obÌåÓý

Piblikasyon yo ede kontribyab yo prepare yo epi rete pare pou sezon deklarasyon taks la

IRS Tax Tip 2021-186, 15 desanm 2021

Av¨¨k sezon deklarasyon taks li ki tou pre, kontribyab yo ta dwe verifye de (2) piblikasyon IRS ki disponib sou IRS.gov. Piblikasyon sa yo kapab ede moun yo prepare yo epi rete ¨°ganize av¨¨k kons¨¨y pou planifikasyon fiskal pou tout ane a.

Piblikasyon 5348, Prepare Ou pou deklare (an angl¨¨) PDF

Planifikasyon fiskal se pou tout moun. Kontribyab yo kapab itilize piblikasyon sa a pou yo ede yo prepare t¨¨t yo pou depoze deklarasyon taks sou revni federal 2021 yo a l¨°t ane. Planifikasyon ede moun yo depoze yon bon deklarasyon epi evite tretman anreta ki ka ralanti ranbousman taks yo a.

Piblikasyon 5349, Planifikasyon fiskal sou tout ane a se pou tout moun (an angl¨¨) PDF

Chanjman nan vi a kapab afekte ranbousman oswa montan taks yon kontribyab dwe. Chanjman sa yo gen ladan yo bagay tankou estati travay, eta sivil ak gen oswa p¨¨t finansy¨¨ yo. Piblikasyon 5349 bay kons¨¨y sou devl¨°pman abitid yo pandan ane a k ap ede preparasyon taks la f¨¨t pi fasil. Resous sa gen ladan tou, yon lis kontw¨°l eleman kontribyab yo ta dwe genyen nan men yo l¨¨ y ap depoze deklarasyon taks yo.

Plis enf¨°masyon:

Ab¨°ne nan Kons¨¨y sou Taks IRS yo (an angl¨¨)