obÌåÓý

Gen tan toujou pou ranpli yon deklarasyon enpo pou 2019 epi reklame kredi enpo ki gen anpil val¨¨

Kons¨¨y Fiskal IRS 2023-73, 30 Me 2023

Li pa tw¨° ta pou 1.5 milyon kontribyab yo ki pa t reklame ranbousman 2019 yo a, reklame lajan yo, men yo bezwen ranpli rapid. IRS la pwolonje dat limit pou deklarasyon enpo 2019 la yo jiska 17 jiy¨¨ 2023.

Pwolongasyon dat limit pou ranpli deklarasyon pou ranbousman enpo 2019

Kontribyab yo anjeneral gen twa (3) lane pou deklare epi reklame ranbousman enpo yo. Dat limit twazan pou ranpli deklarasyon 2019 yo pou reklame yon ranbousman se te an 2022, men IRS la te ranvwaye dat limit la (an angl¨¨) pou 17 jiy¨¨ 2023, ak¨°z pandemi COVID-19 la. Sa vle di kontribyab yo toujou gen tan pou yo reklame kredi enpo fanmi ki gen anpil val¨¨ yo.

Kredi Enpo pou Timoun

Kontribyab yo ki reklame omwen yon timoun k¨°m depandan yo (an angl¨¨) nan deklarasyon enpo yo ka pet¨¨t elijib pou Kredi Enpo pou Timoun nan. Kontribyab yo ka tcheke detay sou reklamasyon kredi sa a sou yon deklarasyon enpo 2019 (an angl¨¨) anvan tan an fini. Pou konnen si yon timoun kalifye pou kredi sa a, kontribyab yo ka tcheke ?ske pitit/depandan mwen an kalifye pou kredi enpo pou timoun oswa kredi pou l¨°t depandan yo? (an angl¨¨)

Kredi Swen pou Timoun ak Depandan

Si k¨¨k kontribiyab te peye yon moun pou pran swen pitit yo oswa yon l¨°t manm nan fanmi yo pandan yo t ap travay an 2019, yo ka kalifye pou Kredi Swen pou Timoun ak Depandan (an angl¨¨) k¨¨lkeswa revni yo. Kontribyab yo ki peye pou fr¨¨ gadri yo ka elijib pou reklame jiska 35% nan fr¨¨ pou gadri yo ak s¨¨ten limit.

Kondisyon kalifikasyon pou Kredi Enpo sou Revni ou Touche pou 2019

Kontribyab ki genyen yon revni yo ka pet¨¨t benefisye EITC a. Kredi sa a ede moun ki gen revni ki pi ba pase s¨¨ten bar¨¨m. Pou ane 2019 la, kredi a te vo ozalantou $6,557. Anpil travay¨¨ ki gen revni ki ba ak modere ta ka p¨¨di EITC a si yo pa ranpli deklarasyon enpo 2019 yo a.

IRS la ka kenbe yon ch¨¨k ranbousman enpo 2019 si kontribyab la pa te ranpli deklarasyon enpo pou 2020 ak 2021, epi li ka aplike ranbousman yo nan:

  • B¨°dwo enpo federal oswa eta ki pa peye
  • Pansyon alimant¨¨ pou timoun ki pa peye
  • D¨¨t federal ki pako peye yo tankou pr¨¨ pou etidyan yo

Ou bezwen soum¨¨t yon deklarasyon enpo 2019?

Kontribyab yo ka konsilte F¨°m, Enstriksyon ak piblikasyon (an angl¨¨) pou enstriksyon ak f¨°mil¨¨ fiskal yo pou ane fiskal akty¨¨l lan ak sa anvan yo. Kontribyab yo ka toujou jwenn enf¨°masyon yo bezwen pou ranpli yon deklarasyon enpo 2019, men yo ta dwe k¨°manse bon¨¨ pou asire yo ke yo gen ase tan pou yo deklare anvan dat limit 17 jiy¨¨ 2023 a.

Kontribyab yo ki p¨¨di F¨°m W-2 a, 1098, 1099 oswa 5498 pou ane 2019, 2020 oswa 2021 yo, ta dwe f¨¨ demann kopi yo nan men patwon yo, bank yo oswa l¨°t moun ki peye yo.

Si dokiman finansye yo pa disponib, kontribyab yo ka f¨¨ demann relve sal¨¨ ak revni yo

Si kontribiyab yo pa ka jwenn enf¨°masyon yo a nan men patwon yo, labank oswa l¨°t moun ki peye yo, yo ka mande IRS la yon relve sal¨¨ ak revni. Yon relve sal¨¨ ak revni montre done ki soti nan f¨°m deklarasyon enf¨°masyon IRS la te resevwa, tankou F¨°m W-2, 1099, 1098, F¨°m 5498 ak enf¨°masyon sou kontribisyon IRA. Kontribyab yo ka itilize enf¨°masyon ki soti nan relve an pou ranpli deklarasyon enpo yo.

Fason ki pi rapid ak pi fasil pou jwenn yon relve se gras ak Jwenn dosye enpo ak transkripsyon w yo IRS la. Kontribyab yo kapab ranpli tou F¨°m 4506-T, Demann pou Relve Deklarasyon Enpo (an angl¨¨). Pwosesis pou trete demann alekri yo ka pran plizy¨¨ sem¨¨n, kidonk IRS la rek¨°mande pou moun yo itilize zouti anliy lan oswa k¨°mande relve yo bon¨¨ si yo ap demann lan sou papye.

Plis enf¨°masyon:

Ab¨°ne nan Kons¨¨y Fiskal IRS yo (an angl¨¨)