Kons¨¨y sou Taks IRS 2021-116, 10 dawou 2021
IRS ak patn¨¨ Som¨¨ Sekirite li yo k¨°manse kanpay lete chak ane yo a d¨¨nyeman. T¨¨m ane sa a, Ranf¨°se Iminite Sekirite a: Batay Kont V¨°l Idantite (an angl¨¨), ankouraje pwofesyon¨¨l enpo yo pou yo ogmante ef¨° yo pou pwoteje done kliyan yo. Yon IP PIN se yon zouti ki gen val¨¨ ki kapab ede nan ef¨° sa a epi li disponib kounyea pou tout moun ki kapab verifye idantite yo.
Yon PIN Pwoteksyon Idantite se yon nonb sis (6) chif kontribyab ki kalifye yo genyen pou ede anpeche yo itilize nimewo Sekirite Sosyal yo oswa Nimewo Udantifikasyon Kontribyab P¨¨son¨¨l yo pou f¨¨ fo deklarasyon enpo sou revni federal. Nimewo sa a ede IRS la verifye idantite yon kontribyab epi aksepte deklarasyon enpo li a. Zouti Resevwa Yon IP PIN nan p¨¨m¨¨t tout moun ki gen yon SSN oswa yon ITIN resevwa yon IP PIN apre yo fin verifye idantite yo atrav¨¨ yon pwosesis otantifikasyon ki f¨¨t av¨¨k rig¨¨. Kontribyab yo ta dwe gade ank¨° egzijans pou Aks¨¨ Sekirize yo anvan yo eseye itilize zouti Resevwa Yon IP PIN nan.
Pou rezon sekirite, pwofesyon¨¨l enpo yo pa kapab resevwa yon IP PIN nan non kliyan yo.
Pwofesyon¨¨l enpo ki eksperimante v¨°l idantite kapab ede kliyan yo pandan y ap ankouraje yo pou yo pran yon IP PIN byen rapid. Menmsi yon v¨°l¨¨ gentan f¨¨ yon fo deklarasyon, yon IP PIN t ap toujou ofri pwoteksyon pou ane annapre yo epi anpeche kontribyab yo kontinye viktim v¨°l idantite ki gen pou w¨¨ ak enpo.
Plis bagay kontribyab yo ta dwe konnen apwopo IP PIN nan:
- Se yon k¨°d sis (6) chif kontribyab la ak IRS s¨¨lman konnen.
- Pwogram akseptasyon an volont¨¨.
- Yo dwe mete IP PIN nan, l¨¨ lojisy¨¨l la mande sa, nan deklarasyon enpo elektwonik la oswa nan deklarasyon sou papye a akote liy siyati a.
- IP PIN nan valid pou yon lane ¨°din¨¨.
- Pou rezon sekirite, patisipan ki enskri yo resevwa yon nouvo IP PIN chak ane
- Konjwen yo ak depandan yo kalifye pou yon IP PIN si yo kapab verifye idantite yo
- Itilizat¨¨ IP PIN yo pa ta dwe janm pataje nimewo yo a ak p¨¨s¨°n, s¨¨lman bay IRS la ak founis¨¨ preparasyon enpo yo f¨¨ konfyans lan. IRS la p ap janm rele, voye im¨¨l oswa mesaj t¨¨ks pou mande IP PIN nan.
Akty¨¨lman, kontribyab yo kapab jwenn yon IP PIN pou 2021 an, IP PIN sa ta dwe itilize l¨¨ y ap f¨¨ deklarasyon enpo federal pandan ane a ansanm av¨¨k deklarasyon ane ki pase yo. Nouvo IP PIN yo ap disponib apati janvye 2022.
Kontribyab ki pa kapab valide idantite yo anliy epi ki genyen revni $72 000 oswa mwens, kapab depoze F¨°m 15227 (ANGL?-PANY?L), Demann pou yon Nimewo Idantifikasyon P¨¨son¨¨l pou Pwoteksyon Idantite (an angl¨¨) PDF. IRS la ap rele nimewo telef¨°n kontribyab la te bay nan F¨°m 15227 la pou valide idantite kontribyab la. Sepandan, pou rezon sekirite, IRS la ap bay yon IP PIN pou pwochen sezon deklarasyon an epi kontribyab la pa kapab itilize IP PIN nan pou akty¨¨l sezon deklarasyon an.
Kontribyab ki pa kapab valide idantite yo anliy, oswa nan telef¨°n, oswa ki pa kalifye pou depoze yon F¨°m 15227 kapab pran yon randevou nan yon Sant Asistans pou Kontribyab. Y ap bezwen pote yon py¨¨s idantite ki gen foto gouv¨¨nman an ba yo ak yon l¨°t dokiman idantifikasyon pou pwouve idantite yo. Depi li fin verifye, kontribyab la ap resevwa yon IP PIN nan bwat postal la nan twa (3) semenn, jan sa abitye ye.
Plis enf¨°masyon:
- Piblikasyon 5367 (ANGL?-PANY?L), Pwogram Akseptasyon PIN pou Pwoteksyon Idantite pou Kontribyab yo PDF
- Piblikasyon 4557, Pwoteksyon Done Kontribyab la (an angl¨¨)
- Piblikasyon 5293, Gid Resous Sekirite Done pou Pwofesyon¨¨l Enpo yo (an angl¨¨) PDF
- Santral V¨°l Idantite