IR-2021-116, May 19, 2021
WASHINGTON ¡ª S¨¨vis Revni Ent¨¨n jodia te kontinye ak yon ef¨° li ap f¨¨ pou ede sila yo ki sanzabri yo pandan li ap raple moun yo ki pa genyen yon adr¨¨s p¨¨manan oswa yon kont labank, yo kapab toujou kalifye pou peman relans yo ak l¨°t kredi yo, tankou avans Kredi Enpo pou Timoun nan.
Ajans lan ap ch¨¨che ¨¨d tou nan men gwoup ki ap ede moun ki vilnerab oswa defavorize yo, ki ka genyen difikilte pou yo benefisye peman relans lan otomatikman. F¨¨ yon deklarasyon enpo 2020, menm si moun yo pa oblije f¨¨ sa (an angl¨¨), te kapab mete lajan nan p¨°ch yo.
Pandan twazy¨¨m tou Peman Enpak Ekonomik yo kontinye ap f¨¨t otomatik pou majorite moun kalifye yo, IRS la pa kapab f¨¨ yon peman pou Ameriken kalifye yo l¨¨ enf¨°masyon yo pa disponib nan sist¨¨m fiskal ajans lan.
Pou ede moun sanzabri yo, p¨°v nan milye riral yo ak l¨°t gwoup defavorize depi lontan yo, IRS la ankouraje gwoup kominot¨¨ yo, anplway¨¨ yo ak l¨°t yo, pou pataje enf¨°masyon kons¨¨nan Peman Enpak Ekonomik yo, avans Kredi Enpo pou Timoun ki gen pou f¨¨t la ak l¨°t detay sou taks yo, pou ede plis moun kalifye f¨¨ yon deklarasyon enpo pou yo ka benefisye tout bagay yo kalifye pou yo.
Avans Kredi Enpo pou Timoun: Peman yo ap k¨°manse byento
IRS ak Etazini Depatman Trez¨° te anonse bon¨¨ nan semenn sa, premye peman mansy¨¨l nouvo Kredi Enpo pou Timoun ki elaji a (CTC, Child Tax Credit) nan Plan Sovtaj Ameriken an, ap f¨¨t 15 Jiy¨¨. Apepr¨¨ 39 milyon fwaye¡ªki kouvri 88% timoun Ozetazini¡ªprevwa pou k¨°manse resevwa peman mansy¨¨l yo san yo p ap genyen pou yo antreprann okenn aksyon.
IRS ak Trez¨° te anonse tou, peman CTC ogmante yo ap f¨¨t 15 chak mwa sof si 15 lan tonbe nan yon wikenn oswa yon konje. Fanmi ki resevwa kredi a pa mwayen depo dir¨¨k ka planifye bidj¨¨ yo sou resepsyon alokasyon an. Fanmi kalifye yo ap resevwa yon peman jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen 6 lane ak plis.
Plan Sovtaj Ameriken an te ogmante Kredi Enpo pou Timoun maksim¨°m nan nan lane 2021 an a $3 600 pou timoun ki gen mwens pase 6 lane yo epi a $3 000 pou chak timoun pou timoun ki genyen ant 6 ak 17 lane yo. Plan Sovtaj Ameriken an ta dwe p¨¨m¨¨t plis pase senk milyon timoun soti nan p¨°vrete ane sa a, si sa f¨¨t, se plis pase mwatye timoun ki ap soti nan p¨°vrete.
Fwaye yo ki kouvri plis pase 65 milyon timoun ap resevwa peman CTC mansy¨¨l la pa mwayen depo dir¨¨k, papye ch¨¨k, oswa kat debi,epi IRS ak Trez¨° angaje yo pou yo maksimize itilizasyon depo dir¨¨k la pou asire yon livrezon rapid epi sekirize. Pandan majorite kontribyab yo p ap genyen pou yo antreprann okenn aksyon pou resevwa peman yo a, Trez¨° ansanm ak IRS ap kontinye miltipliye ef¨° yo ansanm ak ¨°ganizasyon patn¨¨ yo nan mwa ki ap vini yo pou reveye konsyans plis fanmi sou kalifikasyon yo.
