obÌåÓý

Kredi Enpo pou Timoun 2021 ak Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo ¡ª Sij¨¨ M: Kesyon Anpil moun poze sou Imigrasyon

Yo te pibliye Kesyon yo Poze Souvan sa yo nan Fich Enf¨°masyon 2032-32 PDF, 14 Jiy¨¨ 2022.

A1. Wi. Oumenm ¡ª ak konjwen w lan, si nou marye epi nou ranpli yon deklarasyon konjwen ¡ª dwe genyen yon nimewo Sekirite Sosyal (SSN) oswa yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab P¨¨son¨¨l (ITIN) IRS la ba ou pou ou kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan.

Ou te kalifye pou resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo s¨¨lman si ou te itilize SSN oswa ITIN k¨°r¨¨k ou a l¨¨ ou te ranpli deklarasyon enpo 2020 w lan oswa deklarasyon enpo 2019 la (ansanm av¨¨k l¨¨ ou te depoze deklarasyon atrav¨¨ zouti Non-Deklaran an sou IRS.gov an 2020 oswa Zouti Enskripsyon Non-Deklaran pou Kredi Enpo pou Timoun nan sou IRS.gov an 2021).

Peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo te f¨¨t pou timoun kalifye ki te gen yon SSN ki nan Etazini. 

A2. Wi. Pou timoun ou an kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan, li dwe genyen yon Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) ki valid pou travay.

An konsekans, si timoun ou an pa genyen yon SSN ki valid pou travay, ou pa t kalifye pou resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo pou timoun sa.

A3. Pou timoun kalifye yo, yon Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) se yonn ki nan etazini (an angl¨¨) Ajans Sekirite Sosyal la (SSA) ba ou anvan dat pou deklarasyon enpo 2021 an (ansanm av¨¨k pwolongasyon yo).

Si yon moun te yon sitwayen ameriken l¨¨ li te resevwa SSN nan, ebyen li valid pou travay nan Etazini. Si ¡°Pa Valid pou Travay¡± ekri souk at Sekirite Sosyal moun nan epi estati imigrasyon moun nan te chanje pou li ka vin yon sitwayen ameriken oswa yon rezidan p¨¨manan kounya, mande SSA a yon .

Men, si ¡°Valid pou Travay Av¨¨k Otorizasyon Depatman Sekirite Entery¨¨ (DHS) S¨¨lman¡± ekri sou kat Sekirite Sosyal moun nan, moun nan gen kat yo mande pou genyen an toutotan otorizasyon Depatman Sekirite Entery¨¨ a valid.

A4. Non. Dapre lwa akty¨¨l la, l¨¨ ou resevwa Kredi Enpo pou Timoun oswa l¨°t kredi enpo Federal ou kalifye pou yo, sa p ap afekte estati imigrasyon ou, posibilite pou ou jwenn ti kat la (green card) oswa kalifikasyon alavni pou avantaj imigrasyon yo. S¨¨vis Sitway¨¨nte ak Imigrasyon Etazini yo pa konsidere itilizasyon kredi enpo yo pou det¨¨minen ¡°chaj piblik¡± (¡°public charge¡±).

A5. Non. Genyen yon DACA pa afekte kalifikasyon ou. Si oumenm ak timoun ou an reponn ak tout egzijans pou kalifikasyon yo, w ap kapab deklare timoun ou an pou Kredi Enpo pou Timoun 2021 an epi ou te kalifye pou resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo. 

A6. Wi. Kalifikasyon w pa afekte paske timoun ou an se yon benefisy¨¨ DACA. Si timoun ou an gen yon nimewo Sekirite Sosyal (SSN) ki valid pou travay, epi oumenm ak timoun ou an reponn ak tout l¨°t egzijans pou kalifikasyon yo, ou kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan epi ou te kalifye pou resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo.