IR-2024-85, 29 mas 2024
WASHINGTON ¡ª Nan kad Dirty Dozen (an angl¨¨) ane sa a, Internal Revenue Service kontinye av¨¨ti biznis yo ak l¨°t moun pou yo rete lwen pwomot¨¨ malon¨¨t e agresif reklamasyon kesyonab pou Kredi Retansyon Anplwaye (ERC).
Souvan, Reklamasyon ERC kesyonab sa yo mete biznis ki pa vijian, ak l¨°t antite an danje penalite, enter¨¨ ak potansy¨¨l pouswit krimin¨¨l akoz yo reklame ERC a l¨¨ yo pa kalifye epi yo pa gen dwa pou li.
Nan dezy¨¨m jou nan seri Dirty Dozen nan, d¨¨nye av¨¨tisman sa a vini pandan IRS kontinye pran mezi espesyal pou kontrekare maketing agresif kons¨¨nan ERC a, pafwa yo rele l Kredi Enpo pou Retansyon Anplwaye oswa ERTC. Depi IRS te anonse yon moratwa sou pwosesis nouvo reklamasyon ki te depoze apre 14 septanm 2023 a, ef¨° konf¨°mite ajans lan sou reklamasyon ERC yo te depase plis pase $1 milya (an angl¨¨) jiskaprezan, depi ot¨°n pase a, travay la ap kontinye av¨¨k ef¨° pou kontrekare reklamasyon kesyonab yo.
Av¨¨k travay konf¨°mite sou reklamasyon ERC k ap kontinye ogmante atrav¨¨ odit ak envestigasyon krimin¨¨l, IRS te raple biznis yo yo toujou gen opsyon pou retire nenp¨°t reklamasyon ki poko trete. Biznis yo ta dwe pwofite pran avantaj nan pwosesis retr¨¨ reklamasyon an (an angl¨¨) byen vit si yo bezwen mande IRS pou li pa trete yon reklamasyon ERC pou nenp¨°t pery¨°d enpo ki poko peye.
Pandan travay sa a ap kontinye, IRS kontinye ankouraje biznis yo pou yo konsidere av¨¨k anpil atansyon direktiv konpl¨¨ks ERC yo (an angl¨¨) anvan yo soum¨¨t yon reklamasyon. IRS rete kons¨¨ne k¨¨k biznis ki pa elijib, jwenn ankourajman, nan men maket¨¨ yo, pou yo soum¨¨t reklamasyon ERC ki pa k¨°r¨¨k; yon moun ta dwe toudab¨° kontakte yon pwofesyon¨¨l enpo ou f¨¨ konfyans pou evite potansy¨¨l aksyon konf¨°mite IRS alavni.
Komisyon¨¨ IRS la, Danny Werfel te di, ¡°Nou enkyete n pwomot¨¨ malon¨¨t ak anpil mit sou kalifikasyon pou kredi sa a ka mete an danje biznis ki ge bon entansyon. Avan nenp¨°t moun depoze yon reklamasyon Kredi Retansyon Anplwaye, yo ta dwe byen gade kondisyon kalifikasyon yo epi pale ak yon pwofesyon¨¨l enpo ou f¨¨ konfyans. Konte sou yon maket¨¨ k ap ch¨¨che pran yon pousantaj k¨°m fr¨¨ nan reklamasyon potansy¨¨l la, sa ajoute risk pou biznis ki gen bon entansyon yo nan travay konf¨°mite IRS ap kontinya f¨¨ a.¡±
IRS te pran mezi konf¨°mite enp¨°tan kons¨¨nan pwogram ERC a apre pwogram ep¨°k pandemi sa a ki te byen entansyone a te vin sibi yon maketing agresif, ki twonpe moun l¨¨ l te tw¨° senplifye oswa def¨°me r¨¨g kalifikasyon yo. Pwomot¨¨ yo te pouse plis aplikan nan pwogram nan, souvan yo pran yon pousantaj nan peman an.
