¨¨t n¨°malman 2 novanm 2020 epi 1 fevriye 2021 an. Li aplike tou pou ¨°ganizasyon ki pa peye enpo yo, k ap opere sou yon baz ane sivil, ki te gen yon pwolonjman del¨¨ valid k ap ekspire 16 novanm 2020 an. Biznis ki gen pwolonjman del¨¨ yo gen yon del¨¨ adisyon¨¨l tou, an patikilye sosyete ane sivil yo ki gen del¨¨ ane 2019 yo ki ekspire 15 okt¨°b 2020 an.

Anplis de sa, y ap redwi penalite sou pew¨°l ak depo enpo pou pwodwi k ap vann oubyen s¨¨vis ki dwe f¨¨t nan dat 6 okt¨°b oswa annapre epi anvan 21 okt¨°b ak kondisyon depo yo te f¨¨t anvan oswa nan dat 21 okt¨°b 2020.

Paj Asistans nan moman Dezas IRS (an angl¨¨) la gen detay sou l¨°t deklarasyon, p¨¨man ak aksyon ki gen rap¨° ak enpo yo ki kalifye pou pwolonjman del¨¨ a.

Otomatikman, IRS la bay tout kontribyab ki nan z¨°n dezas la ki anrejistre nan IRS asistans pou tout enpo ak penalite. Kidonk, kontribyab yo pa bezwen kontakte ajans lan pou yo jwenn ¨¨d sa a. Sepandan, si yon kontribyab ki kons¨¨ne resevwa yon avi penalite pout¨¨t yon depo oswa yon p¨¨man anreta nan men IRS men premye del¨¨ oswa pwolonjman yo te ba li pou li te f¨¨ deklarasyon an, depo a oswa p¨¨man an tonbe nan pery¨°d rap¨° a, li ta dwe rele nimewo ki sou avi a pou yo ka redwi penalite a pou li.

Mete sou sa, IRS ap travay ak tout kontribyab ki p ap viv nan z¨°n dezas la men ki gen dosye ki neses¨¨ pou del¨¨ yo respekte pandan moman pwolonjman an ki afekte nan z¨°n dezas la. Kontribyab ki kalifye pou ¨¨d la ki p ap viv nan z¨°n dezas la dwe kontakte IRS nan 866-562-5227. Sa gen ladan li tou travay¨¨ k ap sip¨°te aktivite asistans yo epi ki afilye ak yon gouv¨¨nman yo rekon¨¨t oswa yon ¨°ganizasyon k ap f¨¨ byen.

Patikilye ak biznis ki nan yon z¨°n leta deklare z¨°n dezas, ki soufri p¨¨t akoz dezas la, ki pa t gen asirans oswa yo pa t ranbouse, ka chwazi pou reklame yo swa nan deklarasyon pou ane l¨¨ p¨¨t la te f¨¨t la (nan ka sa a, y ap depoze deklarasyon 2020 an n¨°malman ane pwoch¨¨n), oswa nan deklarasyon pou ane anvan an (2019) Rasire w ou ekri nimewo deklarasyon FEMA a ¨C 4570 ? pou sikl¨°n Delta nan Louisiana nan tout deklarasyon pou reklame p¨¨t ou f¨¨ yo. Konsilte Piblikasyon 547 (an angl¨¨) pou detay.

Pou dega sikl¨°n Delta f¨¨ yo, asistans pou enpo a se youn nan repons kow¨°done leta bay ki chita sou evalyasyon dega nan z¨°n nan FEMA te f¨¨. Pou enf¨°masyon sou repriz aktivite yo apre dezas la, vizite .