obÌåÓý

Fanmi ki pa tradisyon¨¨l yo ka kalifye pou peman avans kredi enpo pou timoun yo

Kons¨¨y sou Taks pou COVID 2021-150, 12 Okt¨°b 2021

Fanmi yo vini nan tout f¨°m ak tout dimansyon ¨C epi k¨¨k fanmi ki ka pa reyalize yo te ka resevwa peman avans kredi enpo pou timoun 2021 an nan d¨¨nye mwa yo nan ane a. IRS la ankouraje paran yo, paran ak¨¨y yo oswa moun k ap pran swen fr¨¨ ak s¨¨ oswa l¨°t fanmi yo pou yo verifye kalifikasyon yo.

Pou ane fiskal 2021 an, fanmi k ap reklame kredi enpo pou timoun nan ap resevwa:

  • Jiska $3,000 pou chak timoun kalifye ki nan laj ant 6 ak 17 lane nan fen 2021 an
  • Jiska $3,600 pou chak timoun kalifye ki genyen mwens pase 6 lane nan fen 2021 an

Total peman avans ki peye an 2021 an ap jiska 50 pousan kredi enpo pou timoun nan.

Yon timoun kalifye kapab pou deklaran an:

  • Pitit gason li oswa pitit fi li
  • Bofis oswa b¨¨lfi
  • Timoun nan fanmi ak¨¨y ki kalifye
  • Fr¨¨ ak s¨¨, ansanm av¨¨k bofr¨¨ ak b¨¨ls¨¨ oswa demi fr¨¨ ak s¨¨
  • Desandan yonn nan sa ki site anwo yo ¨C pa egzanp pitit yon pitit, ny¨¨s oswa neve.

Jeneralman, yon fanmi kalifye pou peman avans kredi enpo pou timoun yo si yo genyen yon timoun kalifye. Epi tou, yon moun ¡ª oswa konjwen yo, si yo marye epi y ap depoze yon deklarasyon konjwen ¡ª dwe genyen kay prensipal yo nan yonn nan 50 eta oswa Distrik Columbia a pou plis pase mwatye ane a. Anplis egzijans relasyon yo pi wo yo, timoun nan dwe reponn ak kondisyon annapre yo:

  1. Pou ane fiskal 2021 an, yon timoun kalifye se yon moun ki p ap gen 18 lane anvan 1ye Janvye 2022 epi moun nan pa bay plis pase yon mwatye sip¨° pandan 2021 an.
  2. Moun nan ap viv av¨¨k kontribyab la pandan plis pase yon mwatye nan ane fiskal 2021 an. Pou eksepsyon nan egzijans sa a, gade, Piblikasyon 972, Kredi Enpo pou Timoun ak Kredi pou L¨°t Depandan (an angl¨¨) PDF IRS la.
  3. Moun nan deklare n¨°malman, antanke depandan kontribyab la. Pou plis enf¨°masyon sou k¨°man pou ou deklare moun nan antanke yon depandan, gade Piblikasyon 501, Depandan, Dediksyon Estanda, ak Enf¨°masyon Deklarasyon (an angl¨¨) PDF IRS la.
  4. Moun nan pa depoze yon deklarasyon konjwen av¨¨k konjwen li an pou ane fiskal 2021 an oswa li depoze li s¨¨lman pou reklame yon ranbousman prel¨¨vman enpo sou revni oswa enpo estime ki peye.
  5. Moun nan te yon sitwayen ameriken, yon res¨°tisan, oswa yon etranje rezidan Ozetazini. Pou plis enf¨°masyon sou kondisyon sa a, gade Piblikasyon 519, Gid Fiskal Etazini pou Etranje yo (an angl¨¨) PDF IRS la.

K¨°man pou w jwenn peman avans yo

Zouti Enskripsyon Non-Deklaran IRS la ap ede moun ki pa gen pou deklare yon deklarasyon enpo ranpli yon deklarasyon senplifye pou jwenn peman avans kredi enpo pou timoun yo, kredi rab¨¨ rekiperasyon an ak Peman Enpak Ekonomik yo. Zouti IRS la disponib jiska 15 Okt¨°b 2021.

Moun ki gen egzijans pou depoze yon deklarasyon enpo ta dwe verifye IRS.gov nan semenn k ap vini yo. P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun IRS la ap aktyalize pou p¨¨m¨¨t fanmi yo IRS la sou timoun kalifye y ap deklare nan deklarasyon enpo 2021 yo a. Epi IRS la ap kapab ajiste kredi enpo pou timoun estime 2021 fanmi an ¨C e pa konsekan, l ap ajiste montan peman avans mansy¨¨l kredi enpo pou timoun yo.

Si yon fanmi pa resevwa peman avans kredi enpo pou timoun yo pou yon timoun kalifye, yo ka deklare pou 2021, yo ka reklame tout montan kredi enpo pou timoun ki pou timoun sa l¨¨ yo depoze yon deklarasyon enpo pou 2021.

Ab¨°ne nan Kons¨¨y sou Taks IRS yo (an angl¨¨)