obÌåÓý

Kontribyab ki dwe epi kit e rate dat limit pou deklare 18 avril la ta dwe deklare kounyeya pou limite penalite yo ak enter¨¨ yo; li pa tw¨° ta pou reklame Kredi Enpo pou Timoun 2021 an

IR-2022-91, 19 avril 2022

WASHINGTON ¡ª S¨¨vis Revni Ent¨¨n nan ankouraje kontribyab ki te rate dat limit pou deklarasyon taks lendi 18 avril la pou yo f¨¨ sa osito posib. Pandan kontribyab nou dwe yon ranbousman p ap resevwa penalite pou deklarasyon anreta, sila yo ki dwe epi ki te rate dat limit la san yo pa mande yon pwolongasyon ta dwe f¨¨ sa byen vit pou limite penalite ak enter¨¨.

Fanmi ki pa dwe IRS la taks kapab toujou f¨¨ deklarasyon taks 2021 yo a epi reklame Kredi Enpo pou Timoun nan pou ane fiskal 2021 an nan nenp¨°t moman jiska 15 avril 2025 san okenn penalite. Ane sa sepremye fwa nan listwa genyen anpil fanmi ak timoun nan p¨°toriko (Puerto Rico) pral kalifye pou reklame Kredi Enpo pou Timoun nan yo te elaji pou l bay jiska 3 600 dola pa timoun.

Gen kontribyab ki tou kalifye otomatikman pou plis tan pou deklare ak peye taks yo dwe san penalite ak enter¨¨, tankou:

Deklare san penalite pou w jwenn yon ranbousman taks

Gen moun ki ka chwazi pa f¨¨ yon deklarasyon taks paske yo pat rantre ase lajan pou yo ta ekzije yo deklare. Men yo ka pa jwenn yon ranbousman. S¨¨l mwayen pou jwenn yon ranbousman se f¨¨ yon deklarasyon taks. Pa gen penalite pou deklarasyon ki f¨¨t apre dat limit 18 avril la si yo dwe ou yon ranbousman. Nou ankouraje kontribyab yo itilize opsyon deklarasyon elektwonik yo, tankou Deklarasyon Gratis IRS la ki disponib sou IRS.gov jiska 17 okt¨°b pou prepare ak f¨¨ deklarasyon taks 2021 yo pa vwa elektwonik.

Pandan yo kapab itilize majorite kredi taks yo pou redwi taks yo dwe yo, gen k¨¨k kredi ki p¨¨m¨¨t kontribyab yo resevwa lajan depase sa yo dwe a. Sa yo plis konnen pami kredi ranbousab sa yo se Kredi Taks sou Revni ki AntreKredi pou Swen Timoun ak Depandan (an angl¨¨) ak Kredi Taks pou Timoun (an angl¨¨). Sila yo ki pa gen abitid deklare epi ki pat kalifye pou yon twazy¨¨m P¨¨man Enpak Ekonomik oswa te jwenn mwens pase tout montan an ka kalifye pou reklame Kredi Ranbousman rekiperasyon 2021 an l¨¨ yo f¨¨ deklarasyon taks 2021 yo a. Kontribyab yo souvan pa f¨¨ yon deklrasyon taks ak reklame yon ranbousman pou kredi sa yo ak pou l¨°t yo ka kalifye.

Jeneralman, IRS la bay n¨¨f (9) sou 10 ranbousman nan mwens pase 21 jou pou kontribyab ki f¨¨ deklarayon elektwonik epi ki chwazi depo dir¨¨k. Sepandan, li posib pou yon deklarasyon taks mande revizyon adisyon¨¨l oswa pran plis tan. IRS la trete deklarasyon papye yo nan l¨°d li resevwa yo a.

Kontribyab yo kapab swiv ranbousman yo a av¨¨k zouti Kote Ranbousman Mwen an? sou IRS.gov, IRS2Go oswa l¨¨ yo rele liy asistans otomatik pou ranbousman an nan 800-829-1954. Kontribyab yo bezwen premye nimewo Sekirite Sosyal la sou deklarasyon taks la, kondisyon fiskal la ak montan ranbousman yo espere a. Enf¨°masyon sou kondisyon fiskal la aktyalize yon fwa nan jounen an, dabitid lannwit, kidonk pa gen nesesite pou verifye pi souvan.

