obÌåÓý

IRS devwale zouti anliy ki pou ede fanmi ki gen ti revni yo enskri pou peman Kredi Enpo pou Timoun yo

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, r¨¨gleman oswa pwosedi akty¨¨l yo.

WASHINGTON ¡ª Depatman Trez¨° ak S¨¨vis Revni Ent¨¨n nan jodia te devwale yon zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran anliy ki la pou ede fanmi kalifye yo ki pa f¨¨ deklarasyon enpo yo n¨°malman enskri pou peman mansy¨¨l Avans Kredi Enpo pou Timoun yo, pwograme pou k¨°manse 15 Jiy¨¨.

Zouti sa a, yon aktyalizasyon zouti Non-Deklaran IRS ane pase a, se yon zouti ki la tou pou ede endividi kalifye ki pa f¨¨ deklarasyon enpo yo n¨°malman, enskri pou twazy¨¨m tou $1400 Peman Enpak Ekonomik yo (yo konnen tou sou non ch¨¨k relans) epi reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon an pou tout montan de (2) premye tou Peman Enpak Ekonomik yo te ka rate yo.

Zouti sa a devlope nan yon patenarya av¨¨k Intuit epi distribye atrav¨¨ Alyans Deklarasyon Gratis la, li ofri yon mwayen gratis epi fasil pou moun kalifye ki gen yon revni ki ase pou yo ta gen yon obligasyon pou f¨¨ deklarasyon enpo sou revni, pou yo bay IRS la enf¨°masyon debaz neses¨¨ yo¡ªnon, adr¨¨s, ak nimewo ekirite Sosyal yo¡ªpou kalkile epi f¨¨ peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo. Souvan, yo se moun ak fanmi ki resevwa yon ti piti oswa okenn revni, ansanm av¨¨k sila yo ki sanzabri yo ak l¨°t gwoup defavorize yo. Nouvo zouti sa a disponib sou IRS.gov.

¡°Nou t ap travay di pou nou k¨°manse distribye avans Kredi Enpo pou Timoun mansy¨¨l yo bay plizy¨¨ milyon fanmi ki gen timoun nan Jiy¨¨ a,¡° Komis¨¨ IRS la, Chuck Rettig, te di. ¡°Nouvo zouti sa a pral ede plis moun jwenn aks¨¨ fasil nan kredi enp¨°tan sa a e l ap ede tou, moun ki pa f¨¨ deklarasyon enpo yo n¨°malman, jwenn yon Peman Enpak Ekonomik. Nou ankouraje moun yo analize detay yo sou nouvo ef¨° enp¨°tan sa a.¡±

Zouti Enskripsyon pou Non-Deklarasyon an se pou moun ki pa t f¨¨ yon deklarasyon enpo pou 2019 oswa 2020 an epi ki pa t itilize zouti Non-Deklaran yo ane pase pou enskri pou Peman Enpak Ekonomik yo. Zouti a p¨¨m¨¨t yo bay enf¨°masyon neses¨¨ kons¨¨nan yo menm, timoun kalifye yo ki genyen 17 lane ak pipiti, l¨°t depandan yo, ak enf¨°masyon bank¨¨ yo pou depo dir¨¨k pou IRS la ka depze peman yo byen rapid epi fasil sou kont ch¨¨k yo oswa kont epay yo.

Majorite fanmi yo p ap bezwen antreprann okenn aksyon

Fanmi kalifye ki te deja deklare oswa planifye pou f¨¨ deklarasyon enpo 2019 oswa 2020 yo pa ta dwe itilize zouti sa a. Depi IRS la fin trete deklarasyon enpo 2019 oswa 2020 yo a, enf¨°masyon yo ap itilize pou det¨¨minen kalifikasyon epi distribye peman avans yo. Fanmi ki vle reklame l¨°t avantaj fiskal yo, tankou Kredi Enpo sou Revni pou fanmi ki gen ti revni ak revni modere yo, pa ta dwe itilize zouti sa a e olyedesa yo ta dwe f¨¨ yon deklarasyon enpo regilye. Pou yo menm, mwayen ki pi rapid ak pi fasil pou f¨¨ yon deklarasyon enpo se atrav¨¨ sist¨¨m Deklarasyon Gratis la , ki disponib sou IRS.gov.

Patenarya piblik-prive jwe yon w¨°l esansy¨¨l

Intuit te devlope zouti Enskripsyon Non-Deklaran an pou IRS la epi bay zouti sa atrav¨¨ patisipasyon li nan Alyans Deklarasyon Gratis la. Intuit gen yon bon ti tan l ap travay kole av¨¨k IRS la pou inove solisyon yo, av¨¨k Non-Deklaran yo ladan: Zouti Rantre Enf¨°masyon Peman yo La a. Anplis, pandan anpil lane, Intuit ofri F¨°mil¨¨ Deklarasyon pou Ranpli Gratis, li te distribye tou atrav¨¨ Alyans Deklarasyon Gratis la. Sa se v¨¨syon elektwonik f¨°milye papye IRS yo, ki bay tout kontribyab yo opsyon deklarasyon elektwonik gratis la. Pa gen okenn restriksyon sou revni si w itilize opsyon sa pou f¨¨ yon deklarasyon enpo 2020.

