obÌåÓý

IRS bay viktim dife ki te ravaje Kalif¨°ni an nan mwa septanm nan asistans pou enpo; del¨¨ 15 okt¨°b la, l¨°t dat yo pwolonje pou 15 janvye

IR-2020-237, 19 okt¨°b 2020

WASHINGTON ¨C Kounye a, viktim nan dife ki ravaje Kalif¨°ni depi 4 septanm nan gen jiska 15 janvye 2021 pou ranpli plizy¨¨ deklarasyon enpo pou patikilye ak pou biznis epi peye enpo yo, selon sa S¨¨vis Revni Ent¨¨n te anonse jodi a.

IRS bay asistans sa a nan tout z¨°n Ajans Federal pou Jesyon Ijans (FEMA) deziyen k¨°m kalifye pou resevwa asistans endividy¨¨l. Akty¨¨lman sa a gen ladan rejyon Fresno, Los Angeles, Madera, Mendocino, San Bernardino, San Diego ak Siskiyou nan leta Kalif¨°ni men, kontribyab nan lokalite yo ajoute annapre nan z¨°n dezas la ap resevwa otomatikman menm asistans pou deklarasyon ak pou p¨¨man. Lis akty¨¨l lokalite ki kalifye yo toujou disponib sou paj  Asistans nan moman Dezas sou sit IRS.gov.

Asistans sa a pa nan sa yo te bay pou gwo dife ki te ravaje Kalif¨°ni apati 14 Out la. Vizite Anons 26 out (an angl¨¨) ajans la pou detay.

Nan kad asistans pou enpo a, plizy¨¨ del¨¨ deklarasyon ak p¨¨man ki te rive apati 4 septanm 2020 an, te ranvwaye. Kidonk, patikilye ak biznis ki afekte yo ap gen jiska 15 janvye 2021 pou yo f¨¨ deklarasyon epi p¨¨man tout enpo ki te dwe f¨¨t pandan pery¨°d sa a. Sa vle di patikilye ki te gen yon ekstansyon valid pou te ranpli deklarasyon taks 2019 yo a jiska 15 okt¨°b 2020, kounye a gen jiska 15 janvye 2021 pou f¨¨ sa. Sepandan, IRS ap f¨¨ konnen pou tout p¨¨man taks ki gen rap¨° ak deklarasyon taks 2019 sa yo ki te dwe f¨¨t 15 jiy¨¨ 2020 an, yo pa kalifye pou asistans sa a.

Del¨¨ 15 janvye 2021 an aplike tou pou p¨¨man enpo sou revni yo f¨¨ estimasyon chak trim¨¨s la, ki te dwe f¨¨t 15 septanm 2020 an epi pew¨°l chak trim¨¨s ak deklarasyon enpo sou pwodwi k ap vann oubyen s¨¨vis, ki ekspire n¨°malman 2 novanm 2020 an. Li aplike tou pou ¨°ganizasyon ki pa peye enpo yo, k ap opere sou yon baz ane sivil, ki te gen yon pwolonjman del¨¨ valab k ap ekspire 16 novanm 2020 an. Biznis ki gen pwolonjman del¨¨ yo gen yon del¨¨ adisyon¨¨l tou, an patikilye sosyete ane sivil yo ki gen del¨¨ ane 2019 yo ki ekspire 15 okt¨°b 2020 an.

Anplis de sa, y ap redwi penalite sou pew¨°l ak depo enpo pou pwodwi k ap vann oubyen s¨¨vis ki te dwe f¨¨t nan dat 4 septanm oswa apre epi anvan 21 septanm ak kondisyon depo yo te f¨¨t anvan oswa nan dat 21 septanm 2020.

Paj Asistans nan moman dezas IRS (an angl¨¨) la gen detay sou l¨°t deklarasyon, p¨¨man ak aksyon ki gen rap¨° ak enpo yo ki kalifye pou pwolonjman del¨¨ a.

Otomatikman, IRS bay tout kontribyab ki nan z¨°n dezas ki anrejistre nan IRS asistans pou tout enpo ak penalite. Kidonk, kontribyab yo pa bezwen kontakte ajans lan pou yo jwenn asistans sa a. Sepandan, si yon kontribyab ki kons¨¨ne resevwa yon avi penalite pout¨¨t yon depo oswa yon p¨¨man anreta nan men IRS men premye del¨¨ oswa pwolonjman yo te ba li pou li te f¨¨ deklarasyon an, depo a oswa p¨¨man an tonbe nan pery¨°d rap¨° a, li ta dwe rele nimewo ki sou avi a pou yo ka redwi penalite a pou li.

Mete sou sa, IRS ap travay ak tout kontribyab ki p ap viv nan z¨°n dezas la men ki gen dosye ki neses¨¨ pou del¨¨ yo respekte pandan pery¨°d pwolonjman an ki sitiye nan z¨°n afekte a. Kontribyab ki kalifye pou asistans lan ki p ap viv nan z¨°n dezas la dwe kontakte IRS nan 866-562-5227. Sa gen ladan tou travay¨¨ k ap sip¨°te aktivite asistans yo epi ki afilye ak yon gouv¨¨nman yo rekon¨¨t oswa yon ¨°ganizasyon k ap f¨¨ byen.

Patikilye ak biznis ki nan yon z¨°n leta deklare z¨°n dezas, ki soufri p¨¨t ki lye ak dezas la, ki pa t gen asirans oubyen yo pa t ranbouse, ka chwazi pou reklame yo swa nan deklarasyon pou ane l¨¨ p¨¨t la te f¨¨t la(nan ka sa a, y ap depoze ranbousman 2020 an n¨°malman ane pwoch¨¨n), oubyen nan deklarasyon pou ane anvan an (2019). Rasire w ou ekri nimewo deklarasyon FEMA ¨C 4569 ? pou dife ki te ravaje Kalif¨°ni an nan tout deklarasyon pou reklame p¨¨t, ou f¨¨ yo. Vizite Piblikasyon 547 (an angl¨¨) pou detay.

Pou dega gwo dife yo te f¨¨ yo, asistans pou enpo a se youn nan repons kow¨°done leta bay ki chita sou evalyasyon dega nan z¨°n nan FEMA te f¨¨. Pou enf¨°masyon sou repriz aktivite yo apre dezas la, vizite .