FS-2023-01, janvye 2023
Enpo sou revni federal se yon enpo kontribiyab yo peye chak l¨¨ yo resevwa yon sal¨¨ oubyen yon revni. Kontribiyab yo peye enpo chak l¨¨ yo touche sal¨¨ yo oswa l¨¨ yo resevwa yon revni pandan ane a. Kontribyab yo ka evite jwenn sipriz nan moman y ap peye enpo yo l¨¨ yo verifye ki kantite k¨°b yo retire nan lajan y ap touche an detanzantan. IRS ankouraje anplwaye yo ak moun k ap resevwa pansyon yo oubyen anwite pou yo verifye montan prel¨¨vman yo chak ane. Men sa ou bezwen konnen sou prel¨¨vman enpo yo e poukisa li enp¨°tan pou w verifye li.
Konprann prel¨¨vman enpo yo
Anplway¨¨ yo toujou pran enpo sou sal¨¨ anplwaye yo epi li rem¨¨t montan enpo sila bay IRS sou non anplwaye yo. Nan fen ane an, patwon an dwe voye ale F¨°mil¨¨ W-2, Anplwaye a ki se sal¨¨ ak deklarasyon enpo sou revni anplwaye a (an angl¨¨), F¨°mil¨¨ sa gen ladan li montan sal¨¨ anplwaye a ak kantite enpo yo pran sou sal¨¨ li.
Kijan yo kalkile prel¨¨vman enpo an
Montan prel¨¨vman enpo an depann de:
- Kantite k¨°b yon anplwaye touche
- Enf¨°masyon yon anplwaye bay patwon li nan F¨°m W-4, S¨¨tifika Prel¨¨vman Anplwaye. Piblikasyon 505 (an angl¨¨) lan gen detay sou fason pou ranpli f¨°mil¨¨ an.
Anplwaye yo dwe di yo ranpli e deklare f¨°mil¨¨ W-4 lan, yo kapab ranpli l¨°t pati nan f¨°mil¨¨ an si yo ta vle genyen revni silplemant¨¨, si yo vle yo prel¨¨vman depase prel¨¨vman estanda a, oswa kredi sou enpo. Yo pa kapab s¨¨lman di yon montan an dola ke patwon yo dwe pran pou enpo.
Anplwaye yo dwe verifye prel¨¨vman yo
IRS rek¨°mande pou anplwaye yo tcheke kantite k¨°b enpo yo pran sou sal¨¨ yo, espesyalman pou nenp¨°t moun ki gen yon ranbousman ki pi wo oswa pi piti pase sa yo te espere. Pou moun ki dwe yo, ogmante kantite k¨°b enpo yo abitye pran sou yo nan ane akty¨¨l la se pi bon fason pou evite peye enpo l¨¨ yo pral depoze deklarasyon enpo pou ane k ap vini an. Anplis, kontribiyab yo dwe toujou tcheke kantite k¨°b enpo yo pran sou yo l¨¨ yo genyen yon gwo ev¨¨nman ki rive nan lavi yo oswa l¨¨ revni yo chanje.
Kil¨¨ pou w verifye montan prel¨¨vman an:
- Nan k¨°mansman ane an, pou asire w montan prel¨¨vman an k¨°r¨¨k pou ane fiskal k ap vini an.
- L¨¨ genyen yon chanjman nan lwa sou enpo yo ki afekte sitiyasyon yon kontribiyab.
- L¨¨ kontribiyab la gen chanjman ki f¨¨t nan lavi li oubyen nan finans li tankou maryaj, div¨°s, f¨¨ pitit oswa adopte yon timoun, achte yon kay, ale nan retr¨¨t, osinon si li p¨¨di tout sa l te posede.
- L¨¨ gen yon chanjman nan sal¨¨ yon kontribiyab, tankou kontribiyab la oswa mari oubyen madanm li k¨°manse osinon sispann travay oswa k¨°manse oubyen sispann yon dezy¨¨m travay.
- Si kontribiyab la gen yon revni enposab ki pa sij¨¨ a prel¨¨vman depi nan sous la, tankou enter¨¨, dividann, pwofi sou kapital li, revni li f¨¨ sou yon travay endepandan ak revni ekonomi gig epi distribisyon IRA.
- L¨¨ yon kontribiyab ap kalkile montan prel¨¨vman an ta dwe ye oubyen kredi sou enpo li ta dwe gen aks¨¨ pou yo, av¨¨k tou l¨°t fr¨¨ tankou depans pou lopital, enpo yo, enter¨¨ li dwe peye, k¨°b li f¨¨ la charite ak yo, k¨°b li depanse pou moun ki se yon depandan, kredi pou edikasyon, kredi sou enpo pou timoun yo oswa revni sou kredi su enpo kontribiyab lan f¨¨.
Men ki jan kontribyab yo kapab verifye montan prel¨¨vman yo:
- Anplwaye yo. Anpil anplwaye kapab s¨¨vi av¨¨k Estimat¨¨ Prel¨¨vman Taks ki la pou kalkile montan prel¨¨vman yo sou IRS.gov.
Zouti sila kapab ede pif¨° anplwaye yo konnen si y ap bezwen bay patwon yo yon nouvo F¨°m W-4. Yo kapab itilize rezilta yo jwenn nan pou ranpli f¨°mil¨¨ an epi ajiste montan prel¨¨vman an sou revni yo.
- Moun ki gen yon pansyon oswa yon anwite ki p ap travay. Kontribiyab sa yo pa dwe itilize zouti pou estimasyon pou kalikile prel¨¨vman. Olye de sa, yo dwe itilize F¨°m W-4P, S¨¨tifika Resansman pou Pansyon Peryodik oswa P¨¨man Anwite (an angl¨¨) PDF pou evalye montan prel¨¨vman sou p¨¨man sa yo.
- Kontribiyab ki genyen yon sitiyasyon fiskal ki konplike. Kontribiyab ki genyen yon sitiyasyon fiskal konplike bezwen s¨¨vi ak Piblikasyon 505, Prel¨¨vman Enpo ak Estimasyon Enpo (an angl¨¨) olye yo s¨¨vi ak zouti estimation pou kalkile montan prel¨¨vman yo. Met¨°d sa valab pou anplwaye ki dwe enpo minim¨°m alt¨¨natif oswa enpo sou revni sou patrimw¨¤n moun ki depandan. Met¨°d sa kapab ede tou moun ki resevwa yon revni ki pa yon sal¨¨ tankou dividann, pwofi sou kapital, lwaye ak redevans. Piblikasyon an gen ladan li fich travay ak egzanp pou ede kontribiyab yo w¨¨ kl¨¨ nan sitiyasyon patikilye sa yo.
- Kontribiyab ki gen estati etranje ki pa rezidan. Kontribiyab sa yo kapab itilize enstriksyon espesyal ki nan Avi 1392, Enstriksyon Siplemant¨¨ F¨°m W-4 pou Etranje ki pa Rezidan (an angl¨¨) PDF.
Ki jan yo modifye prel¨¨vman an
Pou chanje montan prel¨¨vman sou enpo yo, anplwaye ki gen sal¨¨ yo k¨°m revni yo kapab itilize rezilta estimat¨¨ prel¨¨vman enpo yo pou yo w¨¨ si yo ta dwe ranpli yon nouvo F¨°mil¨¨ W-4 epi rem¨¨t li bay patwon yo. Kontribyab yo pa dwe voye f¨°mil¨¨ an bay IRS.
Gen k¨¨k anplway¨¨ ki s¨¨vi ak yon sist¨¨m otomatik pou soum¨¨t F¨°mil¨¨ W-4 lan. Kontribiyab yo dwe w¨¨ av¨¨k patwon yo kijan pou yo soum¨¨t yon nouvo F¨°mil¨¨ W-4.