obÌåÓý

Planifikasyon fiskal pa fini apre yon kontribyab ranpli yon deklarasyon enpo

Kons¨¨y Fiskal IRS 2023-86, 28 Jen 2023

Jis paske yon kontribyab te ranpli yon deklarasyon enpo pa vle di yo ta dwe bliye enpo yo jiska lane pwoch¨¨n. Sa yon kontribyab f¨¨ kounye a ka afekte enpo li dwe oswa ranbousman li ka resevwa lane pwoch¨¨n. 

Men k¨¨k kons¨¨y planifikasyon fiskal senp pandan tout ane a pou tout kontribyab yo.

?ganize dosye fiskal yo. Kreye yon sist¨¨m ki kenbe tout enf¨°masyon enp¨°tan yo ansanm. Kontribyab yo ka itilize yon lojisy¨¨l pou kenbe dosye elektwonik yo oswa estoke dokiman papye yo nan anvl¨°p ki byen make. Yo ta dwe ajoute dosye fiskal nan dosye yo amezi y ap resevwa yo. Dosye ki ¨°ganize yo ap rann preparasyon pou deklarasyon enpo yo pi fasil epi yo ka ede kontribyab yo dekouvri dediksyon oswa kredi yo te neglije.

Idantifye estati fiskal. Yo itilize estati fiskal yon kontribyab pou det¨¨mine kondisyon deklarasyon l, dediksyon estanda, kalifikasyon pou k¨¨k kredi ak montan enpo k¨°r¨¨k yo ta dwe peye. Si gen plis pase yon estati fiskal ki aplike pou yon kontribyab, yo ka jwenn ¨¨d pou yo chwazi pi bon estati fiskal la av¨¨k Asistan Fiskal Ent¨¨raktif, Ki Kondisyon Fiskal Mwen (an angl¨¨). Chanjman nan lavi fanmilyal ¡ª maryaj, div¨°s, nesans ak lanm¨° ¡ª ka afekte sitiyasyon fislal yon moun, tankou estati fiskal ak kalifikasyon pou k¨¨k kredi enpo ak dediksyon yo.

Konprann revni brit ajiste (AGI). AGI ak to enpo yo se fakt¨¨ enp¨°tan nan kalkile enpo. AGI se revni kontribyab la ki soti nan tout sous mwens nenp¨°t k¨¨lkeswa ajisteman ak dediksyon yo. Anjeneral, tanke AGI yon kontribyab pi wo, se tanke pousantaj enpo yo ap pi wo ak plis enpo y ap peye. Planifikasyon fiskal ka gen ladan l f¨¨ chanjman pandan ane a ki diminye AGI yon kontribyab.

Verifye prel¨¨vman. Piske enpo federal yo fonksyone sou yon baz peman an repatisyon, kontribyab yo bezwen peye pi f¨° nan enpo yo amezi y ap touche revni yo. Kontribyab yo ta dwe tcheke si yo prelve ase nan peman yo pou kouvri enpo yo dwe yo sitou si sitiyasyon p¨¨son¨¨l oswa finansye yo chanje pandan ane a. Pou tcheke prel¨¨vman yo, kontribyab yo ka itilize Estimat¨¨ Prel¨¨vman IRS la. Si yo vle chanje prel¨¨vman enpo yo, kontribyab yo ta dwe bay patwon yo yon F¨°m W-4 ki ajou. Chanjman nan prel¨¨vman ak f¨¨ plis prel¨¨vman ka diminye AGI yo a epi afekte b¨°dwo enpo yo oswa ranbousman yo espere yo.

F¨¨ chanjman adr¨¨s ak non. Enf¨°me S¨¨vis Postal Etazini an, patwon yo ak IRS la sou tout chanjman nan adr¨¨s. Pou chanje adr¨¨s lap¨°s ofisy¨¨lman nan IRS la, kontribyab yo dwe ranpli F¨°m 8822, Chanjman Adr¨¨s (an angl¨¨), epi poste li nan adr¨¨s ki k¨°r¨¨k pou z¨°n yo a. Pou enstriksyon ki pi detaye, gade paj 2 f¨°m nan. Deklare tout non ki chanje bay Administrasyon Sekirite Sosyal la. L¨¨ w f¨¨ chanjman sa yo pi vit ke posib, sa pral rann ranpli deklarasyon enpo yo pi fasil.

Ekonomize pou retr¨¨t. Ekonomize pou retr¨¨t kapab bese AGI yon kontribyab tou. Kontribye lajan nan yon plan retr¨¨t nan travay ak nan yon IRA tradisyon¨¨l diminye revni enpozab yo tou.

Ab¨°ne nan Kons¨¨y Fiskal IRS yo (an angl¨¨)