IR-2022-178, 13 okt¨°b, 2022
WASHINGTON - Apati de sem¨¨n sa a, S¨¨vis Revni Ent¨¨n ap voye l¨¨t bay plis pase 9 milyon endividi ak fanmiy ki sanble kalifye pou div¨¨s avantaj fiskal enp¨°tan men ki pat reklame yo l¨¨ yo f¨¨ yon deklarasyon taks sou revni federal 2021. Anpil moun nan gwoup sa a gendwa kalifye pou reklame k¨¨k oswa tout Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 yo, Kredi Taks pou Timoun nan, Kredi Taks Sou Revni ou Touche a ak l¨°t kredi taks yo an fonksyon de sitiyasyon p¨¨son¨¨l yo oswa sityasyon fanmiy yo.
L¨¨t rap¨¨l espesyal sa yo, k ap gen pou rive nan bwa l¨¨t yo nan sem¨¨n k ap vini la yo, ap al jwenn moun ki sanble kalifye pou Kredi Taks pou Timoun nan (CTC), Kredi Ranbousman Rekiperasyon (RRC) oswa Kredi Taks sou Revni ou Touche (EITC) men ki potko f¨¨ deklarasyon taks 2021 pou reklame yo. L¨¨t sa yo enprime ni an angl¨¨ ni an espany¨°l, yo bay yon ti rezime tou kout sou chak kredi sa yo.
¡°IRS la vle raple moun ki potansy¨¨lman elijib yo, espesyalman fanmi yo, yo gendwa kalifye pou kredi taks enp¨°tan sa yo,¡± se sa Komisyon¨¨ Chuck Rettig f¨¨ konnen. ¡°Nou ankouraje moun sa yo ki potko f¨¨ deklarasyon taks yo pou 2021 an pou yo revize opsyon sa yo. Menm si yo pa t gen obligasyon pou yo f¨¨ yon deklarasyon taks, yo gen dwa toujou kalifyep ou plizy¨¨ nan kredi enp¨°tan sa yo. Nou pa vle moun yo neglije kredi taks sa yo, epi l¨¨t yo ap raple yo de potansy¨¨l kalifikasyon yo ak demach yo ka antreprann.¡±
Reklame kredi yo
Sa yo ak l¨°t avantaj fiskal yo te pwolonje nan kad Lwa Plan Sovtaj Ameriken ane pase a ak l¨°t lejislasyon resan. Malgre sa, s¨¨l fason pou ou benefisye gwo avantaj sa yo se f¨¨ yon deklarasyon taks 2021.
Souvan, endividi yo ak fanmiiy yo kapab benefisye avantaj fiskal pwolonje sa yo (an angl¨¨), menm del¨¨ yo ta gen ti revni oswa pa ta gen revni ditou ki soti nan yon anplwa oswa nan l¨°t sous. Sa vle di anpil moun ki, jeneralman, pa bezwen f¨¨ deklarasyon taks sipoze f¨¨ sa ane sa a, menm si yo pa t gen obligasyon pou f¨¨ deklarasyon taks nan ane ki sot pase la yo.
Pou l¨¨t sa a, Biwo Trez¨° k ap f¨¨ Analiz Enpo idantifye endividi ki pa gen yon egzijans tipik pou yo f¨¨ yon deklarasyon taks paske yo sanble moun ki gen ti revni, sa chita sou F¨°m W-2, 1099s ak l¨°t deklarasyon ty¨¨s ki disponib nan IRS la.
L¨¨t sa yo simil¨¨ ak l¨¨t espesyal IRS te voye an septanm 2020 yo kote li te ankouraje 9 milyon moun potansy¨¨lman ki pa f¨¨ deklarsyon taks pou yo te soum¨¨t youn pou te kapab benefisye premye Peman Enpak Ekonomik lan. Sa f¨¨ pati de yon ef¨° an kontini pou ankouraje moun yo ki, jeneralman, pa gen egzijans pou f¨¨ deklarasyon yo pou tcheke avantaj potansy¨¨l yo kapab benefisye yo dapr¨¨ lalwa fiskal. Chak ane, moun yo konn neglije f¨¨ deklarasyon pandan yo gendwa gen yon kredi taks oswa yon ranbousman ki revyen yo de dwa.
Moun yo kapab f¨¨ yon deklarsyon taks menm si yo poko resevwa l¨¨t pa yo. IRS la ap raple moun yo, pa gen okenn penalite pout¨¨t ou reklame yon ranbousman nan yon deklarasyon taks ou f¨¨ apr¨¨ dat limit fiskal regilye avril 2022 an. Fason ki pi rapid e pi fasil pou resevwa yon ranbousman se l¨¨ ou f¨¨ yon deklarasyon taks ak done ki k¨°r¨¨k epi ou chwazi depo dir¨¨k.
Deklarasyon Gratis ap toujou rete disponib jiska 17 novanm
Pou ede moun yo reklame avantaj sa yo, san fr¨¨ Deklarasyon Gratis ap rete disponib pou yon mwa siplemant¨¨ ane sa a, jiska 17 novanm 2022. Li disponib s¨¨lman sou IRS.gov/freefile, Deklarasyon Gratis p¨¨m¨¨t moun revni yo egal a $73,000 oswa pi piti, pou f¨¨ yon deklarasyon anliy gratis l¨¨ yo itilize lojisy¨¨l gi gen gwo renome. Se Free obÌåÓý Alliance ki finanse Deklarasyon Gratis la, nan kad yon patenarya ant IRS ak endistri lojisy¨¨l taks yo.
