IR-2023-142, 7 Dawout 2023
WASHINGTON ¡ª S¨¨vis Revni Ent¨¨n nan raple kontrakt¨¨ ki elijib ki bati oswa rekonstwi pi f¨° pati nouvo kay ki efikas nan jesyon en¨¨ji yo ke yo ta ka kalifye pou yon kredi sou enpo ki rive jiska $5,000 pou chak kay.
Kantite akty¨¨l kredi a depann sou kondisyon elijiblite yo tankou kalite kay la, efikasite en¨¨ji kay la ak dat l¨¨ yon moun achte oswa lwe kay la. Kredi enp¨°tan sa a te elaji k¨°m yon pati nan Lwa sou Rediksyon Enflasyon an 2022.
Elijiblite pou moun ki f¨¨ konstriksyon yo ak kay yo
Pou kalifye, kontrakt¨¨ ki elijib yo dwe konstwi oswa rekonstwi pi f¨° pati nan yon nouvo kay ki efikas nan jesyon en¨¨ji. Yo menm tou yo dwe posede kay la epi yo gen yon baz ladan l pandan konstriksyon an, epi yo dwe vann oswa lwe kay la bay yon moun pou li itilize li k¨°m yon rezidans.
Kay yo dwe tou espesifye kategori yo kay pou yon s¨¨l fanmi (tankou prefabrike) oswa kay pou plizy¨¨ fanmi ki anba pwogram Energy Star lan, yo dwe lokalize Etazini, epi yo dwe satisf¨¨ kondisyon nan zaf¨¨ ekonomize en¨¨ji ki baze sou kalite kay la ak dat akizisyon an.
Kondisyon ak kantite kredi pou 2023 ak apre
Pou kay yo achte nan ane 2023 jiska 2032, montan kredi a varye ant $500 ak $5,000, selon estanda yo satif¨¨, ki enkli:
- Kondisyon pou pwogram Energy Star lan
- Kondisyon pou pwogram (Zero energy ready home) kay zewo en¨¨ji ki pare
- Kondisyon pou sal¨¨ minim¨°m
Kondisyon ak kantite kredi anvan 2023
Pou kay ki achte anvan 2023 yo, montan kredi a se $1,000 oswa $2,000, tou depann de estanda yo satisf¨¨ yo, ki enkli:
- S¨¨tifye konsomasyon en¨¨ji kay la chak ane pou chofaj ak refwadisman se omwen 50% (oswa 30% pou s¨¨ten kay prefabrike) mwens pase sa yon kay konparab ki satisf¨¨ s¨¨ten estanda en¨¨ji, ak amelyorasyon nan eleman anvl¨°p bilding nan kontablize pou omwen 1/5 (oswa 1/3 pou s¨¨ten kay prefabrike) nan rediksyon an
- Satisf¨¨ s¨¨ten r¨¨gleman federal pou kay prefabrike
- Satisf¨¨ s¨¨ten kondisyon Energy Star
Byen reklame kredi a
Kontrakt¨¨ ki elijib yo dwe ranpli tout egzijans ki anba Seksyon 45L nan K¨°d Revni Ent¨¨n (an angl¨¨) anvan yo reklame kredi a. Ou ka jwenn kons¨¨y ki ent¨¨prete Seksyon 45L lan nan Avi 2008-35 (an angl¨¨)(ak Avi 2008-36 (an angl¨¨),pou kay prefabrike).
Itilize F¨°m 8908, Energy Efficient Home Credit (an angl¨¨), pou reklame kredi Seksyon 45L la.
IRS ankouraje kontrakt¨¨ ki elijib yo pou byen kons¨¨ve tout dokiman ki neses¨¨ pou sip¨°te yon reklamasyon pou kredi Seksyon 45L lan.