Paj sa bay yon rezime jeneral responsabilite enpo sou revni federal yo, pwosedi yo, epi dwa ki an rap¨° ak rezidan Ozetazini yo, ak lyen pou plis enf¨°masyon an detay.
Rezidans Dapre Lwa Fiskal Ameriken
Responsabilite peye enpo pou yon moun ki pa yon sitwayen Ameriken oswa ki pa t f¨¨t Ozetazini depann de estati rezidans moun sa a.
Jeneralman, rezidan fiskal ameriken yo peye enpo menm jan ak sitwayen ameriken yo sou revni yo jenere nan lemonnantye, tandiske sitwayen ki pa rezidan yo jeneralman peye enpo sou revni yo f¨¨ Ozetazini ak revni yon biznis f¨¨ ki gen rap¨° ak Etazini.
Yo trete yon imigran ki resevwa yon kat rezidans (an angl¨¨) tankou yon rezidan p¨¨manan legal epi antanke yon rezidan fiskal Etazini pou kesyon peye enpo. Pou ede w det¨¨mine si ou se yon rezidan fiskal ameriken oswa yon moun ki pa rezidan, tanpri, ale nan Det¨¨mine Estati Etranje ou (an angl¨¨).
An jeneral, le ou k¨°manase pwosesis pou resevwa kat rezidans ou, dat k¨°mansman rezidans ou a se premye jou nan ane a kote ou te prezan fizikman ozetazini antanke yon rezidan p¨¨manan legal (dat kote S¨¨vis Imigrasyon ak Sitway¨¨nte Ameriken yo (USCIS) te apwouve ofisy¨¨lman demann ou pou w te vin yon imigran).
Si w te resevwa yon kat rezidans pandan w aletranje, kidonk dat k¨°mansman rezidans ou se premye jou kote ou te prezan fizikman Ozetazini apr¨¨ ou fin resevwa kat rezidans lan. Pou plis enf¨°masyon, ale nan Dat K¨°mansman ak Fen Rezidans (an angl¨¨).
Pou ane fiskal kote ou se ni yon rezidan fiskal ameriken epi yon moun ki pa rezidan, tanpri ale nan Taks pou Etranje ki gen Doub Estati yo (an angl¨¨).
Responsablite Peye Enpo Rezidan Fiskal Etazini yo
Si ou se yon rezidan fiskal Ozetazini oswa yon sitwayen ameriken, jeneralman r¨¨gleman pou w f¨¨ deklarasyon revni, byen imobilye ak don deklarasyon enpo epi peye enpo estime yo pa chanje, kit w ap viv Ozetazini oswa ou aletranje. Revni ou jenere nan lemonnantye sij¨¨ ak enpo sou revni Ozetazini k¨¨lkeswa kote w ap viv la.
Pou plis detay kons¨¨nan responsablite fiskal pou rezidan fiskal yo, tanpri ale nan Takse Etranje Rezidan Ozetazini ak Piblikasyon 519, Gid Fiskal Ameriken pou Etranje (an angl¨¨).
Pou plis detay kons¨¨nan responsablite fiskal pou Rezidan fiskal ameriken ak sitwayen ameriken yo k ap travay oswa viv aletranje oswa ki gen revni ki jenere nan yon peyi etranje, tanpri, ale nan Kontribyab k ap viv Aletranje (an angl¨¨) ak Piblikasyon 54, Gid Fiskal pou Sitwayen Ameriken ak Rezidan ki Aletranje (an angl¨¨).
Yon sitwayen ki gen yon revni ki jenere nan Gwam, Commonwealth Zile Maryana N¨° yo (CNMI), Samoa Ameriken oswa Etazini. Il vy¨¨j oswa P¨°toriko, li posib pou ou ta f¨¨ yon deklarasyon taks ak depatman fiskal youn nan teritwa sa yo. Li posib pou sitwayen an ta gen obligasyon pou li f¨¨ de deklarasyons enpo chak ane: youn av¨¨k depatman fiskal teritwa a epi l¨°t la ak S¨¨vis Revni Ent¨¨n Etazini. Pou plis enf¨°masyon, gade Moun k ap viv oswa k ap travay sou Teritwa/Posesyon Etazini (an angl¨¨).
