obÌåÓý

IRS pran l¨°t mezi pou f¨¨ s¨¨ten moun ki gen timoun ka jwenn k¨°b $500 P¨¨man pou Ch¨°k Economik yo

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, r¨¨gleman oswa pwosedi akty¨¨l yo.

IR-2020-180, 14 Dawou 2020

WACHINGTONN ¡ª S¨¨vis Revni Ent¨¨n kontinye ap chache fason pou ede moun ki pat janm rive ka bay enf¨°masyon yo atan pou yo te ka resevwa k¨°b P¨¨man pou Ch¨°k Ekonomik lan pou timoun yo genyen yo. Nan kad ef¨° sa a, S¨¨vis Revni Ent¨¨n anonse jounen jodi a l ap ouv¨¨ pery¨°d enskripsyon an ank¨° pou benefisy¨¨ federal yo ki pat resevwa jan sa te f¨¨t pi bon¨¨ nan ane a $500 dola p¨¨man pou chak grenn timoun nan.

IRS mande deseri moun ki benefisye ¨¨d federal pou yo ale sou IRS.gov epi s¨¨vi ak Zouti Moun Ki Pa Deklare Yo (an angl¨¨) pou k¨°manse depi 15 Dawou pou ale rive 30 Septanm pou yo antre enf¨°masyon pou timoun yo genyen ki kalifye pou pwogram nan, pou yo ka resevwa p¨¨man $500 dola adisyon¨¨l yo.

Nan moun k ap gen dwa pou antre enf¨°masyon sa yo n ap konte sila yo ki gen timoun ki kalifye pou pwogram nan epi ki resevwa k¨°b retr¨¨t nan men Sekirite Sosyal, oswa paske ki benefisye ak¨°z yon moun yo ki te mouri, oubyen ak¨°z yon andikap yo genyen, oubyen ki gen Revni Sekirite Siplemant¨¨ (SSI), avantaj sosyal k¨°m Retrete nan S¨¨vis Fewovy¨¨, ou ki gen konpansasyon ak pansyon k¨°m Ansyen Konbatan (C&P), epi ki pat soum¨¨t deklarasyon taks pou ane 2018 oubyen 2019 lan.

IRS gentan panse davans f¨¨ p¨¨man ratrapaj, ki egal $500 pou chak t¨¨t timoun ki gen dwa sa a, ki pou distribye nan mitan Okt¨°b yo konsa.

"Anplwaye IRS yo ap travay san pran souf pou yo ka rive livre plis pase 160 milyon P¨¨man Ch¨°k Ekonomik nan yon tan rek¨°. Nou kow¨°done ef¨° sansibilizasyon ak konbyen mil ¨°ganizasyon kominot¨¨ epi nou founi matery¨¨l nan plis pase douz lang," dapr¨¨ sa Komis¨¨ IRS la, Chuck Rettig, di. "L¨¨ n konsidere kokenn chenn demann ki genyen pou asistans EIP, nou kontinye bay priyorite epi nou ogmante sa nou ofri moun ki merite sa, nou konte moun sa yo tou ki toujou ap tann yon p¨°syon nan p¨¨man an. Pou palye ak sa, nou menm mete apa k¨¨k resous siplemant¨¨ IRS genyen pou n ka konnen tout bon vre moun ki dwe jwenn yo ka resevwa tout kantite n¨¨t yo dwe resevwa nan monan difisil sa yo."

Ou te Itilize zouti Moun Ki Pa Deklare Yo apr¨¨ 5 Me? Anyen w pa bezwen f¨¨.

Pou benefisy¨¨ Sekirite Sosyal, SSI, Minist¨¨ Ansyen Konbatan ak K¨° Retrete S¨¨vis Fewovy¨¨ yo ki gentan itilize zouti ki di Moun Ki Pa Deklare Yo, pou yo te ka bay enf¨°masyon sou timoun yo, pa gen anyen ank¨° yo dwe f¨¨. IRS gen pou l f¨¨ yon p¨¨man otomatik nan mwa Okt¨°b.

