obÌåÓý

Granparan ak l¨°t fanmi ki gen depandan ki elijib gendwa kalifye pou Kredi Taks pou Timoun pou 2021 an

IR-2022-181, 17 okt¨°b, 2022

WASHINGTON - Jodi a, S¨¨vis Revni ent¨¨n Raple Fanmiy yo, gen k¨¨k kontribyab ki reklame o mwen yon timoun antanke depandan yo (an angl¨¨) nan deklarasyon taks yo gendwa pa reyalize yo ka byen elijib pou benefisye Kredi Enpo pou Timoun (CTC) nan.

Kontribyab ki kalifye yo ki resevwa Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo ane d¨¨ny¨¨ sipoze f¨¨ yon deklarasyon taks 2021 pou kapab resevwa dezy¨¨m mwatye kredi a. Kontribyab ki elijib yo ki pa t resevwa Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo ane d¨¨ny¨¨ kapab reklame montan an okonpl¨¨, l¨¨ yo f¨¨ deklarasyon taks 2021 yo.

IRS la ankouraje granparan yo, paran dak¨¨y yo oswa moun k ap okipe fr¨¨ ak s¨¨ oswa l¨°t fanmi pou yo tcheke elijiblite yo pou kapab benefisye Kredi Taks ou Timoun 2021 an. Li enp¨°tan pou moun yo ki gendwa kalifye pou kredi sa a revize r¨¨g elijiblite yo pou yo kapab tcheke si yo toujou kalifye. Kontribyab yo kapab itilize Asistan Taks Ent¨¨raktif (an angl¨¨) la pou tcheke elijiblite yo. Kontribyab yo ki pa t kalifye nan tan ki pase yo sipoze tcheke tou paske yo gendwa kalifye pou yo reklame kredi a kounye a. Pou resevwa li, endividi ki elijib yo sipoze f¨¨ yon deklarasyon enpo federal 2021.

Kisa ki Ekspansyon Kredi Enpo pou Timoun nan?

Ekspansyon Kredi Enpo pou Timoun nan, ki se yon pati nan Plan Sovtaj Ameriken an, ogmante montan lajan pa timoun fanmiy yo kapab resevwa epi elaji kil¨¨s ki kapab resevwa peman sa a.

Plan Sovgad Ameriken an ogmante Kredi Taks pou Timoun nan soti nan 2,000 dola pou ale nan 3,600 dola pa timoun, pou timoun yo ki gen pi piti pase (6) sizan, soti nan 2,000 dola pou ale nan 3,000 dola pou timoun ki gen (6) sizan pou pi piti epi li ogmante laj limit lan soti nan (16) s¨¨zan pou ale nan (17) disetan.

Lwa Plan Sovgad Ameriken 2021 an elaji Kredi Taks pou Timoun pou ane fiskal 2021 an s¨¨lman.

Kil¨¨s ki kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan?

Kontribyab ki kapab reklame Kredi Taks Pou Timoun nan pou chak grenn timou ki kalifye ki genyen yon nimewo Sekirite sosyal ki valid pou anplwa (an angl¨¨) Ozetazini kote Administrasyon Sekirete Sosyal la f¨¨ li avan dat limit deklarasyon taks la (sa ki gen ladan yon ekstansyon, si demann ekstansyon an te respekte dat limit lan.

Pou li se yon timoun ki kalifye pou ane fiskal 2021 an, jeneralman depandan an sipoze:

  • Gen pi piti pase 18 lane nan fen ane an.
  • Pitit gason ou, pitit fi, pitit pitit ou, pitit adoptif ki kalifye, fr¨¨, s¨¨, fr¨¨ bofr¨¨, b¨¨ls¨¨, demi fr¨¨, demi s¨¨, oswa yon desandan nenp¨°t nan yo (pa egzanp, bofis ou, ny¨¨s ou oswa neve w).
  • Bay pa plis ke mwatye nan sip¨° finasye pa yo pandan ane a.
  • Viv ak kontribyab la pandan plis pase mwatye nan ane a.
  • Reklame k¨°msadwa antanke depanda yo nan deklarasyon taks yo.
  • Pa ranpli yon deklarasyon ansanm ak konjwen yo pou ane fiskal la oswa ranpli li s¨¨lman pou mande yon ranbousman taks sou revni yo retire oswa taks ou estime ou peye.
  • Te yon sitwayen Ameriken, te gen nasyonalite Amerik¨¨n, oswa yon etranje rezidan Ozetazini.

Ki sa fakt¨¨ elijiblite yo ye?

Endividi yo ap kalifye pou tout montan kredi enpo pou timoun 2021 an pou chak timoun kalifye si yo reponn ak tout fakt¨¨ elijibilite yo (an angl¨¨) epi revni any¨¨l yo a pa depase:

  • $150,000 dola si yo marye epi y ap f¨¨ yon deklarasyon konjwen oswa si y ap deklare antanke yon v¨¨f oswa v¨¨v ki kalifye.
  • $112,500 dola si y ap deklare antanke yon ch¨¨f fwaye.
  • $75,000 dola si yo se yon deklaran selibat¨¨ oswa marye epi f¨¨ yon deklarasyon separe.