Deklare pou redwi penalite ak enter¨¨

Kontribyab yo ta dwe f¨¨ deklarsyon taks yo ak peye tout taks yo dwe osito posib pou redwi penalite ak enter¨¨. Yon pwolongasyon pou deklare pa yon pwolongasyon pou peye. Yon pwolongasyon pou deklare bay sis (6) mwa anplis av¨¨k yon nouvo dat limit deklarasyon 17 okt¨°b. Gen penalite ak enter¨¨ sou taks yo dwe apre 18 avril yo epi gen enter¨¨ sou taks ak penalite jiska balans lan fin peye.

Deklare ak peye toutotan sa posib se kle paske penalite pou deklarasyon anreta ak penalite pou p¨¨man anreta a ogmante rapid.

Menm si yon kontribyab pa genyen posiblite pou li peye tout montan taks li dwe a, yo ta dwe toujou f¨¨ yon deklarasyon taks pou redwi penalite pou deklarasyon anreta ki ka genyen. IRS la ofri plizy¨¨ opsyon pou kontribyab ki dwe IRS la men ki pa ka peye (an angl¨¨).

Dabitid, penalite pou deklarasyon ki pa f¨¨t se 5% taks yo dwe pou chak mwa oswa yon pati nan yon mwa kote yon deklarasyon anreta, jiska senk (5) mwa, montan penalite pou p¨¨man ki pa f¨¨t redwi pou nenp¨°t mwa kote toulede (2) penalite yo aplike. Si yon deklarasyon f¨¨t nan plis pase 60 jou apre dat limit la, penalite minim¨°m nan se 435 dola oswa 100% taks ki pa peye a, selon sa ki pi piti a.

Jeneralman, to penalite pou p¨¨man ki pa f¨¨t se 0.5% taks ki pa peye pou chak mwa oswa yon pati nan yon mwa jiskaske tout taks la fin peye oswa jiskaske li rive 25%. To a ka chanje. Pou plis enf¨°masyon, ale sou paj Penalite a sou IRS.gov.

Kontribyab ka kalifye pou al¨¨jman penalite si yo te depoze epi peye al¨¨ pandan twa (3) d¨¨nye ane pase yo epi reponn ak l¨°t ekzijans ki enp¨°tan yo, tankou peye oswa aranje pou peye tout taks ou dwe. Pou plis enf¨°masyon, ale sou paj premye rediksyon penalite sou IRS.gov.

Peye taks ou dwe yo pa vwa elektwonik sou IRS.gov/payments

Sila yo ki dwe taks ou kapab peye byen vit epi an sekirite atrav¨¨ Kont Anliy, Direct Pay (P¨¨man Dir¨¨k) IRS, kat debi oswa kat kredi oswa bous dijital, oswa yo kapab aplike anliy pou yon plan p¨¨man (ansanm av¨¨k yon plan v¨¨sman). Kontribyab k ap peye pa vwa elektwonik yo ap resevwa konfimasyon otomatikman l¨¨ yo soum¨¨t p¨¨man yo a. Av¨¨k Direct Pay (P¨¨man Dir¨¨k) ak Sist¨¨m P¨¨man Taks Elektwonik Elektwonik (EFTPS) la, kontribyab yo kapab resevwa notifikasyon pa im¨¨l kons¨¨nan p¨¨man yo.

Chwazi yon pwofesyon¨¨l taks

IRS la ofri kons¨¨y pou ede kontribyab yo chwazi yon Pwofesyon¨¨l Taks (an angl¨¨) pou asiste yo nan preparasyon deklarasyon taks.

 kapab ede kontribyab yo jwenn preparat¨¨ deklarasyon taks ki genyen yon konpetans pwofesyon¨¨l IRS la rekon¨¨t oswa ki reponn ak ekzijans IRS yo pou Pwogram Sezon Deklarasyon Any¨¨l la.

Deklarasyon Dwa Kontribyab yo

Kontribyab genyen dwa fondamantal nan lwa ki pwoteje yo l¨¨ y ap ent¨¨raji ak IRS la. Deklarasyon Dwa Kontribyab yo prezante dwa sa yo an dis (10) kategori. Piblikasyon 1, Dwa Ou antanke yon Kontribyab (an angl¨¨) IRS la mete aksan sou dwa sa yo ak obligasyon ajans lan pou li pwoteje yo.