Ou pat ank¨° itilize zouti Moun Ki Pa Deklare Yo? D¨¨nye jou pou w voye enf¨°masyon w ale se nan dat 30 Septanm.

Pou sila yo ki tje resevwa benefis Sekirite Sosyal, SSI, RRB, oubyen VA yo, epi ki pat ko itilize zouti Moun Ki Pa Deklare Yo pou yo sa bay enf¨°masyon sou timoun yo, yo pa dwe kite dat 30 septanm nan pase pou yo pa enskri sou ent¨¨n¨¨t la ak zouti ki di Moun Ki Pa Deklare Yo: zouti Antre Enf¨°masyon Pou w Peye Yo La, disponib s¨¨lman sou IRS.gov. Sonje byen, nenp¨°t moun ki te deklare oswa ki f¨¨ plan deklare swa pou 2018 oubyen pou 2019 la, se deklarasyon taks li dwe soum¨¨t; se pa zouti sa a pou l s¨¨vi.

Pou sila a ki pa anmezi pou jwenn zouti Moun Ki Pa Deklare Yo, yo ka som¨¨t yon deklarasyon senplifye sou papye, men yo bezwen pase nan chemen ki dekri nan FAQ (an angl¨¨) sa a sou IRS.gov.

Nenp¨°t benefisy¨¨ ki te kite d¨¨nye dat 30 Septanm lan bare yo, yo bezwen tann jouk ane pwoch¨¨n pou yo reklame l k¨°m kredi nan deklarasyon revni pou taks federal nan ane 2020 yo a.

Sila yo se nan depo dir¨¨k yo te resevwa P¨¨man orijinal pa yo a pou Ch¨°k Ekonomik la, se nan depo dir¨¨k epi nan menm kont lan y ap jwenn nenp¨°t ki l¨°t p¨¨man adisyon¨¨l. Se yon ch¨¨k l¨°t moun yo ap jwenn.

Moun ki kalifye yo ka verifye estati ch¨¨k yo a nan zouti ki di Resevwa K¨°b Mwen An sou IRS.gov. Anplis, gen yon avi y ap voye bay chak moun ki jwenn k¨°b la pou verifye yo te jwenn $ 500 dola p¨¨man adisyon¨¨l pou chak t¨¨t timoun, yo dwe kons¨¨ve avi sa a ansanm ak l¨°t dokiman taks yo.

L¨°t Moun Ki Pa Deklare yo ka toujou jwenn yon p¨¨man, men yo pa dwe kite dat 15 Okt¨°b la pase.

Malgre pi f¨° Ameriken gentan resevwaP¨¨man pa yo a pou Ch¨°k Ekonomik la, IRS ap f¨¨ moun ki gen revni f¨¨b yo oubyen ki pa gen py¨¨s revni yo epi ki pat bezwen f¨¨ deklarasyon pou taks yo sonje yo ka byen merite pou yo resevwa yon P¨¨man pou Ch¨°k Ekonomik lan.

Moun ki f¨¨ pati gwoup sa a dwe itilize tou zouti Moun Ki Pa Deklare Yo - men f¨° yo pa kite dat 15 Okt¨°b la pase san yo pa aji, si yo vle resevwa p¨¨man yo a nan ane sa a.

Nenp¨°t moun ki rate d¨¨nye dat 15 Okt¨°b la ap bezwen tann jouk ane pwoch¨¨n pou yo reklame l k¨°m kredi nan deklarasyon revni pou taks federal nan ane 2020 yo a.

