obÌåÓý

Opsyon IRS plan peman s¨¨vis lib ¨C Vit, fasil epi an sekirite

FS-2024-20, Jen 2024

L¨¨ kontribyab yo pa kapab peye sa yo dwe a an antye, S¨¨vis Revni Ent¨¨n bay anpil opsyon plan peman s¨¨vis lib. Sepandan, li ta ka pwofitab pou kontribyab yo eksplore opsyon andey¨° IRS toudepan de sitiyasyon finansye yo. K¨¨lkeswa fason yon moun peye, li ta dwe aji byen vit paske b¨°dwo enpo yo vin pi gwo toutotan yo rete san peye.

Plan peman s¨¨vis lib sou ent¨¨n¨¨t

Pif¨° kontribyab yo kalifye pou yon plan peman IRS (oswa ak¨° v¨¨sman) epi yo ka itilize ak¨° peman ent¨¨n¨¨t (OPA) pou f¨¨ aranjman pou peye yon montan ki poko peye sou yon tan presi. Yon fwa kontribyab yo fin ranpli aplikasyon an sou ent¨¨n¨¨t, yo resevwa notifikasyon imedya pou konnen si IRS apwouve plan peman yo a.

Pwosesis la pran s¨¨lman k¨¨k minit, ou pa bezwen okenn dokiman epi w pa gen pou w rele, ekri oswa vizite IRS. Fr¨¨ itilizasyon ka aplike pou k¨¨k kalite plan. Kontribyab ki pa kalifye pou s¨¨vis lib sou ent¨¨n¨¨t ta dwe kontakte IRS pou l¨°t opsyon plan peman nan nimewo telef¨°n oswa adr¨¨s ki nan d¨¨nye avi yo a.

  • Opsyon plan peman sou ent¨¨n¨¨tpou kontribyab endividy¨¨l yo enkli:
    • Plan peman kout t¨¨m ¨C Pou kontribyab ki gen yon montan total mwens pase $100 000 nan enpo konbine, penalite ak enter¨¨. Plan sa a ba yo 180 jou anplis pou peye montan an n¨¨t.
    • Plan peman alont¨¨m (yo rele tou yon ak¨° v¨¨sman) ¨C Pou kontribyab ki gen yon montan total ki mwens pase $50 000 nan enpo konbine, penalite ak enter¨¨. Yo ka f¨¨ peman chak mwa pou jiska 72 mwa. Yo ankouraje kontribyab yo pou yo tabli plan peman yo av¨¨k debi dir¨¨k (retr¨¨ otomatik labank), sa ki elimine nesesite pou voye yon peman chak mwa, ekonomize depans lap¨°s epi redwi chans pou peman an pa f¨¨t. IRS egzije debi dir¨¨k pou montan ki ant $25 000 ak $50 000.
  • Opsyon plan peman sou ent¨¨n¨¨t pou kontribyab biznis yo genyen ladan yo:
    • Plan peman alont¨¨m (yo rele tou yon ak¨° v¨¨sman) ¨C Pou kontribyab biznis ki gen yon montan total ki mwens pase $25 000 nan enpo konbine, penalite ak enter¨¨ nan ane fiskal akty¨¨l la ak ane fiskal anvan an. Yo ka f¨¨ peman chak mwa pou jiska 24 mwa. Kontribyab yo ka chwazi f¨¨ peman yo av¨¨k debi dir¨¨k (retr¨¨ otomatik labank) epi yo egzije li pou montan ki ant $10 000 ak $25 000.

Zouti sou ent¨¨n¨¨t pou plan peman

Kontribyab ki kalifye ki gen plan peman ki egziste deja yo ka itilize ak¨° peman sou ent¨¨n¨¨t la pou f¨¨ chanjman nan plan yo ki enkli revize dat peman yo, kantite lajan peman yo oswa enf¨°masyon labank pou peman debi dir¨¨k yo.

Moun ki kontribyab yo gen opsyon pou yo konekte oswa pou yo kreye pw¨°p kont yo sou ent¨¨n¨¨t. Kont sa a p¨¨m¨¨t yo w¨¨:

  • Kantite lajan yo dwe.
  • Istwa peman ak nenp¨°t peman pwograme oswa annatant.
  • Detay plan peman.
  • Kopi dijital k¨¨k avi ki soti nan IRS.

Kounye a, kontribyab biznis ki elijib yo gen opsyon pou yo s¨¨vi ak nouvo karakteristik peman enpo nan kont fiskal biznis yo pou f¨¨ peman montan ki dwe. Ou ka jwenn enf¨°masyon sou kalifikasyon pou peman ak opsyon peman ki disponib nan IRS.gov.

Jwenn plis enf¨°masyon sou depans plan peman yo sou IRS.gov ¨C Enf¨°masyon adisyon¨¨l sou plan peman yo.