    Paran ak gadyen ki gen pi gwo revni yo ka kalifye pou reklame yon kredi pasy¨¨l. Reklame avataj sa yo kapab p¨¨m¨¨t anpil endividi benefisye ranbousman taks. Endividi yo sipoze Depoze pa mwayen Elektwonik epi chwazi depo dir¨¨k pou yo kapab evite reta epi resevwa ranbousman yo pi vit.

Jwen preparasyon deklarsyon taks gratis

Gen yon kantite limite sit pwogram Asistans Taks Sou Revni Volont¨¨ ak S¨¨vis kons¨¨y pou moun aje (VITA/TCE) (an angl¨¨) yo ki rete ovri e disponib pou ede kontribyab ki elijib yo prepare epi reyalize deklarasyon taks yo gratis, av¨¨k vonlont¨¨ ki s¨¨tifye epi IRS f¨°me. Kontribyab ki pa gen gwo revni ak sa ki gen revni modere yo ansanm ak sa ki gen 60 lane oswa pi plis yo kapab tcheke pou yo w¨¨ si gen yon sit ki disponib tou pre kominote yo a l¨¨ yo itilize lokalizat¨¨ sit VITA/TCE a.

Deklarasyon Gratis IRS ap rete disponib jiska 17 novanm pou ede plis moun resevwa kredi yo

Pwogram Deklarasyon Gratis IRS la disponib s¨¨lman sou sit IRS.gov la epi li ofri an patenarya ak endistri lojisy¨¨l taks Alyans Deklarasyon Gratis, ofri kontribyab ki elijib yo itilizasyon lojisy¨¨l preparasyon taks ki gen gwo renome yo san yo pa peye senk¨°b. Lojisy¨¨l la f¨¨ tout travay ki gen pou w¨¨ ak jwenn dediksyon yo, kredi yo ak egzanpsyon yo kontribyab la kalifye pou li benefisye yo. Li gratis pou pi f¨° endividi ki rantre pi piti pase 73,000 dola oswa pi piti an 2021. K¨¨k nan pak¨¨ Deklarasyon Gratis yo ofri deklarasyon taks eta gratis pou moun ki kalifye yo. Kontribyab ki rantre pi plis pase 73,000 dola an 2021 yo epi ki konf¨°tab pou yo prepare deklarasyon taks yo pou kont yo kapab itilize F¨°m ki ka Ranpli pou Deklarasyon Gratis yo (an angl¨¨). V¨¨syon elektwonik f¨°m taks IRS ki sou papye sa yo kapab itilize tou pou f¨¨ deklarasyon taks anliy.

Pou ede plis moun reklame div¨¨s avantaj kredi taks sa yo, Deklarasyon Gratis ap rete disponib pou yon mwa siplemant¨¨ ane sa a, jiska 17 novanm 2022.

IRS la ap voye l¨¨t bay plis pase 9 milyon endividi ak fanmi (an angl¨¨) ki sanble kalifye pou div¨¨s avantaj fiskal enp¨°tan men ki pat reklame yo l¨¨ yo f¨¨ yon deklarasyon taks sou revni federal 2021. Anpil moun nan gwoup sa a gendwa kalifye pou reklame k¨¨k oswa tout Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 yo, Kredi Taks pou Timoun nan, Kredi Taks Sou Revni ou Touche a ak l¨°t kredi taks yo an fonksyon de sitiyasyon p¨¨son¨¨l yo oswa sityasyoh fanmiy yo. L¨¨t rap¨¨l espesyal sa yo, k ap gen pou rive nan bwa l¨¨t yo nan sem¨¨n k ap vini la yo, ap al jwenn moun ki sanble kalifye pou Kredi Taks pou Timoun nan, Kredi Ranbousman Rekiperasyon oswa Kredi Taks sou Revni ou Touche men ki potko f¨¨ deklarasyon taks 2021 pou reklame yo. L¨¨t sa yo enprime ni an angl¨¨ ni an espany¨°l, yo bay yon ti rezime tou kout sou chak kredi sa yo.

Sa yo ak l¨°t avantaj fiskal yo te pwolonje nan kad Lwa Plan Sovtaj Ameriken ane pase a ak l¨°t lejislasyon resan. Malgre sa, s¨¨l fason pou ou ta resevwa avantaj enp¨°tan sa a se l¨¨ ou f¨¨ yon deklarasyon taks 2021. Souvan, endividi yo ak fanmiiy yo kapab benefisye avantaj fiskal pwolonje sa yo (an angl¨¨), menm del¨¨ yo ta gen ti revni oswa pa ta gen revni ditou ki soti nan yon anplwa oswa nan l¨°t sous. Sa vle di anpil moun ki, jeneralman, pa bezwen f¨¨ deklarasyon taks sipoze f¨¨ sa ane sa a, men si yo pa t gen obligasyon pou f¨¨ deklarasyon taks nan ane ki sot pase la yo.

Moun yo kapab f¨¨ yon deklarsyon taks menm si yo poko resevwa l¨¨t pa yo. IRS la ap raple moun yo, pa gen okenn penalite pout¨¨t ou reklame yon ranbousman nan yon deklarasyon taks ou f¨¨ apr¨¨ dat limit fiskal regilye avril 2022 an. Fason ki pi rapid e pi fasil pou resevwa yon ranbousman se l¨¨ ou f¨¨ yon deklarasyon taks ak done ki k¨°r¨¨k epi ou chwazi depo dir¨¨k.