obÌåÓý

K¨°man pou depoze yon deklarasyon taks final pou yon moun ki mouri

Kons¨¨y Fiskal IRS 2022-96, 23 Jen 2022

L¨¨ yon moun mouri, konjwen yo a oswa reprezantan ki la k ap viv depoze deklarasyon taks final moun ki mouri a (an angl¨¨). Nan deklarasyon taks final la, konjwen oswa reprezantan an ki la k ap viv la ap f¨¨ konnen moun nan mouri. IRS la pa bezwen okenn l¨°t notifikasyon sou des¨¨ a.

Dabitid, se moun ki mouri a ki chwazi reprezantan k ap depoze deklarasyon final la oswa yon tribinal ki nonmen l. Pafwa, l¨¨ pa gen yon konjwen ki la k ap viv oswa yon reprezantan ki nonmen, yon reprezantan p¨¨son¨¨l ap depoze deklarasyon final la.

Men k¨¨k bagay pou konnen kons¨¨nan depoze deklarasyon final la

  • IRS la konsidere yon moun marye pou tout ane kote mari oswa madanm li mouri si yo pat remarye pandan ane sa.
  • Konjwen ki la k ap viv la kalifye pou li itilize kondisyon fiskal marye k ap deklare ansanm oswa marye k ap deklare apa.
  • Deklarasyon final la dwe f¨¨t nan dat limit regilye avril la sof si konjwen ki la k ap viv la oswa reprezantan an gen yon pwolongasyon.

Kiy¨¨s ki dwe siyen deklarasyon an

L¨¨ se deklarasyon elektwonik, konjwen ki la k ap viv la oswa reprezantan an dwe swiv enstriksyon lojisy¨¨l la bay yo pou ekzijans nan sa ki gen pou w¨¨ ak siyati ak notasyon. Pou deklarasyon sou papye yo, moun k ap f¨¨ deklarasyon an dwe ekri mo mouri a, non moun ki mouri a ak dat des¨¨ a an trav¨¨ nan t¨¨t la. Men kiy¨¨s ki dwe siyen deklarasyon an:

  • Nenp¨°t reprezantan yo nonmen dwe siyen deklarasyon an. SI se yon deklarasyon konjwen, konjwen ki la k ap viv la dwe siyen li tou.
  • Si pa gen yon reprezantan yo nonmen, konjwen ki la k ap viv la dwe siyen deklarasyon an epi ekri nan espas pou siyati a, pou li deklare antanke konjwen ki la k ap viv.
  • Si pa genyen reprezantan ki nonmen, ni konjwen ki la k ap viv, moun ki responsab pwopriyete moun ki mouri a dwe depoze epi siyen deklarasyon an antanke "reprezantan p¨¨son¨¨l."

L¨°t dokiman ki pou la

Si gen d¨¨t taks, moun k ap deklare a dwe soum¨¨t p¨¨man an av¨¨k deklarasyon an oswa vizite paj p¨¨man IRS.gov la pou l¨°t opsyon p¨¨man. Si yo pa kapab peye montan d¨¨t la touswit, yo ka kalifye pou yon plan p¨¨man oswa ak¨° v¨¨sman.

V¨¨f oswa v¨¨v ki kalifye

Konjwen ki la k ap viv ki gen timoun sou kont yo ka anmezi pou yo deklare antanke yon V¨¨f oswa v¨¨v kalifye pou de (2) ane apre des¨¨ konjwen yo a.

Kondisyon fiskal sa p¨¨m¨¨t yo itilize to fiskal deklarasyo konjwen yo ak montan dediksyon estanda ki pi wo a si yo pa detaye dediksyon yo.

Plis enf¨°masyon

Ab¨°ne ak Kons¨¨y Fiskal IRS yo (an angl¨¨)