obÌåÓý

IRS: Fanmi k ap resevwa peman Kredi Enpo pou Timoun Okt¨°b yo; toujou gen tan pou fanmi kalifye yo enskri pou peman avans yo

IR-2021-201, 15 Okt¨°b 2021

WASHINGTON ¡ª S¨¨vis Revni Ent¨¨n ak Depatman Trez¨° te anonse jodia, plizy¨¨ milyon fanmi ameriken ap resevwa kounyea, peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo (CTC) pou mwa okt¨°b la.

Katriy¨¨m lo peman avans mansy¨¨l sa, k ap totalize $15 bilyon, ap rive jwenn anviwon 36 milyon fanmi jodia atrav¨¨ tout peyi a. Majorite peman yo ap livre pa mwayen depo dir¨¨k.

Nan Plan Sovtaj Ameriken an, majorite fanmi kalifye yo te resevwa peman pou dat 15 Jiy¨¨, 13 Dawou ak 15 Septanm. L¨°t peman yo pwograme pou 15 Novanm ak 15 Desanm. Pou fanmi sa yo, chak peman se jiska $300 pa mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane ak jiska $250 pa mwa pou chak timoun ki genyen ant 6 ak 17 lane. Gwo majorite a ap bay pa mwayen depo dir¨¨k.

Men plis detay sou peman sa yo:

  • Fanmi yo ap w¨¨ depo dir¨¨k la sou kont yo apati 15 Okt¨°b. Tankou premye peman yo, gran majorite fanmi yo ap resevwa yo pa mwayen depo dir¨¨k.
  • Pou sila yo k ap resevwa peman papye ch¨¨k, rasire w ou bay plis tan, rive nan fen mwa okt¨°b la, pou livrezon pa lap¨°s. Sila yo ki swete resevwa peman alavni yo pa mwayen depo dir¨¨k akpab f¨¨ chanjman sa a av¨¨k P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, ki disponib sou IRS.gov s¨¨lman. Pou ou antre sou p¨°tal la oswa pou w jwenn yon nou gid etap pa etap sou k¨°man pou w itilize li, vizite IRS.gov/kredienpopoutimounan2021.
  • Peman yo al jwenn fanmi kalifye ki te depoze yon deklarasyon enpo sou revni pou 2019 oswa 2020. Deklarasyon ki trete 4 Okt¨°b yo reflete nan peman sa yo. Sa gen ladan moun ki pa depoze yon deklarasyon men ki te enskri av¨¨k siks¨¨ pou Peman Enpak Ekonomik yo nan 2020 an av¨¨k zouti Non-Deklaran yo sou IRS.gov oswa ki te reyisi itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran pou avans CTC a nan 2021 an, ki disponib tou s¨¨lman sou IRS.gov.
  • Peman yo otomatik. Mete sou kote yon deklarasyon enpo, ansanm av¨¨k yon deklarasyon senplifye apati Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an, fanmi yo p ap gen anyen pou yo f¨¨ si yo kalifye pou resevwa peman mansy¨¨l yo.
  • Fanmi ki pa t jwenn yon peman Jiy¨¨, Dawou oswa Septanm epi ki ap resevwa premye peman mansy¨¨l yo nan mwa sa a, ap toujou resevwa peman avans total yo pou ane a. Sa vle di peman total la ap pataje sou twa mwa, olye sis (6), sa ap rann chak peman mansy¨¨l pi gwo.

    Akty¨¨lman, IRS la ap voye l¨¨t bay k¨¨k Ameriken pou raple yo li pa tw¨° ta pou fanmi ki potko depoze yon deklarasyon enpo sou revni pou 2020 an ¡ª ansanm av¨¨k sila yo ki pa gen egzijans pou deklare pase revni yo tw¨° ba ¡ª pou enskri pou peman avans CTC yo. Majorite fanmi ki gen revni ki ba yo kapab jwenn peman mansy¨¨l sa yo. IRS la ankouraje fanmi ki pa gen egzijans pou depoze yon deklarasyon enpo pou yo vizite IRS.gov pou plis enf¨°masyon sou k¨°man pou yo depoze yon deklarasyon epi jwenn kredi yo a.

Mizajou an Septanm peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo

An Septanm, IRS la te livre av¨¨k siks¨¨ yon twazy¨¨m tou peman mansy¨¨l ki gen val¨¨ pr¨¨ske 36 milyon peman Kredi Enpo pou Timoun yo, ki totalize plis pase $15 bilyon. Av¨¨k nouvo konpozan pwogram sa a, IRS la ap kontinye travay di pou amelyore epi bay peman yo atan.

Apre yo te fin bay peman Septanm nan, IRS la te rezoud yon pwobl¨¨m teknik, yon pwobl¨¨m ajans lan estime ki te lakoz mwens pase 2% resipyand¨¨ CTC yo pa ka resevwa peman Septanm yo a nan dat ki te pwograme pou sa a. Depi l¨¨ a peman yo te al jwenn endividi afekte yo.

Gwoup ki premye sibi enpak la se kontribyab ki te fenk f¨¨ yon mizajou sou kont labank yo oswa nan enf¨°masyon adr¨¨s yo av¨¨k P¨°tal Ajou Kredi Enpo pou Timoun IRS la. An patikilye, peman afekte yo livre bay kontribyab marye k ap deklare konjwen kote se s¨¨lman yonn nan konjwen yo ki te f¨¨ yon chanjman nan kont labank yo oswa nan adr¨¨s yo, sa k ap lakoz dabitid peman yo separe an de (2) (ant kont ki la deja a oswa adr¨¨s ki la deja a ak nouvo kont lan oswa nouvo adr¨¨s la).

Nan k¨¨k nan ka sa yo, peman separe yo te lakoz yon reta nan livrezon peman yo, anplis, sa te lakoz moun yo resevwa yon ti kras anplis pase montan k¨°r¨¨k pou Septanm nan. Pou ab¨°de sa, peman chak konjwen ap resevwa an Okt¨°b, Novanm ak Desanm ap redui lej¨¨man pou ajiste pou peman depase a. Pou chak kontribyab k ap resevwa yon peman, peman depase a te $31.25 pou chak timoun ki genyen ant 6 ak 17 lane epi $37.50 pou chak timoun ki genyen mwens pase 6 lane. Sa ap bay yon rediksyon $10 a $13 pou chak timoun nan twa (3) peman mansy¨¨l ki rete yo.

IRS ap voye l¨¨t bay moun ki afekte av¨¨k enf¨°masyon sa a. IRS la ap kontinye kontwole pwogram sa epi ajans lan apresye pasyans sila yo ki gen peman yo afekte yo.

IRS la ankouraje patn¨¨ yo ak gwoup kominot¨¨ yo pou yo pataje enf¨°masyon yo epi itilize zouti ak bwat zouti anliy disponib yo pou ede non-deklaran yo, fanmi ak revni ki ba yo ak l¨°t gwoup defavorize yo enskri pou resevwa avantaj sa yo.

Lyen ki ouvri sou zouti anliy yo, yon gid etap pa etap pou itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an, repons pou kesyon yo poze souvan yo ak l¨°t resous ki itil disponib sou paj avans espesyal CTC IRS la. Li sou IRS.gov/kredienpopoutimounan2021.