L¨¨ yo byen reklame l, ERC a se yon kredi enpo ranbousab (an angl¨¨) ki f¨¨t pou biznis ki te kontinye peye anplwaye yo pandan pandemi COVID-19 la, al¨°ske operasyon biznis lan te swa totalman oswa pasy¨¨lman sispann pout¨¨t l¨°d gouv¨¨nman an, oswa te gen yon b¨¨s oswa yon b¨¨s enp¨°tan nan resi brit yo nan pery¨°d kalifikasyon yo.
Depi ane 2002, kanpay any¨¨l Dirty Dozen IRS la bay lis 12 fwod ak konplo ki mete kontribyab, biznis ak kominote pwofesyon¨¨l enpo a nan risk pou yo p¨¨di lajan, enf¨°masyon p¨¨son¨¨l, done ak plis ank¨°. Byenke Dirty Dozen lan se pa yon dokiman legal oswa yon lis f¨°m¨¨l nan priyorite ranf¨°sman ajans lan, ef¨° edikasyon sa a f¨¨t pou ogmante konsyantizasyon epi pwoteje kontribyab ak pwofesyon¨¨l enpo yo kont ¨¨skrokri fiskal komen ak konplo.
Pwogram retr¨¨ ERC
IRS ap kontinye aksepte epi trete demann pou retire tout reklamasyon ERC yon anplway¨¨ (an angl¨¨), nan yon pwosesis retr¨¨ espesyal. IRS te deja resevwa plis pase $250 milyon an retr¨¨ pandan ajans lan ap kontinye entansifye odit ak travay ank¨¨t krimin¨¨l nan dom¨¨n sa a.
Opsyon retr¨¨ sa a p¨¨m¨¨t s¨¨ten anplway¨¨, ki te depoze yon reklamasyon ERC men ki poko resevwa yon ranbousman, pou yo retire demann yo te soum¨¨t yo epi evite responsablite rem¨¨t ranbousman an alavni, av¨¨k enter¨¨ ak penalite. Anplway¨¨ ki te soum¨¨t yon reklamasyon ERC, ki poko resevwa ranbousman yo, ka retire reklamasyon yo epi evite posiblite pou yo jwenn yon ranbousman yo pa kalifye pou yo. Yo ka retire reklamasyon yo tou si yo te resevwa yon ch¨¨k, men yo poko depoze oswa kach li.
IRS te kreye opsyon retr¨¨ a pou ede pwopriyet¨¨ ti biznis yo, ak l¨°t moun maket¨¨ oswa pwomot¨¨ ERC yo te f¨¨ presyon oswa twonpe yo, pou yo f¨¨ reklamasyon yo pa kalifye pou sa. Reklamasyon yo retire yo pral trete k¨°msi yo pa t janm ranpli yo. IRS pa pral enpoze penalite oswa enter¨¨.
IRS kontinye ankouraje anplway¨¨ ki te soum¨¨t reklamasyon yo konsidere kondisyon ERC yo, epi pale ak yon pwofesyon¨¨l enpo ou f¨¨ konfyans sou kalifikasyon yo nan mitan fo maketing k ap twonpe moun kons¨¨nan kredi a.
Pou plis enf¨°masyon sou elijiblite ERC, kontribyab yo ka w¨¨ kesyon ERC yo poze souvan (an angl¨¨) ak Lis Verifikasyon Elijibilite ERC, ki disponib k¨°m yon zouti ent¨¨aktif (an angl¨¨) oswa k¨°m yon gid pou enprime (an angl¨¨) PDF.
Siy yon reklamasyon ERC ta ka pa k¨°r¨¨k
D¨¨ny¨¨man, IRS mete aksan sou siy av¨¨tisman espesyal ki siyale yon reklamasyon ERC ka kesyonab, pou ede ti biznis ki ka bezwen rezoud reklamasyon ki pa k¨°r¨¨k.
Ajans la te pataje siy av¨¨tisman sisp¨¨k ki ka siyale pwobl¨¨m av¨¨k IRS alavni, ki gen rap¨° av¨¨k reklamasyon ERC. Grasa fidbak nan kominote pwofesyon¨¨l enpo a ak p¨¨son¨¨l konf¨°mite IRS, siy av¨¨tisman yo santre sou move enf¨°masyon k¨¨k pwomot¨¨ ERC malon¨¨t yo itilize.