Egzijans Deklarasyon Adisyon¨¨l, ansanm ak Deklarasyon Byen Aletranje
Lalwa mande pou rezidan fiskal ak sitwayen ameriken yo pou you deklare nenp¨°t revni yo jenere nan lemonnantye, sa ki gen ladan revni ki soti nan fidisi ak bank etranje ak kont sekirite yo. Nan pif¨° ka, kontribyab yo ap gen pou yon ranpli epi atache Bar¨¨m B (an angl¨¨)a nan deklarasyon enpo yo. Pati II An¨¨ks B a mande pou si gen kont etranje, tankou kont bank¨¨ ak kont sekirite yo, epi jeneralman li mande pou sitwayen yo deklare nan ki peyi chak kont yo ye.
Yon Moun Etazini tankou, yon sitwayen ameriken, rezidan fiskal, k¨°porasyon domestik, patenarya, sosyete ki gen responsabilite limite, fidisi ak imobilye, sipoze deklare k¨¨k kont finasye etranje tou, tankou kont bank¨¨, kont koutaj yo ak fon mity¨¨l yo, bay Depatman Trez¨°, l¨¨ yo f¨¨ Deklarasyon Bank Etranje ak Kont Finansye yo (FBAR) nan FinCEN F¨°m 114 la. Pou plis enf¨°masyon kons¨¨nan egzijans pou deklarasyon FBAR la gade Deklare Kont Bank ak Finans Aletranje (FBAR) (an angl¨¨).
Anplis de sa, gen k¨¨k kontribyab ki gendwa gen obligasyon pou yo atache nan deklarasyon yo F¨°m 8938, Deklarasyon Aktif Finansye Aletranje yo (an angl¨¨). Jeneralman, rezidan fiskal ameriken yo, sitwayen ameriken yo ak k¨¨k sitwayen ki pa rezidan sipoze deklare Aktif Finansye Espesifik Aletranje nan f¨°m sa a si val¨¨ global Aktif sa yo depase yon s¨¨ten nivo de baz. Gade Enstriksyon pou F¨°m 8938 an pou detay.
Etazini. Ameriken yo gendwa gen obligasyon pou yo f¨¨ deklarasyon adisyon¨¨l sa yo:
- F¨°m 3520, Deklarasyon Any¨¨l pou Deklare Tranzaksyon av¨¨k Fidisi Aletranje yo ak Resi yon Seri Don Aletranje (an angl¨¨)
- F¨°m 3520-A, Deklarasyon Enf¨°masyon Any¨¨l yon Fidisi Aletranje av¨¨k yon Pwopriyet¨¨ Ameriken (an angl¨¨)
- F¨°m 5471, Deklarasyon Enf¨°masyon Moun Ozetazini Kons¨¨nan yon Seri Sosyete Etranje (an angl¨¨)
- F¨°m 8621, Deklarasyon Enf¨°masyon M¨¨t yon Konpayi Envestisman Pasif Etranje oswa yon Fon Kalifye f¨¨ (an angl¨¨)
- F¨°m 8858, Deklarasyon Enf¨°masyon Moun Etazini f¨¨ Kons¨¨nan Konpayi Etranje yo pa Konsidere (FDEs) ak Branch Etranje yo (FBs) (an angl¨¨)
- F¨°m 8865, Deklarasyon Moun Ozetazini Kons¨¨nan yon Seri Patenarya Etranje (an angl¨¨)
- F¨°m 926, Deklarasyon Moun Ozetazini Transfere yon Byen bay yon Sosyete Etranje (an angl¨¨).
Kontak
Tanpri,ale nan Kite Nou Ede ou pou zouti anliy ak resous yo, menm jan ak nimewo telef¨°n dapre asistans ou bezwen an.
Referans / Sij¨¨ ki an rap¨°
- Enf¨°masyon pou Patikilye yo
- Etranje L¨°t Peyi yo
- Piblikasyon 17, Enpo sou Revni Federal Ou (Pou Patikilye yo) (an angl¨¨)
- Piblikasyon 54, Gid Fiskal pou Sitwayen Ameriken ak Rezidan Aletranje
- Piblikasyon 519, Gid Fiskal Ameriken pou Etranje (an angle)
- Enpo moun ki Ekspatriye yo (an angl¨¨)
- Notis 2009-85, Gid pou Ekspatriye yo Dapre Seksyon 877A (an angl¨¨)
- Fiskalite pansyon etranje ak distribisyon anwite (an angl¨¨)
- Etranje ki pa rezidan (an angl¨¨)
- Deklarasyon Dwa Kontribyab yo
- Kontakte Biwo Lokal Mwen l¨¨ M Aletranje