IR-2021-117, May 20, 2021
WASHINGTON ¡ª S¨¨vis Revni Ent¨¨n nan ap raple kontribyab ki te kite d¨¨nye dat limit pou deklarasyon enpo a pase epi yo dwe yon ranbousman, p ap genyen sanksyon pou deklarasyon anreta. Sila yo ki dwe e ki te kite dat limit la pase san yo pa t mande yon pwolongasyon ta dwe deklare rapid pou limite sanksyon yo ak enter¨¨ yo.
Tan anplis pou deklare ak peye tout enpo ki gen pou peye san pa genyen sanksyon ak enter¨¨ disponib pou k¨¨k kontribyab. Sa ki ladan se:
- Manm milit¨¨ ki te s¨¨vi oswa ki nan z¨°n konba akty¨¨lman. Yo ka kalifye pou yon pwolongasyon adisyon¨¨l 180 jou pou pipiti (an angl¨¨) pou deklare ak peye enpo yo.
- P¨¨son¨¨l sip¨° nan z¨°n konba yo oswa yon operasyon ijans pou sip¨°te F¨°s Lame yo. Yo kapab tou, kalifye pou yon pwolongasyon pou deklarasyon ak pou peye (an angl¨¨) 180 jou pou pipiti.
- K¨¨k viktim dezas. Sila ki kalifye yo genyen plis tan pou deklare ak peye (an angl¨¨) sa yo dwe.
Men k¨¨k ti kons¨¨y pou moun ki deklare anreta yo:
Deklare pou jwenn yon ranbousman fiskal
S¨¨l mwayen pou jwenn yon ranbousman se f¨¨ yon deklarasyon enpo. Pa gen sanksyon pou deklarasyon apre dat limit la l¨¨ yo dwe w yon ranbousman. Itilize opsyon deklare sou ent¨¨n¨¨t ki gen ladan Deklarasyon Gratis IRS la ki disponib sou IRS.gov jiska 15 Okt¨°b pou prepare epi deklare sou ent¨¨n¨¨t.
COVID-19 kontinye lakoz reta nan k¨¨k s¨¨vis IRS. Si yon kontribyab te f¨¨ yon deklarasyon enpo sou papye, IRS ap trete li nan l¨°d li te resevwa li a. Kontribyab yo pa ta dwe f¨¨ yon dezy¨¨m deklarasyon enpo ni rele IRS. IRS la bay plis pase n¨¨f sou 10 ranbousman nan mwens pase 21 jou. Sepandan, li posib pou yon deklarasyon enpo mande ekzamine apwofondi e ka pran plis tan.
Kontribyab yo ka itilize zouti Kote Ranbousman Mwen an? sou IRS.gov, IRS2Go epi pa mwayen telef¨°n nan 800-829-1954 pou swiv yon ranbousman. Kontribyab yo bezwen premye nimewo Sekirite Sosyal la sou deklarasyon enpo a, kondisyon fiskal la ak montan ranbousman l ap tann nan. Zouti yo aktyalize yon fwa nan jounen an, dabitid lannwit, kidonk, pa gen nesesite pou verifye pi souvan. Zouti Kote Ranbousman Mwen an? pa ka s¨¨vi pou swiv Peman Enpak Ekonomik yo.
Deklare pou redwi sanksyon yo ak enter¨¨ yo
N¨°malman, kontribyab yo ta dwe f¨¨ deklarasyon enpo yo, oswa mande yon pwolongasyon, epi peye tout enpo yo dwe nan dat limit la pou evite sanksyon ak enter¨¨. Yon pwolongasyon pou deklare pa yon pwolongasyon pou peye. Sanksyon yo ak enter¨¨ yo ap aplike sou enpo yo dwe apre 17 Me.