K¨°man pou ede
IRS la ankouraje gwoup kominot¨¨ yo, anplway¨¨ yo ak l¨°t yo pou pataje enf¨°masyon kons¨¨nan Kredi Enpo pou Timoun nan, Peman Enpak Ekonomik yo, ak l¨°t pwogram kle yo, pou ede plis moun kalifye f¨¨ yon deklarasyon enpo pou yo ka benefisye tout bagay yo kalifye pou yo. IRS.gov genyen yon varyete enf¨°masyon ak zouti pou ede moun yo.
Peman Enpak Ekonomik yo, yo konnen tou sou non peman relans, diferan parap¨° ak majorite l¨°t avantaj fiskal yo; moun yo kalifye pou peman yo menm si yo genyen yon ti revni oswa pa genyen ditou epi menm si yo pa abitye f¨¨ yon deklarasyon enpo. Sa se yon verite toutotan yo genyen yon nimewo Sekirite Sosyal ak si pa gen yon moun ki ap sip¨°te yo ki kapab deklare yo k¨°m depandan. Pou tout moun ki te manke de (2) premye tou peman yo, li pa tw¨° ta.
Sepandan, f¨¨ yon deklarasyon enpo 2020 se s¨¨l mwayen, si yo kalifye, pou yo jwenn lajan premye oswa dezy¨¨m peman an kounya. Moun yo ap bezwen reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2020 an. Majorite moun ki pa konn deklare yo kapab itilize Deklarasyon Gratis IRS pou yo bay enf¨°masyon debaz yo. Yo ap menm jwenn yon seksyon espesyal sou IRS.gov la ki ap kapab ede: Reklamasyon Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2020 an si ou pa gen obligasyon pou f¨¨ yon deklarasyon enpo (an angl¨¨).
L¨¨ endividi a reponn kesyon yo nan Deklarasyon Gratis, yo kapab tou dekouvri yo kalifye pou l¨°t kredi enpo, ki ka vle di yon pi gwo ranbousman. IRS ap trete deklarasyon enpo a epi l ap bay yon ranbousman. Endividi a kapab espere de (2) peman paske yo peye Kredi Ranbousman Rekiperasyon k¨°m yon pati nan ranbousman fiskal la. Apre yo fin bay ranbousman an, si yo kalifye, y ap jwenn yon l¨°t peman touswit apre pou twazy¨¨m Peman Enpak Ekonomik la.
Pou twazy¨¨m tou peman yo, moun ki sanzabri yo ka kalifye pou benefisye $1 400 pou t¨¨t yo. Si yo marye oswa genyen depandan kalifye, yo kapab jwenn yon $1 400 adisyon¨¨l pou chak manm nan fanmi yo.
F¨¨ yon deklarasyon enpo federal sou revni ki bay enf¨°masyon debaz yo apwopo yon moun, se yon bagay ki kapab f¨¨t pa mwayen elektwonik l¨¨ ou itilize yon telef¨°n ent¨¨lijan oswa yon ¨°dinat¨¨. L¨¨ IRS resevwa deklarasyon an, l ap kalkile li otomatikman epi bay endividi ki kalifye yo Peman Enpak Ekonomik yo. Moun yo pa bezwen yon adr¨¨s p¨¨manan oswa yon kont labank. Yo pa bezwen genyen yon travay. Pou endividi kalifye yo, IRS ap toujou f¨¨ peman an menm si yo genyen plizy¨¨ lane depi yo pa deklare.
