IR-2022-60, 16 mas 2022
WACHINTON ¡ª Jodi a S¨¨vis Revni Ent¨¨n lan ankouraje kontribyab yo pou yo byen pwoteje t¨¨t yo kont eskwokri ak fwod pandan yo ap byen sekirize ¨°dinat¨¨, tabl¨¨t ak telef¨°n yo. Pwoteksyon sib¨¨sekirite solid ak rekonesans eskwokri enp¨°tan anpil pou diminye menas v¨°l idantite andedan ak dey¨° sist¨¨m fiskal la.
IRS la travay kole kole ak Som¨¨ Sekirite a (an angl¨¨) a, yon patenarya ant ajans fiskal leta yo ak endistri fiskal sekt¨¨ prive a, pou ede pwoteje enf¨°masyon kontribyab yo ak defann yo kont v¨°l idantite. Kontribyab yo ak pwofesyon¨¨l fiskal yo ka pran mezi pou ede nan ef¨° sa a l¨¨ yo poze aksyon sa yo tankou minimize anprent sib¨¨netik yo epi akeri kapasite pou idantifye eskwokri ak fwod ki pi frekan yo.
Anba a gen 10 kons¨¨y pou ede redui ekspozisyon t¨¨t ou a fwod ak v¨°l idantite:
- Pwoteje done p¨¨son¨¨l yo. Bay yon nimewo Sekirite Sosyal, pa egzanp, s¨¨lman l¨¨ sa neses¨¨. S¨¨lman bay enf¨°masyon p¨¨son¨¨l oswa f¨¨ tranzaksyon finansye sou sit ki verifye k¨°m sit ent¨¨n¨¨t ki gen bon repitasyon, ki kripte.
- Pwoteje enf¨°masyon p¨¨son¨¨l yo. Trete enf¨°masyon p¨¨son¨¨l yo tankou lajan likid - pa lage yo nan men nenp¨°t moun. Nimewo Sekirite Sosyal, nimewo kat kredi, labank e menm nimewo kont s¨¨vis piblik yo ka s¨¨vi pou ede v¨°l¨¨ lajan yon moun oswa louvri nouvo kont.
- Itilize modpas ki solid. Itilize yon modpas oswa yon seri mo k ap fasil pou ou sonje. Itilize omwen 10 karakt¨¨; 12 se sa ki pi bon an pou pif¨° itilizat¨¨ lakay yo. Melanje l¨¨t, nimewo ak karakt¨¨ espesyal yo. Eseye enprevizib ¨C pa itilize non, dat nesans oswa mo komen. Pa s¨¨vi ak menm modpas la pou plizy¨¨ kont epi evite pataje yo. Kenbe modpas yo nan yon kote ki an sekirite oswa itilize zouti jesyon modpas yo.
- Aktive pwoteksyon modpas ak kriptaj pou rezo san fil yo. Si Wi-Fi yon kay oswa yon biznis pa sekirize, li p¨¨m¨¨t tout ¨°dinat¨¨ ki nan lantouraj la aksede ak rezo sa a epi potansy¨¨lman v¨°l¨¨ enf¨°masyon ki soti nan apar¨¨y ki konekte yo. Chak fwa gen opsyon pou yon kont ki pwoteje ak modpas, itilizat¨¨ yo ta dwe opte pou yon pwosesis otantifikasyon milti-fakt¨¨. Otantifikasyon milti-fakt¨¨ a enp¨°tan anpil pou pwoteje modpas ou.
- Evite ¨¨skrokri fishing. Fason ki pi fasil pou krimin¨¨l yo v¨°l¨¨ done sansib se tou senpleman mande ou li. IRS ankouraje kontribyab yo aprann rekon¨¨t im¨¨l eskwokri, ap¨¨l oswa t¨¨ks ki vle f¨¨ yo pase pou ¨°ganizasyon ou konnen tankou bank, konpayi kat kredi oswa menm IRS la. Kenbe done sansib an sekirite epi:
- Toujou konsyan ke yon im¨¨l endezirab ak yon demann pou telechaje yon dokiman ki tache oswa klike sou yon lyen ki sanble soti nan men yon moun ou konnen tankou yon zanmi, yon k¨°l¨¨g travay oswa yon pwofesyon¨¨l fiskal si im¨¨l yo a te konpwom¨¨t oswa te pirate.
- Pa kw¨¨ piblisite sou ent¨¨n¨¨t, anons k ap par¨¨t sanzatann yo oswa im¨¨l yo soti nan konpayi ki gen bon repitasyon yo vre. Si yon anons oswa yon ¨°f sanble tw¨° bon pou se ta laverite, pran yon ti moman pou kontakte konpayi ki swadizan voye li a.