Menmsi yon kontribyab pa kapab peye enpo li dwe yo touswit, ou ta dwe f¨¨ yon deklarasyon enpo kanmenm osito posib pou redui sanksyon ki ka genyen yo. IRS genyen plis enf¨°masyon pou kontribyab ki dwe IRS la, men ki pa ka peye (an angl¨¨).
?din¨¨man, sanksyon pou deklarasyon ki pa rive f¨¨t yo 5% enpo ki dwe a pou chak mwa oswa yon pati nan yon mwa kote deklarasyon enpo a anreta, jiska senk (5) mwa, redui pa montan sanksyon an ki pa peye a pou mwa a kote toude (2) sanksyon yo aplike. Si yon deklarasyon f¨¨t nan plis pase 60 jou apre dat li te dwe f¨¨t la, sanksyon minim¨°m nan se oswa $435 oswa 100% enpo ki pa peye a, pipiti posib. Deklare epi peye toutotan li posib enp¨°tan, paske sanksyon pou deklarasyon anreta ak peman anreta a ap ogmante rapid. Jeneralman, sanksyon pou pa peye an se 0.5% enpo ki pa peye a pou chak mwa oswa yon pati nan yon mwa jiskaske enpoa fin peye oswa jiskaske li rive nan 25%. Tarif la ka chanje. Pou plis enf¨°masyon, gade IRS.gov/penalties.
Kontribyab ki abitye deklare ak peye al¨¨ yo souvan kalifye pou al¨¨jman sanksyon. dabitid yon kontribyab ap kalifye si yo te deklare epi peye al¨¨ nan twa (3) d¨¨nye ki sot pase yo epi ranpli l¨°t kondisyon. Pou plis enf¨°masyon, gade paj rediksyon sanksyon pou premye fwa a (an angl¨¨) sou IRS.gov.
Yo pran enter¨¨ a sou enpo ak sanksyon yo jiskaske balans lan fin peye n¨¨t.
Peye enpo ou dwe yo sou ent¨¨n¨¨t
Sila yoo ki dwe enpo yo ka peye ak Peman Dir¨¨k IRS la, pa mwayen kat debi oswa kat kredi oswa aplike anliy pou yon plan peman (k ap gen ladan yon ak¨° v¨¨sman). Pou plis opsyon peman elektwonik, vizite IRS.gov/payments. Yo san danje e yo fasil pou itilize. Kontribyab ki peye sou ent¨¨n¨¨t yo resevwa konfimasyon touswit apre yo fin soum¨¨t peman yo a. Av¨¨k Peman Dir¨¨k epi Sist¨¨m Peman Enpo Federal Elektwonik la (Electronic Federal Tax Payment System, EFTPS), kontribyab yo ka chwazi resevwa avi nan im¨¨l yo apwopo peman yo.
Chwazi yon pwofesyon¨¨l enpo
IRS ofri kons¨¨y pou ede kontribyab yo chwazi yon moun pou prepare deklarasyon enpo ak pridans. Paj Chwazi yon Pwofesyon¨¨l Enpo a gen enf¨°masyon kons¨¨nan moun pou prepare deklarasyon enpo a, dipl¨°m ak kalifikasyon (an angl¨¨) epi kons¨¨y pou evite moun pou prepare deklarasyon enpo ki manke rig¨¨
ka ede kontribyab yo jwenn moun pou prepare deklarasyon enpo ki gen yon dipl¨°m pwofesyon¨¨l IRS la rekon¨¨t oswa ki ranpli tout kondisyon pou Pwogram Sezon Deklarasyon Any¨¨l la (an angl¨¨).
Deklarasyon Dwa Kontribyab la
Kontribyab gen dwa fondamantal nan lwa ki pwoteje kontribyab yo nan relasyon yo ak IRS. Deklarasyon Dwa Kontribyab la prezante dwa sa yo nan 10 kategori. Piblikasyon 1, Dwa Ou antanke yon Kontribyab (an angl¨¨), mete aksan sou dwa sa yo ak obligasyon ajans lan pou l pwoteje yo.