IR-2023-16, 27 janvye 2023
WASHINGTON ¨C S¨¨vis Revni Ent¨¨n ak patn¨¨ l yo nan tout peyi a te lanse yon kanpay sansibilizasyon sou pou ede plizy¨¨ milyon Ameriken ki te touche $59,187 oubyen mwens pase sa ane pase pou yo pwofite de Kredi Enpo sou Revni ou touche (EITC).
"Se yon kredi sou enpo ki enp¨°tan anpil ki ede milyon moun k ap travay di chak ane," se sa komis¨¨ enterim¨¨ IRS lan Doug O'Donnell te di "Men, chak ane, anpil moun pa jwenn kredi sa a paske yo pa konnen li oswa yo pa reyalize yo elijib pou li. An patikilye, moun ki gen gwo chanjman ki f¨¨t nan lavi yo pandan ane ki sot pase an - nan travay yo, sitiyasyon matrimonyal yo, yon nouvo timoun oswa l¨°t fakt¨¨ - ka f¨¨ yo kalifye pou premye fwa. IRS ankouraje moun yo pou yo konsidere ak anpil atansyon kredi enp¨°tan sa a; nou pa vle moun yo pa w¨¨ op¨°tinite sila a."
An 2022, 31 milyon travay¨¨ ak fanmi ki te elijib atrav¨¨ peyi a te resevwa apepr¨¨ $64 milya dola nan kredi enpo sou revni ou touche, ak yon montan mway¨¨n ki plis pase $2,000.
IRS administre EITC, ke Kongr¨¨ a te apwouve nan lane 1975. Li te devlope an pati pou konpanse fado enpo Sekirite Sosyal yo epi bay yon ankourajman pou yo travay.
IRS ak patn¨¨ li yo ap mande moun pou yo tcheke si yo kalifye pou kredi enp¨°tan sa a. Yo ankouraje tou moun ki pa n¨°malman ranpli enpo pou tcheke si yo kalifye pou EITC ak l¨°t kredi ki gen anpil val¨¨.
EITC a se yon kredi sou enpo ki la pou k¨¨k moun k ap travay ki genyen yon revni ba oubyen modere. Yon kredi sou enpo jeneralman diminye sou montan enpo ou dwe epi li ka lak¨°z tou yon ranbousman. Menm si genyen milyon moun ki resevwa EITC, IRS estime gen anviwon 20% kontribyab ki kalifye pou EITC ki pa reklame li.
Travay¨¨ ki riske neglije EITC gen ladan yo:
- Travay¨¨ k ap viv nan kay ki pa tradisyon¨¨l, tankou yon granparan k ap leve yon pitit pitit
- Travay¨¨ ki gen yon revni ki diminye oswa ki gen yon sitiyasyon matrimonyal oubyen lavi paran yo chanje
- Travay¨¨ ki san timoun
- Travay¨¨ ki genyen konpetans limite nan angl¨¨
- Travay¨¨ ki se veteran
- Travay¨¨ k ap viv nan z¨°n riral yo
- Travay¨¨ ki Ameriken natif natal yo
- Travay¨¨ av¨¨k revni ki pi ba pase sa yo ta dwe genyen pou deklare enpo an
IRS raple kontribyab yo tou, fason ki pi rapid pou jwenn yon ranbousman enpo se ranpli yon deklarasyon enpo egzat elektwonik anliy epi chwazi depo dir¨¨k pou ranbousman yo. Lojisy¨¨l fiskal yo, pwofesyon¨¨l nan enpo yo, ak l¨°t opsyon gratis ki ka ede moun yo w¨¨ si yo kalifye pou EITC.
Ki moun ki ka benefisye de EITC?
Pou w kalifye, kontribiyab yo dwe ranpli k¨¨k kondisyon epi f¨¨ yon deklarasyon enpo, menm si yo pa touche ase lajan pou yo oblije ranpli yon deklarasyon enpo. Pa gen okenn nesesite pou w devine elijibilite EITC; ch¨¨che konnen l ak Asistan EITC a.
Travay¨¨ ki gen timoun ki elijib yo ka elijib pou EITC si revni brit ajiste yo (AGI) yo te mwens pase $53,057 an 2022 ($59,187 pou depoze ansanm). Moun sa yo ka resevwa pou pi plis $6,935 nan EITC, plis pase $6,728 an 2021.
Pi plis EITC pou kontribyab ki pa gen okenn depandan yo se $560, ki disponib pou moun ki gen AGI ki gen mwens pase $16,480 an 2022 ($22,610 pou depoze ansanm pou moun ki marye), epi travay¨¨ ki gen ant 25 a 64 lane kapab reklame li. Moun ki marye men ki separe ki pa ranpli yon deklarasyon ansanm ka kalifye pou EITC si yo ranpli s¨¨ten kondisyon.
EITC a f¨¨t pou travay¨¨ ki gen sal¨¨ ki pa depase limit sa yo an 2022:
? $53,057 ($59,187 pou moun marye ranpli ansanm) ak twa oswa plis timoun ki kalifye ki gen Nimewo Sekirite Sosyal (SSNs) valab.
? $49,399 ($55,529 pou moun marye ranpli ansanm) ak de timoun ki kalifye ki gen SSN valab.
? $43,492 ($49,622 pou moun marye ranpli ansanm) ak yon timoun ki kalifye ki gen SSN valab.
? $16,480 ($22,610 pou moun marye ranpli ansanm) san okenn timoun ki kalifye ki gen SSN valab.
? Revni envestisman yo dwe $10,300 oswa mwens.