Men siy alam komen IRS w¨¨ kons¨¨nan reklamasyon ERC yo:
- Yo reklame tw¨°p trim¨¨s. Gen k¨¨k pwomot¨¨ ki te mande patwon yo pou yo reklame ERC pou tout trim¨¨s kredi a te disponib. Kalifye pou tout trim¨¨s pa rive souvan epi sa ta ka yon siy yon reklamasyon pa k¨°r¨¨k.
- L¨°d gouv¨¨nman ki pa kalifye. K¨¨k pwomot¨¨ te f¨¨ manti l¨¨ yo di patwon yo yo ka reklame ERC a si nenp¨°t l¨°d gouv¨¨nman an te an plas nan z¨°n yo a, menm si operasyon yo a pa t afekte oswa si yo te chwazi sispann operasyon biznis yo volont¨¨man.
- Tw¨°p anplwaye ak move kalkil. Anplway¨¨ yo ta dwe pran prekosyon pou reklame ERC a pou tout sal¨¨ yo peye pou chak anplwaye sou pew¨°l yo. Lwa a chanje pandan tout ane 2020 ak 2021. Gen limit dola ak diferan kantite kredi, epi patwon yo bezwen satisf¨¨ s¨¨ten r¨¨g pou sal¨¨ yo konsidere k¨°m sal¨¨ kalifye, selon pery¨°d enpo a.
- Biznis ki site pwobl¨¨m jwenn founiti. Kalifye pou ERC sou baz yon mankman nan founiti se yon bagay estra¨°din¨¨. Yon dez¨°d nan disponiblite founiti pou kont li pa kalifye yon anplway¨¨ pou ERC a.
- Biznis reklame tw¨°p ERC nan yon pery¨°d enpo. Li pa komen pou yon anplway¨¨ kalifye pou ERC pou tout trim¨¨s kalandriye a si operasyon biznis yo te sispann totalman oswa pasy¨¨lman akoz yon l¨°d gouv¨¨nman an pandan yon pati nan yon trim¨¨s ane sivi la.
- Biznis pa t peye sal¨¨ oswa pa t egziste pandan pery¨°d kalifikasyon. Anplway¨¨ yo ka s¨¨lman reklame ERC a pou pery¨°d enpo yo te peye sal¨¨ anplwaye yo.
- Pwomot¨¨ a di pa gen anyen pou p¨¨di. Biznis yo ta dwe sou gwo al¨¨t l¨¨ nenp¨°t pwomot¨¨ ERC ta ankouraje yo pou yo reklame ERC a paske yo "pa gen anyen pou yo p¨¨di." Biznis ki mal reklame ERC gen risk pou yo rem¨¨t ranbousman an, ak penalite, enter¨¨, yo ka odit yo ak depans potansy¨¨l pou anboche yon moun pou ede rezoud reklamasyon ki pa k¨°r¨¨k la.
?d pou biznis yo ka te twonpe sou ERC a
Gen k¨¨k pwomot¨¨ ki te di kontribyab yo tout patwon kalifye pou ERC a. IRS ak kominote pwofesyon¨¨l enpo a f¨¨ konnen se pa vre. Elijiblite depann de reyalite espesifik ak sikonstans yo. IRS gen plizy¨¨ douz¨¨n resous pou ede moun aprann epi tcheke elijiblite ERC, epi biznis yo ka konsilte pwofesyon¨¨l enpo yo f¨¨ konfyans tou. Zouti kle IRS yo enkli:
- Lis Verifikasyon Elijibilite ERC (an angl¨¨) (v¨¨syon ent¨¨aktif ak yon gid pou enprime (an angl¨¨) PDF) enkli prekosyon sou dom¨¨n komen nan move enf¨°masyon ak lyen ki mennen nan reyalite ak egzanp.
- 7 siy av¨¨tisman reklamasyon ERC yo ka pa k¨°r¨¨k (an angl¨¨) deskripsyon taktik ke pwomot¨¨ san skrupil yo te itilize ak poukisa pwen yo yo mal.
- Kesyon yo poze souvan sou Kredi Retansyon Anplwaye (an angl¨¨) enkli r¨¨g elijiblite, definisyon, egzanp ak plis ank¨°.