Moun yo ka vizite ChildTaxCredit.gov/file pou yo kapab f¨¨ yon deklarasyon enpo sou revni 2021. Moun ki gen revni yo pi piti pase $12,500 ak koup yo ki gen revni yo pi piti pase $25,000 gendwa otorize pou f¨¨ yon deklarasyon taks senp pou reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2021 an - Ki kouvri nenp¨°t montan p¨¨man estimilis 2021 ki te gendwa manke - ak Kredi Taks pou Timoun nan. Endividi yo pa bezwen gen timoun pou yo kapab itilize Jwenn Kredi Enpo pou Timoun Ou pou yo kapab jwenn solisyon deklarasyon ki konpatib ak yo an.
Plis detay sou avantaj fiskal elaji sa yo
Twa kredi sa yo enkli:
- Yon Kredi Enpo pou Timoun ki elaji: Fanmi yo kapab reklame kredi sa a, menm si yo ta resevwa yon avans p¨¨man mansy¨¨l pandan d¨¨nye mwatye 2021 an. Total kredi sa a kapab rive jis ka $3,600 pa timoun.
- Yon Kredi Taks sou Revni ou Rantre ki pi jenere: Lalwa ogmante EITC pou travay¨¨ ki pa gen timoun yo. Gen chanjman tou ki kapab ede fanmi ki pa gen gwo revni ak sa ki gen revni modere yo ki gen timoun yo. Kredi a kapab rive jis ka $1,502 pou travay¨¨ yo ki pa gen timoun ki kalifye yo, $3,618 pou sa ki gen yon timoun yo, $5,980 pou sa ki gen de timoun yo ak $6,728 pou sa ki gen twa timoun pou pi piti yo.
- Kredi Ranbousman Rekiperasyon an: Moun ki te rate twazy¨¨m tranch peman enpak ekonomik (IEIP3) a, gendwa elijib pou reklame RRC a. Yo souvan rele li p¨¨man estimilis, kredi sa a kapab ede moun ki elijib yo ki te gen yon EIP3 ki te pi piti pase montan konpl¨¨ a, sa gen nan li tou moun ki te akeyi yon timoun an 2021 an. Kredi maksim¨°m nan se $1,400 pou chak granmoun ki kalifye, plis $1,400 pou chak timoun ki kalifye oswa granmoun ki depandan.
Apr¨¨ twa kredi sa yo, anpil moun ki f¨¨ deklarasyon gendwa kalifye tou pou de l¨°t avantaj taks yo ak yon deklarasyon taks ki f¨¨t pou 2021:
- Yon ogmantasyon Kredi Swen pou Depandan ak Timoun nan (an angl¨¨) Fanmi ki depanse pou okipe moun yon fason pou yo kapab ale travay oswa al chache travay gendwa resevwa yon kredi taks ki evalye a $4,000 dola pou yon moun ki kalifye oswa $8,000 dola pou de (2) oswa plis moun ki kalifye.
- Yon dediksyon pou don nan charite: Majorite kontribyab yo ki pran dediksyon estanda a gendwa dedwi kontribisyon lajan likid ki elijib yo te f¨¨ pou charite an 2021. Koup ki marye ki f¨¨ deklarasyon konjwen gendwa dedwi 600 dola nan don ki f¨¨t ak lajan likid epi kontribyab endividy¨¨l yo kapab dedwi 300 dola nan don yo te f¨¨. Anplis de sa, detayan ki f¨¨ gwo don lajan likid yo souvan kalifye pou yo dedwi tount montan an okonpl¨¨ nan 2021 an.
Plis detay sou tout avantaj sa yo disponib sou fich teknik FS-2022-10 (an angl¨¨) ki te pibliye sou paj IRS.gov la nan k¨°mansman ane sa a.
Rap¨¨l itil
IRS la ankouraje tout moun pou yo asire yo, yo gen tout deklarasyon fendane 2021 yo nan men yo anvan menm yo f¨¨ deklarasyon 2021 yo a. Akote tout W-2 yo ak 1099 yo, sa gen ladan de (2) deklarasyon IRS pibliye ¨C L¨¨t 6419 (an angl¨¨), afiche montan total avans peman kredi taks pou tiimoun nan, ak L¨¨t 6475 (an angl¨¨), montre montan total p¨¨man EIP3 yo. Moun yo kapab itilize Kont Anliy IRS yo pou yo kapab w¨¨ montan total twazy¨¨m tranch P¨¨man Enpak Ekonomik lan oswa P¨¨man avans Kredi Enpo pou Timoun nan. Moun ki marye ki resevwa p¨¨man konjwen ap gen pou yo monte sou kont p¨¨son¨¨l yo separeman pou yo kapab verifye montan ki vin pou yo chak la.
K¨¨lkeswa yo ta ilize deklarasyon gratis ou pa, nenp¨°t moun kapab jwenn repons kesyon fiskal yo, f¨°m ak enstriksyon yo, ak zouti ki fasil pou itilize sou sit IRS.gov la. Yo kapab itilize resous sa yo pou resevwa ¨¨d l¨¨ yo gen bezwen lakay yo, nan travay oswa nan deplasman yo.
Reklame kredi sa yo pa gen okenn ef¨¨ sou abilite yon moun genyen pou li elijib pou avantaj federal yo tankou Revni Sekirite Siplemant¨¨ (SSI), Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemant¨¨ (SNAP), Asistans Tanpor¨¨ pou Fanmiy ki nan Bezwen yo (TANF), ak Pwogram Nitrisyon Siplemant¨¨ Espesyal pou Fanm, Ti bebe ak Timoun (WIC) a. Reklame kredi sa yo pa gen oken ef¨¨ sou estati imigrasyon yon edividi oswa abilite yo pou yo resevwa yon green card oswa avantaj imigrasyon