Disponib ni an angl¨¨ ni nan lang Pany¨°l, zouti Moun Ki Pa Deklare Yo a te konsevwa pou moun ki an prensip f¨¨ pi piti pase $24,400 an tou pou de moun ki marye, epi $12,200 pou selibat¨¨. Sa vle di tou ni moun ki marye oubyen k ap viv s¨¨l men ki sanzabri. Moun ka gen dwa sa a, menm si yo p ap travay oubyen yo pa gen py¨¨s revni. Men ouvriye ki gen revni f¨¨b oubyen modere yo epi fanmi klas ouvriy¨¨ ki kandida pou resevwa benefis espesyal nan taks, tankou Kredi Taks pou Revni W Antre oswa Kredi Taks pou Timoun, pa ka itilize zouti sa a. Y ap genyen pou you soum¨¨t dosye n¨°mal pou deklarasyon, e se pou yo itilize Deklare Gratis bay IRS oswa yon l¨°t met¨°d.

L¨°t avi enp¨°tan ki antre nan kad P¨¨man pou Ch¨°k Ekonomik Yo:

Pansyon alimant¨¨ pou timoun yon pare dwe epi l poko peye. IRS ap travay san pran souf pou l rezoud ka kote swa to te pran yon p¨°syon oubyen tout k¨°b yon paran epi yo voye l bay l¨°t paran an pou pansyon alimant¨¨ timoun ki pat peye. Moun ki nan sitiyasyon sa a pa bezwen f¨¨ anyen. IRS ap otomatikman voye p¨°syon nan EIP yon paran pou al kouvri d¨¨t l¨°t paran an te genyen an.

Mari oswa madanm yon kontribyab taks ki mouri. L¨¨ yo adopte Lwa CARES la, IRS te mete an egz¨¨sis lwa ki mache ak pwosesis epi pwosedi ki lye ak p¨¨man relans ekonomik 2008 la (p¨¨man yo te voye bay moun ki deja mouri). Apr¨¨ anpil revizyon nan prentan an, Minist¨¨ Finans di konsa moun ki mouri anvan yo resevwa EIP a pa ta dwe resevwa p¨¨man ki te f¨¨t depi davans lan. Konsa, pwosedi EIP yo te chanje pou anpeche pou pa gen l¨°t p¨¨man ki ale jwenn moun ki deja mouri. Yon pati nan pwosesis la se anile ch¨¨k moun pat chanje yo. Te gen k¨¨k EIp ki te konn al jwenn mari oswa madanm kontribyab ki mouri a yo anile tou. IRS ap travay san pran souf sou yon solisyon sistemik pou revoye p¨¨man bay mari oswa madanm kontribyab taks ki mouri a, epi konsa yo pat anmezi pou depoze EIP inisyal yo te peye d¨¨fen an ansanm ak konjwen ki vivan an. Pou EIP ki te gentan anile oubyen retounen yo, mari oubyen madanm ki vivan an ap jwenn otomatikman pati pa yo a nan EIP a.

IRS pran mezi pou f¨¨ mezi moun kapab ki merite jwenn p¨¨man yo. Yon rap¨° siveyans ki f¨¨k f¨¨t konfime pou di IRS gentan kalkile ak presizyon montan k¨°b ki dwe pou 98% nan p¨¨man ki gentan livre. Poutan, IRS rekon¨¨t enp¨°tans lajan an pou moun ki poko resevwa tout p¨¨man yo dwe resevwa a. IRS kontinye ap konsidere fason pou l ede moun jwenn kantite egzat k¨°b pou yo jwennnan, epi l ap kontinye founi tout d¨¨nye enf¨°masyon sou l¨°t amelyorasyon ank¨° k ap vini.

Pou plis Enf¨°masyon sou P¨¨man pou Ch¨°k Ekonomik la, pami yo gen repons ajou sou kesyon moun poze souvan ansanm ak l¨°t resous, ale sou IRS.gov/coronavirus (an angl¨¨). Resous sou ent¨¨n¨¨t sa yo itil pou moun ki ka pa konprann (i) pouki sa p¨¨man yo resevwa a pi piti pase $1,200, (ii) Yo pa merite jwenn p¨¨man, oubyen (iii) pouki sa yo ka pa gen dwa jwenn $500 dola p¨¨man pou chak t¨¨t timoun ki kalifye.