obÌåÓý

Gid pery¨°d fiskal: Chanjman nan plan sekou gouv¨¨nman ameriken an ka ranf¨°se ranbousman yo pou anpil fanmi; sitwayen yo sipoze f¨¨ deklarasyon taks yo menm si yo pa t konn f¨¨ sa depi plizy¨¨ ane

IR-2022-29, 8 fevriye 2022

WACHINTONN (WASHINGTON) ¡ª Jodia, s¨¨vis revni ent¨¨n ankouraje sitwayen ameriken yo pou yo f¨¨ yon deklarasyon taks sou revni federal pou ane 2021an pou yo kapab benefisye bon jan avantaj taks ki nan plan sekou gouv¨¨nman ameriken an ak l¨°t lejislasyon resan yo.

Nan majorite ka, patikilye ak fanmi yo ka jwenn avantaj taks elaji sa yo (an angl¨¨), menm si yo ta rantre yon tikal lajan oswa yo pa ta rantre lajan ditou nan travay yo, nan biznis yo oswa nan l¨°t sous. Sa vle di, anpil moun ki n¨°malman pa gen obligasyon pou f¨¨ yon deklarasyon taks ta sipoze f¨¨ sa ane sa a. Paske reklamasyon avantaj sa yo ka pem¨¨t anpil moun benefisye ranbousman taks. Kontribyab yo sipoze f¨¨ yon deklarasyon taks elektwonik ak done ki egzat epi chwazi depo dir¨¨k pou evite reta nan pwosesis la epi pem¨¨t ou resevwa ranbousman yo pi rapid.

Avantaj taks elaji

Gen yon nouvo paj enf¨°masyon, FS-2022-10 (an angl¨¨), ki disponib kounye a sou sit IRS.gov la, ki bay anpil sou avantaj taks elaji sa yo. Men, IRS ensiste sou sa, avantaj sa yo disponib s¨¨lman pou moun ki f¨¨ yon deklarasyon taks sou revni federal pou ane 2021. Avantaj sa yo gen nan yo:

  • Yon Kredi taks elaji pou timoun: Fanmi yo ka reklame kredi sa a, menm si yo te resevwa avans peman yo chak mwa pandan d¨¨nye mwatye ane 2021 an.
  • Yon ogmantasyon kredi pou swen timoun ak depandan (an angl¨¨): Fanmi ki peye gadri pou timoun yo yon fason pou yo ka al travay oswa ch¨¨che travay ka jwenn yon kredi taks ki ekivalan a jiska $4,000 pou yon moun ki kalifye oswa $8,000 pou de oswa plis moun ki kalifye.
  • Yon kredi taks sou revni ki pi jenere: Plan sekou gouv¨¨nman ameriken an te ranf¨°se EITC pou travay¨¨ ki pa gen pitit yo. Genyen chanjman tou ki ka ede fanmi ki gen timoun k ap viv ak yon revni ki ba oswa revni modere.
  • Kredi ranbousman rekiperasyon an: Moun ki te rate twazy¨¨m tranch peman enpak ekonomik (EIP3) ane pase a, sa yo rele tou peman estimilis yo, gendwa elijib pou reklame kredi rab¨¨ pou rekiperasyon. Kredi sa a ka ede moun ki elijib yo epi twazy¨¨m tranch peman enpak ekonomik yo te pi piti pase kantite lajan konpl¨¨ a tou. Sa ki gen ladan moun ki te akeyi yon timoun nan ane 2021 an.
  • Yon dediksyon pou kado ou bay pou f¨¨ charite: Majorite kontribyab ki pran dediksyon estanda a ka dedwi kontribisyon elijib lajan kach yo te f¨¨ pandan ane 2021 an. Koup marye ki f¨¨ deklarasyon ansanm gendwa dedwi jiska $600 nan don lajan kach epi kontribyab endividy¨¨l yo ka dedwi jiska $300 nan don yo. Anplis de sa, elema ki f¨¨ gwo don lajan kach souvan kalifye pou dedwi kantite lajan an o konpl¨¨ an 2021.

Gade paj enf¨°masyon an pou plis detay.

IRS raple moun ki f¨¨ deklarasyon bon¨¨ yo, dapr¨¨ lalwa, ajans lan pa p ka f¨¨ ranbousman kredi taks sou revni yo anvan mitan mwa fevriye. Menm r¨¨g la aplikab tou pou ranbousman ki gen ladann kredi taks adisyon¨¨l pou timoun (ACTC). Ane sa a, se tipikman sitwayen ameriken k ap viv aletranje epi ki pa t gen yon rezidans prensipal ozetazini pou plis pase mwatye nan ane 2021 an k ap reklame kredi taks adisyon¨¨l pou timoun. N¨°malman, restriksyon nan mitan mwa fevriye a pa aplikab pou kredi taks ranbousab pou timoun(RCTC), kote se sitwayen ki te gen yon rezidans prensipal Ozetazini ki f¨¨ reklamasyon an, sof si yo ta reklame kredi taks sou revni tou.

Rap¨¨l itil

IRS ankouraje tout kontribyab pou yo asire yo, yo gen tout deklarasyon fendane yo nan men yo, anvan menm yo reyalize deklarasyon taks yo pou ane 2021 an. Anplis de tout W-2 ak 1099s yo, sa ki gen ladan de (2) deklarasyon IRS pibliye -- L¨¨t 6419 (an angl¨¨), ki montre total avans peman kredi taks pou timoun yo, ak L¨¨t 6475 (an angl¨¨), ki montre total peman twazy¨¨m tranch peman enpak ekonomik yo. Sitwayen yo ka itilize Kont Anliy IRS yo tou pou yo ka w¨¨ kantite total twazy¨¨m tranch peman enpak ekonomik yo oswa avans peman kredi taks pou timoun yo. Konjwen ki marye epi ki te resevwa peman ansanm yo ap gen pou yo siyen separeman nan pw¨°p kont pa yo pou ka rekipere kantite lajan separeman.

Pou pif¨° sitwayen ameriken, dat limit pou f¨¨ deklarasyon taks la (an angl¨¨) se 18 avril 2022. Pou moun ki abite nan M¨¨n (Maine) ak Masatchous¨¨t (Massachusetts), dat limit la se 19 avril 2022. Pou sitwayen ameriken k ap viv ak travay aletranje yo, se 15 jen 2022. Nenp¨°t moun ki bezwen plis tan pou reyalize deklarasyon yo ka benefisye yon pwolongasyon otomatik jiska 17 okt¨°b 2022.

Kontribyab yo ka jwenn repons kesyon yo, f¨°m yo ak enstriksyon ak zouti ki byen fasil pou itilize sou ent¨¨n¨¨t sou paj IRS.gov la. Yo ka itilize resous sa yo pou ka jwenn ¨¨d l¨¨ sa neses¨¨ pandan yo chita lakay yo, nan travay yo oswa l¨¨ yo nan vwayaj.

Enf¨°masyon sa a f¨¨ pati yon seri ki rele Gid pery¨°d fiskal (an angl¨¨), yon resous pou ede kontribyab yo byen reyalize yon deklarasyon taks taks ak done ki egzat. Gen plis ¨¨d ki disponib toujou nan Piblikasyon 17, Taks Federal sou Revni Ou (an angl¨¨).