Ki jan pou aplike pou EITC a
Pou jwenn EITC a, travay¨¨ yo dwe ranpli yon deklarasyon enpo epi reklame kredi a. Kontribiyab ki elijib yo ta dwe reklame kredi a menm si revni yo te mwens pase revni yo te mande pou yo ranpli yon deklarasyon enpo. Yon ¨¨d gratis pou preparasyon deklarasyon enpo disponib sou ent¨¨n¨¨t atrav¨¨ k¨¨k ¨°ganizasyon ki volont¨¨.
Moun ki elijib pou EITC gen opsyon sa yo:
- Deklarasyon gratis sou IRS.gov. Lojisy¨¨l enpo bon kalite gratis ki disponib pu gide kontribyab yo atrav¨¨ yon f¨°ma kesyon ak repons pou ede prepare deklarasyon enpo la epi reklame kredi ak prel¨¨vman si yo kalifye. Free obÌåÓý ofri tou yon v¨¨syon elektwonik f¨°mil¨¨ papye IRS la, yon opsyon ki rele F¨°m Deklarasyon pou Ranpli Gratis (an angl¨¨), ki pi byen adapte pou kontribyab ki konf¨°tab pou prepare pw¨°p deklarasyon yo.
- Sit preparasyon enpo gratis yo (an angl¨¨). Travay¨¨ ki elijib pou EITC yo ka aplike pou preparasyon enpo gratis nan plizy¨¨ milye sit Asistans Volont¨¨ Enpo sou Revni (VITA) ak Kons¨¨y fiscal pou granmoun (TCE). Pou jwenn sit ki pi pre w la, s¨¨vi ak Jwenn yon Lokalizat¨¨ ?d pou Enpo Gratis (an angl¨¨) sou IRS.gov, Aplikasyon Telef¨°n IRS2Go an, oswa rele nimewo sa a gratis 800-906-9887. Kontribyab yo dwe pote tout dokiman ak enf¨°masyon yo mande yo.
- Jwenn yon pwofesyon¨¨l enpo ou f¨¨ konfyans (an angl¨¨). IRS raple kontribiyab yo yon pwofesyon¨¨l nan enpo ou f¨¨ konfyans ka prepare deklarasyon enpo yo epi bay enf¨°masyon ak kons¨¨y itil. Gid pou w chwazi yon moun k ap prepare enpo, ki gen ladan kontab piblik s¨¨tifye, ajan ki enskri, avoka, ak anpil l¨°t moun ki pa gen tit pwofesyon¨¨l, ak detay sou gwoup pwofesyon¨¨l nan enpo nasyonal yo (an angl¨¨) disponib sou IRS.gov. Moun k ap resevwa EITC yo dwe pran prekosyon ak moun k ap prepare enpo ki pa gen etik.
IRS raple kontribyab yo pou yo asire yo yo gen nimewo Sekirite Sosyal valab pou t¨¨t yo, pou mari oswa madan m yo si yo f¨¨ yon deklarasyon ansanm, ak pou chak timoun ki kalifye pou yo reklame EITC. Yo dwe bay SSN yo avan dat limit pou f¨¨ depo deklarasyon yo an avril la. Gen r¨¨g espesyal pou moun ki nan lame (an angl¨¨) oswa moun ki pa nan peyi a.
Pif¨° ranbousman EITC depoze nan fen mwa fevriye
Malgre IRS te k¨°manse aksepte deklarasyon 2022 nan dat 23 janvye 2023, IRS pa ka bay ranbousman ki gen ladann Kredi Enposou Revni ou Touche (Earned Income Tax Credit) oswa L¨°t Kredi Enpo pou Timoun (ACTC) jiska mitan mwa fevriye. Sa a se ak¨°z Lwa PATH Act 2015 ki te pase nan Kongr¨¨ a, ki bay IRS plis tan pou pou ede l anpeche l f¨¨ ranbousman fwod yo te bay.
Kote Ranbousman Mwen An? ta dwe montre yon estati mizajou anvan 18 fevriye pou pif¨° moun ki te premye depoze EITC/ACTC. IRS espere ke pif¨° ranbousman ki gen rap¨° ak EITC/ACTC yo ap disponib nan kont labank oswa kat debi kontribyab yo anvan 28 fevriye si kontribyab yo te chwazi depo dir¨¨k epi pa gen okenn l¨°t pwobl¨¨m ak deklarasyon enpo yo.
F¨¨ bagay yo byen
Kontribyab yo responsab pou presizyon deklarasyon enpo yo menm si se yon l¨°t moun ki prepare li pou yo. Paske r¨¨g reklamasyon EITC yo konplike, IRS ankouraje kontribyab yo konprann yo tout.
F¨¨ atansyon pou w pa pran nan anak
Asire w ou chwazi yon preparat¨¨ enpo av¨¨k saj¨¨s. Pran prekosyon ak anak¨¨ k ap di li f¨¨ ogmante ranbousman EITC. Anak ki kreye timoun fantom ki elijib oswa ki di yo touche sa yo pa touche pou jwenn pi plis EITC ka f¨¨ kontribyab yo peye penalite pou sa.
Vizite IRS sou ent¨¨n¨¨t pou w aprann plis sou l¨°t kredi sou enpo
IRS.gov se yon premye ar¨¨ ki gen anpil val¨¨ pou ede kontribyab yo byen f¨¨ deklarasyn yo nan pery¨°d fiskal sa a. Yo ka verifye si yo gen dwa tou pou yo resevwa kredi sou enpo pou timoun, kredi adisyon¨¨l sou enpo pou timoun oswa kredi pou l¨°t depandan yo (an angl¨¨).
L¨°t detay ki an rap¨°
- , yon resous itil pou paten IRS yo ak l¨°t moun
- Piblikasyon 596, Enpo Sou Revni ou F¨¨ (EIC) (an angl¨¨)
- Pwofesyon¨¨l Enpo yo, yon l¨°t sit pou resous EITC ak asistans ki valab