Adr¨¨s p¨¨manan pa obligatwa
Moun yo kapab reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon an oswa l¨°t kredi yo, oswa jwenn yon twazy¨¨m Peman Enpak Ekonomik menm si yo pa genyen yon adr¨¨s p¨¨manan. Parekzanp, yon moun ki sanzabri ka mete nan yon lis, adr¨¨s yon zanmi, fanmi oswa founis¨¨ s¨¨vis li f¨¨ konfyans, tankou yon refij, yon sant ak¨¨y jounen oswa yon pwogram lojman tranzisyon, sou deklarasyon ki depoze nan IRS la. Si yo pa anmezi pou chwazi depo dir¨¨k, yon ch¨¨k oswa kat debi pou ranbousman fiskal la, y ap kapab voye twazy¨¨m Peman Enpak Ekonomik la pa mwayen lap¨°s nan adr¨¨s sa.
Pou sila yo ki pa genyen kont labank
Anpil enstitisyon finansy¨¨ ap ede yon moun ki pa genyen yon kont pou ouvri yon kont labank ki pa koute anpil oswa gratis. Endividi ki ouvri kont yo ap genyen yon nimewo kont ak yon nimewo woutaj disponib si yo deklare epi f¨¨ demann yon depo dir¨¨k pou Peman Enpak Ekonomik la.
Vizite pou detay, an angl¨¨ ak Pany¨°l, sou kijan pou ouvri yon kont anliy. Pami l¨°t bagay yo, moun yo kapab itilize zouti FDIC a pou lokalize yon bank toupre a ki asire nan FDIC. Anplis, , , ak , tout genyen lis bank ak inyon kredi yo konpile ki kapab ouvri yon kont anliy.
Pou veteran yo, vizite pou jwenn aks¨¨ nan s¨¨vis finansye nan bank ki nan pwogram nan.
Moun ki genyen yon kat debi prepeye ka jwenn ranbousman yo a sou kat la. Anpil kat prepeye ki rechajab oswa aplikasyon peman mobil genyen nimewo kont ak nimewo woutaj yo ap kapab bay IRS la. Endividi yo t ap bezwen verifye b¨° kote enstitisyon finansye a pou asire si kat la kapab s¨¨vi epi jwenn nimewo kont ak nimewo woutaj la, ki ka diferan parap¨° ak nimewo kat la.
Travay¨¨ ki sanzabri yo ap kapab benefisye EITC a tou
Yon travay¨¨ ki sanzabri kapab kalifye tou pou yon Kredi Enpo sou Revni (Earned Income Tax Credit, EITC). Pou jwenn kredi a, lwa federal la mande pou travay¨¨ a ap viv Ozetazini pou plis pase mwatye nan ane a epi ranpli l¨°t kondisyon ank¨°. Sa vle di pou l ap viv nan yon kay nan nenp¨°t nan 50 Eta yo oswa Distrik Columbia a. An konsekans, endividi sanzabri yo, tankou sila yo ki nan youn oswa plizy¨¨ refij pou sanzabri yo, ka ranpli kondisyon sa.
Plis detay sou Kredi Enpo sou Revni an
Pou moun sanzabri ki genyen yon travay, f¨¨ yon deklarasyon souvan pote bonis adisyon¨¨l¡ªjwenn yon bonis ki chita sou plizy¨¨ avantaj fiskal, espesyalman EITC pou travay¨¨ ki genyen revni f¨¨b ak revni mwayen yo epi fanmi ki nan travay yo.
Tankou anpil l¨°t travay¨¨, k¨¨k travay¨¨ ki sanzabri toujou kalifye pou kredi a menm si yo rantre yon revni ki tw¨° piti nan 2020 an pou yo dwe taks. Pou 2020 an, limit revni an se $15 820 pou selibat¨¨ ki pa genyen timoun yo ($21 710 pou koup ki pa genyen timoun yo). Limit revni an pi plis pou moun ki genyen timoun yo. Parekzanp, limit la se $50 594 pou selibat¨¨ ki genyen twa (3) oswa plis timoun ($56 844 pou koup ki genyen twa (3) oswa plis timoun). Sila yo ki rantre mwens dwe ranpli l¨°t kondisyon pou kalifikasyon (an angl¨¨) tou.
