IR-2021-123, June 4, 2021
WASHINGTON ¡ª S¨¨vis Revni Ent¨¨n nan ap voye plis pase 2.8 milyon ranbousman nan semenn sa bay kontribyab ki te deja peye enpo sou konpansasyon chomaj yo, nouvo lwa a retire k¨°m revni kounya.
·¡´Ú¨° IRS yo pou korije eks¨¨ peman konpansasyon chomaj yo ap ede majorite kontribyab ki afekte yo evite f¨¨ yon deklarasyon enpo amande. Jiskaprezan, IRS la idantifye deja 13 milyon kontribyab ki ka kalifye pou ajisteman an. Gen ladan yo k ap resevwa ranbousman, yo pral bay tanzantan, epi k¨¨k ap genyen eks¨¨ peman yo aplike sou enpo yo dwe oswa l¨°t d¨¨t. Pou k¨¨k, p ap genyen okenn chanjman.
Lwa Plan Sovtaj Ameriken 2021 an (ARPA - American Rescue Plan Act) te retire jiska $10 200 nan konpansasyon chomaj pou chak kontribyab yo peye nan 2020 an. $10 200 a se montan maksim¨°m yo ka retire l¨¨ y ap kalkile revni ki taksab yo; se pa montan renbousman yo.
Pi bon¨¨ nan mwa sa a, IRS te k¨°manse ak ekzamen pwogramasyon deklarasyon enpo ki te f¨¨t anvan pwomilgasyon ARPA a pou idantifye konpansasyon chomaj ki ka eskli a. IRS la ap f¨¨ koreksyon pou Kredi Enpo sou Revni yo, Kredi Enpo Prim ak Kredi Ranbousman Rekiperasyon esklizyon an afekte a.
Kontribyab ki genyen timoun kalifye yo epi ki vin kalifye pou EITC (Earned Income Tax Credit - Kredi Enpo sou Revni) apre esklizyon fin kalkile ka genyen pou yo f¨¨ yon deklarasyon amande pou reklame nenp¨°t nouvo avantaj. IRS la ka ajiste deklarasyon enpo yo pou sila yo ki selibat¨¨ ki pa genyen timoun epi ki vin kalifye pou EITC a. IRS la ka ajiste tou, deklarasyon enpo kote yo reklame EITC a ak timoun kalifye ki idantifye.
Jis jodia, IRS ekzaminen deja plis pase 3.1 milyon deklarasyon, av¨¨k plis pase 2.8 milyon ranbousman y ap resevwa.
IRS la planifye pou bay pwochen ranbousman yo nan mitan mwa Jen an. Ekzamen deklarasyon yo ak koreksyon nan tretman yo ap kontinye pandan sezon lete a pandan IRS la ap kontinye ekzaminen deklarasyon ki pi senp yo pou li pran sa ki pi konpl¨¨ks yo annapre.
IRS ap voye l¨¨t bay kontribyab yo, jeneralman nan 30 jou apre ajisteman an, pou enf¨°me yo sou ki kalite ajisteman ki te f¨¨t (tankou ranbousman, peman d¨¨t IRS oswa konpansasyon peman pou l¨°t d¨¨t yo otorize) ak montan ajisteman an.