- Pa janm telechaje lojisy¨¨l "sekirite" nan yon anons pop-up. Yon estrateji ki itilize anpil se voye yon anons pop-up ki f¨¨ konnen li te detekte yon viris sou ¨°dinat¨¨ ou a. Sa yo pwopozew telechaje a gen plis chans pou se yon lojisy¨¨l malveyan li enstale. Konpayi lojisy¨¨l sekirite ki gen gwo renome yo pa f¨¨ piblisite nan fason sa a.
- Itilize lojisy¨¨l sekirite. Yon pwogram anti-viris ta dwe bay pwoteksyon kont viris, twayen, espyon ak piblist¨¨. IRS ankouraje tout moun pou yo itilize yon pwogram anti-viris epi pou yo toujou kenbe l ajou. Pwograme lojisy¨¨l sekirite a pou li f¨¨ mizajou otomatikman, konsa mizajou va f¨¨t a chak fwa yon nouvo menas par¨¨t.
- F¨¨ edikasyon moun ki pa gen tw¨°p eksperyans yo sou sekirite sou ent¨¨n¨¨t. Timoun yo ak moun ki gen mwens eksperyans sou Ent¨¨n¨¨t yo (an angl¨¨) gendwa pa fin okouran de danje ki genyen nan louvri paj w¨¨b, im¨¨l oswa dokiman ki sisp¨¨k. Adolesan ak itilizat¨¨ ki pi j¨¨n yo ka mete t¨¨t yo an danje l¨¨ yo kite yon seri enf¨°masyon p¨¨son¨¨l lib elib¨¨ pou pirat esplwate.
- Anrejistre dosye yo plizy¨¨ kote. Pa gen okenn sist¨¨m ki an sekirite a sanpousan. Kopye fichye enp¨°tan yo, ki gen ladann deklarasyon enpo federal ak leta, sou disk detachab oswa memwa backup ak estokaj nan nwaj (cloud storage). Sere disk yo, memwa yo ak nenp¨°t kopi sou papye yon kote ki an sekirite epi ki f¨¨men ak kle.
- Konnen danje Wi-Fi piblik. Koneksyon sou Wi-Fi piblik tr¨¨ pratik e souvan gratis, men li gendwa pa sekirize. Ak¨¨ ak sib¨¨rkrimin¨¨l yo ka v¨°l¨¨ enf¨°masyon p¨¨son¨¨l ou yo sou rezo sa yo byen fasil. Toujou itilize yon rezo prive vity¨¨l (VPN) l¨¨ w konekte sou Wi-Fi piblik yo.
- Revize Santral V¨°l Ididantite (Review ID Theft Central). Ki f¨¨t pou amelyore aks¨¨ anliy nan enf¨°masyon sou v¨°l idantite, li bay kontribyab yo, pwofesyon¨¨l fiskal ak biznis yo s¨¨vis.
IRS pa inisye kontak ak kontribyab yo pa imel, mesaj t¨¨ks oswa chan¨¨l medya sosyal pou mande enf¨°masyon p¨¨son¨¨l oswa finansye. Anjeneral, IRS ap voye yon premye b¨°dwo sou papye bay yon moun ki dwe enpo. Nan k¨¨k sitiyasyon espesyal, IRS ap rele oswa vizite yon fwaye oswa yon biznis.
Moun yo ta dwe vijilan pou eskwo ki pran p¨°z yo se ajan IRS pou v¨°l¨¨ enf¨°masyon p¨¨son¨¨l yo. Gen fason pou konnen (an angl¨¨) si se vr¨¨man IRS la.
Kontribyab yo ka jwenn repons kesyon yo, f¨°m yo ak enstriksyon ak zouti ki byen fasil pou itilize sou ent¨¨n¨¨t sou paj IRS.gov la. Yo ka itilize resous sa yo pou ka jwenn ¨¨d l¨¨ sa neses¨¨ pandan yo chita lakay yo, nan travay yo oswa l¨¨ yo nan vwayaj.
Enf¨°masyon sa a f¨¨ pati yon seri ki rele Gid pery¨°d fiskal (an angl¨¨), yon resous ki la pou ede kontribyab yo byen reyalize yon deklarasyon enpo. Gen plis ¨¨d ki disponib toujou nan Piblikasyon 17, Enpo Federal sou Revni Ou a (an angl¨¨).