Paske li se yon kredi ranbousab, sila yo ki kalifye e ki reklame kredi a te ka peye mwens taks federal, pa peye okenn taks oswa menm jwenn yon ranbousman fiskal. EITC a kapab mete jiska $6 660 nan p¨°ch yon travay¨¨. Montan an varye dapre revni travay¨¨ a, estati deklarasyon an ak l¨°t fakt¨¨.
IRS la rekon¨¨t travay¨¨ kalifye ki sanzabri yo souvan rankontre yon seri defi l¨°t moun yo pa rankontre.
Pou yo konnen si yo kalifye, moun yo kapab itilize Asistan EITC a sou IRS.gov. Li disponib ni Angl¨¨ ni an Pany¨°l.
Deklare gratis
Mwayen ki pi rapid ak pi fasil pou reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2020 an ak Kredi Enpo sou Revni an (EITC) oswa pou jwenn twazy¨¨m Peman Enpak Ekonomik la se itilize Deklarasyon Gratis IRS la pou f¨¨ yon deklarasyon elektwonikman. Moun yo kapab itilize yon telef¨°n ent¨¨lijan oswa yon ¨°dinat¨¨ pou ale sou IRS.gov la.
Atrav¨¨ sist¨¨m Deklarasyon Gratis la, nenp¨°t moun ki kalifye pou EITC a kalifye tou pou itilize lojisy¨¨l gwo mak yo pou prepare ak f¨¨ deklarasyon elektwonik yo gratis. IRS la ankouraje tout moun ki sanzabri yo ki genyen yon telef¨°n ent¨¨lijan oswa aks¨¨ nan yon ¨°dinat¨¨ pou yo pwofite s¨¨vis sa.
Depo dir¨¨k f¨¨ peman yo pi rapid
Depo dir¨¨k se mwayen ki pi sekirize ak pi rapid pou resevwa yon ranbousman ak twazy¨¨m Peman Enpak Ekonomik la. Moun yo ap genyen pou yo mete enf¨°masyon pou depo dir¨¨k la sou deklarasyon enpo 2020 yo a pou yo jwenn peman yo pa mwayen depo dir¨¨k.
Tout moun ki genyen yon kont epay, ch¨¨k oswa koutaj kapab chwazi resevwa ranbousman yo an elektwonikman sou kont sa. Kontribyab yo kapab achte Etazini tou Obligasyon Epay av¨¨k ranbousman yo an. Depo Dir¨¨k disponib menm pou moun ki f¨¨ deklarasyon enpo sou papye, men tretman deklarasyon enpo sou papye a pran plis tan.
Ede mesaj la difize
Anplway¨¨ yo kapab mete anplwaye yo okouran de twazy¨¨m Peman Enpak Ekonomik la, Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2020 an ak Kredi Enpo sou Revni an epi Kredi Enpo pou Timoun (an angl¨¨) nan, ak pandan y ap ankouraje yo pou deklare avantaj sa yo dapre r¨¨gleman ane fiskal 2020 an. Anplis, Plan Sovtaj Ameriken an, ki te pwomilge nan Mas 2021, elaji EITC a ak avantaj Kredi Enpo pou Timoun yo pou ane fiskal 2020 an.
K¨¨k moun ap kapab jwenn peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo pita ane sa. Pa gen anyen sila yo ki kalifye ap genyen pou yo f¨¨ nan nivo sa; se s¨¨lman f¨¨ yon deklarasyon enpo 2020.
IRS ap kontinye travay lajman ak gwoup kominot¨¨ yo atrav¨¨ peyi a pou f¨¨ moun yo f¨¨ deklarasyon enpo yo pou yo resevwa tout Peman Enpak Ekonomik ak kredi yo dwe genyen yo. Ef¨° sa yo te mennen plis pase 8 milyon moun ki pa t konn deklare, f¨¨ deklarasyon enpo yo ane pase.
Pou plis enf¨°masyon, verifye , ki disponib sou IRS.gov.