Kons¨¨y sou Taks pou COVID 2021-87, June 17, 2021
IRS la ap ekzaminen deklarasyon enpo ki te f¨¨t anvan Plan Sovtaj Ameriken 2021 an te vin lwa nan mwa Mas pou det¨¨minen bon montan konpansasyon chomaj ki gen taks sou li ak enpo. Pou kontribyab kalifye yo, sa ka nay yon ranbousman, rediksyon yon balans yo dwe oswa okenn chanjman nan enpo.
·¡´Ú¨° IRS yo pou korije eks¨¨ peman konpansasyon chomaj yo ap ede majorite kontribyab ki afekte yo evite f¨¨ yon deklarasyon enpo amande. Gen kontribyab k ap resevwa ranbousman, yo pral bay tanzantan, epi k¨¨k ap genyen eks¨¨ peman yo aplike sou enpo yo dwe oswa l¨°t d¨¨t. Pou k¨¨k, p ap genyen okenn chanjman.
Lwa Plan Sovtaj Ameriken 2021 an (ARPA - American Rescue Plan Act) te retire jiska $10 200 nan konpansasyon chomaj pou chak kontribyab nan revni ki gen taks yo peye yo nan 2020 an. Kontribyab yo pa ta dwe takse jiska $10 200 nan konpansasyon chomaj la. Sa se pa montan ranbousman kontribyab yo pral resevwa a.
L¨°t ajisteman
IRS la ap f¨¨ koreksyon tou pou Kredi Enpo sou Revni yo, Kredi Enpo Prim (an angl¨¨) ak kredi ranbousman rekiperasyon esklizyon an afekte a.
IRS la ka ajiste deklarasyon enpo yo pou sila yo ki selibat¨¨ ki pa genyen timoun epi ki vin kalifye pou EITC a. IRS la ka ajiste tou, deklarasyon enpo kote yo reklame EITC a ak timoun kalifye ki idantifye.
Kontribyab ki genyen timoun kalifye yo epi ki vin kalifye pou EITC (Earned Income Tax Credit - Kredi Enpo sou Revni) apre esklizyon fin kalkile ka genyen pou yo f¨¨ yon deklarasyon amande pou reklame nenp¨°t nouvo avantaj.
Si IRS la ajiste deklarasyon enpo yon moun, kontribyab la ap resevwa yon l¨¨t nan anviwon 30 jou, k ap eksplike ki kalite ajisteman ki te f¨¨t ak montan ajisteman an. Kalite ajisteman yo genyen ladan yo, yon ranbousman, peman d¨¨t IRS oswa konpansasyon pou l¨°t d¨¨t ki otorize. Konpansasyon yo gen ladan yo, enpo federal ki te gen pou peye, enpo sou revni leta, d¨¨t konpansasyon chomaj leta, pansyon alimant¨¨ pou timoun, pansyon alimant¨¨ pou konjwen oswa k¨¨k l¨°t d¨¨t ki pa gen taks sou yo, tankou pr¨¨ etidyan yo.
Kontribyab yo ta dwe kenbe tout avi IRS yo nan dosye yo epi revize deklarasyon enpo yo apre yo fin resevwa tout avi IRS yo.