obÌåÓý

Kons¨¨y pou kontribyab taks ki bezwen deklare yon l¨°t W-4

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, r¨¨gleman oswa pwosedi akty¨¨l yo.

Kons¨¨y IRS sou Taks 2020-109, 26 Dawou 2020

Tout kontribyab taks yo ta dwe revize prel¨¨vman yo chak ane. Yo ka itilize Estimat¨¨ Prel¨¨vman Taks IRS la pou yo ka verifye epi asire yo sa ki prelve pou taks la pa ni tw¨° piti ni tw¨° gwo. Zouti sa a ofri ouvriye yo, retrete yo and travay¨¨ endepandan yo yon met¨°d detaye pou ede yo rive konnen ¨¨ske wi ou non yo bezwen ajiste prel¨¨vman yo a.

Sila yo ki bezwen ajiste prel¨¨vman yo a dwe soum¨¨t yon l¨°t F¨°mil¨¨ W-4, ki se Setifika Prel¨¨vman Anplwaye yo voye bay anplway¨¨ yo a.

Pami moun ki dwe verifye prel¨¨vman yo a, nou ka konte:

  • Sila yo ki nan fanmi ki gen de sous revni
  • Sila yo k ap travay nan de oubyen plis dj¨°b oswa ki s¨¨lman travay yon ti bout tan pandan ane a
  • Sila yo ki gen timoun epi ki reklame kredi tankou kredi taks pou timoun
  • Sila yo ki gen depandan ki pi gran yo, tankou timoun laj 17 an oubyen plis
  • Sila yo ki detaye dediksyon l yo nan deklarasyon taks 2019 yo a
  • Sila yo ki gen gwo revni epi ki gen deklarasyon taks ki pi konpl¨¨ks
  • Sila yo ki gen gwo ranbousman lajan taks oswa ki gen gwo k¨°b taks pou yo peye pou ane 2019 la
  • Sila yo ki te resevwa p¨¨man chomaj pandan yon tan k¨¨lkonk nan ane a

Estimat¨¨ Prel¨¨vman Taks IRS la ka ede kontribyab taks yo pou yo verifye prel¨¨vman yo a.

  • Zouti sa a ap ede det¨¨mine si yo dwe ranpli yon l¨°t F¨°mil¨¨ W-4.
  • L ap ede itilizat¨¨ yo to pou yo det¨¨mine ki enf¨°masyon yo dwe mete nan nouvo F¨°mil¨¨ W-4 la.
  • L a sove yo tan paske yo p ap bezwen ranpli f¨¨y travay pou f¨°mil¨¨ yo. Se estimat¨¨ a ki f¨¨ kalkil ki nan f¨¨y travay yo.

Kontribyab taks yo ki ranpli nouvo F¨°mil¨¨ W-4 la dwe soum¨¨t li bay anplway¨¨ yo a pi vit yo kapab. Kesyon prel¨¨vman ki ap f¨¨t tout tan nan ane a, li pi bon pou w f¨¨ pa sa a pi bon¨¨ pase pi ta.

Moun ta dwe an prensip ogmante prel¨¨vman yo si yo gen plis pase yon travay alafwa oswa si yo gen revni ki soti nan sous kote prel¨¨vman pa ka f¨¨t sou yo. Si ajisteman pa f¨¨t nan sitiyasyon sa yo, li pwobab yo ka dwe plis k¨°b taks epi yo ka peye yon amann l¨¨ y ap f¨¨ deklarasyon taks yo a.

Yon l¨°t b¨°, moun ta dwe an prensip desann prel¨¨vman yo si yo gen dwa pou resevwa kredi taks sou revni oswa dediksyon ki pa menm ak dediksyon n¨°mal yo.

Pran d¨¨nye fich p¨¨man w te touche yo, enf¨°masyon sou l¨°t sous revni w genyen yo, epi pran tou deklarasyon taks sou revni w ki pi fr¨¨ch la; l¨¨fini itilize Estimat¨¨ Prel¨¨vman an pou w ka konnen ki kantite k¨°b prel¨¨vman ki k¨°r¨¨k pou f¨¨t.

Yo ka bezwen ajiste tou prel¨¨vman pou eta yo a oubyen pou vil yo a. Yo ka kontakte pou yo aprann plis sou sa.

Ab¨°ne ak Kons¨¨y Taks IRS (an angl¨¨)