Veye anak yo

IRS la ankouraje tout moun pou yo veye anak ni sou peman Kredi Enpo pou Timoun yo ni sou Peman Enpak Ekonomik yo. IRS la mete aksan sou s¨¨l mwayen pou jwenn nenp¨°t nan avantaj sa yo se swa l¨¨ ou f¨¨ yon deklarasyon enpo av¨¨k IRS la oswa l¨¨ ou enskri anliy atrav¨¨ zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an, s¨¨lman sou IRS.gov. Nenp¨°t l¨°t opsyon se yon anak.

Veye anak k ap itilize im¨¨l, ap¨¨l telef¨°n oswa mesaj ki gen rap¨° ak peman yo. F¨¨ atansyon epi pran prekosyon: IRS la pa janm voye kominikasyon elektwonik si se pa ou ki mande l, pou li mande nenp¨°t moun pou louvri atachman oswa vizite yon sit ent¨¨n¨¨t ki pa gouv¨¨nmantal.

L¨°t zouti k ap par¨¨t byento

IRS kreye yon paj espesyal pou Avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 sou IRS.gov/childtaxcredit2021, ki f¨¨t pou bay enf¨°masyon ki pi resan apwopo peman kredi yo ak peman avans yo..

Paj la deja afiche yon lyen ki mennen nan zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an. Nan k¨¨k semenn k ap vini yo, paj la ap afiche l¨°t nouvo zouti itil tou, tankou:

  • Yon asistan kalifikasyon ent¨¨raktiv pou Kredi Enpo pou Timoun yo pou ede fanmi yo det¨¨minen si yo kalifye pou peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo.
  • Yon l¨°t zouti, P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, ok¨°mansman ap p¨¨m¨¨t tout moun ki te det¨¨minen pou kalifye pou peman avans yo dezenskri/pou soti nan pwogram peman avans lan. Pita ane sa a, l ap p¨¨m¨¨t moun yo verifye estati peman yo, aktyalize enf¨°masyon yo, epi disponib an Pany¨°l.

Kominote patn¨¨ yo kapab ede

IRS ankouraje gwoup kominot¨¨ yo, benev¨°l yo, asosyasyon yo, ¨°ganizasyon edikasyon yo, ak l¨°t ki gen koneksyon ak moun ki gen timoun yo pou pataje enf¨°masyon enp¨°tan sa kons¨¨nan Kredi Enpo pou Timoun nan ansanm ak l¨°t gwo avantaj yo tou. IRS la ap bay nan pa lontan, matery¨¨l adisyon¨¨l ak enf¨°masyon ki ka pataje fasilman atrav¨¨ medya sosyal, im¨¨l, ak l¨°t met¨°d.

Apwopo Avans Kredi Enpo pou Timoun nan

Kredi Enpo pou Timoun elaji epi ki fenk aksesib la te otorize pa Lwa Plan Sovtaj Ameriken an, ki te pwomilge nan mwa Mas. N¨°malman, IRS la ap kalkile peman an sou deklarasyon enpo 2020 yon moun, ansanm av¨¨k sila yo ki itilize zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an. Si deklarasyon sa pa disponib akoz li patko depoze oswa y ap trete li toujou, IRS la ap det¨¨minen pito premye montan peman yo pandan l ap itilize deklarasyon 2019 la oswa enf¨°masyon ki rantre nan zouti Non-Deklaran yo ki te disponib nan 2020 an.

Chak peman ap jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen ant 6 ak 17 lane.

Pou li rasire li fanmi yo gen aks¨¨ fasil ak lajan yo, IRS la pral distribye peman sa yo pa mwayen depo dir¨¨k, depi yo te bay IRS la enf¨°masyon bank¨¨ ki k¨°r¨¨k. Osinon, moun yo ta dwe gade bwat lap¨°s yo nan z¨°n 15 Jiy¨¨ yo pou peman pa lap¨°s yo. Dat pou peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo se 15 Jiy¨¨, 13 Dawout, 15 Sektanm, 15 Okt¨°b, 15 Novanm ak 15 Desanm.

Pou pils enf¨°masyon, vizite IRS.gov/childtaxcredit2021, oswa li FAQs (Kesyon yo Poze Souvan) sou Kredi Enpo pou Timoun an 2021 an ak Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo (an angl¨¨).