Kons¨¨y IRS sou enpo 2023-06, 23 janvye 2023
Kredi enpo pou adopsyon an p¨¨m¨¨t fanmi ki te nan pwosesis adopsyon an 2022 reklame jiska $14,890 nan fr¨¨ depans adopsyon elijib pou chak timoun ki kalifye. Kontribiyab yo ka aplike kredi sa a nan adopsyon ent¨¨nasyonal, nasyonal epi ¨°felina prive ak piblik.
Sa ou dwe konnen sou aplikasyon pou kredi sila a
- Pou reklame kredi adopsyon an, kontribyab yo ranpli f¨°mil¨¨ 8839 lan, Depans Adopsyon Akseptab (an angl¨¨) epi mete l nan deklarasyon enpo yo. Yo itilize f¨°mil¨¨ sa a pou yo w¨¨ kantite kredi yo ka reklame.
- Montan revni (an angl¨¨) ou ka afekte kantite kredi a.
- Yo pa rem¨¨t kredi enpo pou adopsyon an. Sa a pral diminye yon b¨°dwo enpo men li pa pral lak¨°z yon ranbousman, menm l¨¨ kantite lajan kredi a pi plis pase b¨°dwo enpo la. Senpleman, yon kontribiyab ka pote kredi li rete yo epi aplike yo nan deklarasyon enpo li gen pou l f¨¨ sou 5 lane pou pi plis.
Ki moun ki konsidere k¨°m yon timoun ki kalifye
Yon timoun ki elijib se yon moun ki poko gen 18 an oswa yon timoun ki fizikman oswa mantalman pa kapab pran swen t¨¨t li.
Depans ki akseptab yo
Depans adopsyon ki elijib yo gen ladan yo:
- Fr¨¨ adopsyon
- Depans tribinal ak fr¨¨ jiridik
- Depans vwayaj ki gen rap¨° ak adopsyon, tankou manje ak ot¨¨l
- L¨°t depans ki gen rap¨° dir¨¨kteman ak adopsyon legal yon timoun ki kalifye
Depans yo ka dediktib menm si kontribiyab la peye pou yo anvan yo idantifye yon timoun ki kalifye. Pa egzanp, k¨¨k paran adoptif potansy¨¨l peye pou yon evalyasyon lakay nan k¨°mansman pwosesis adopsyon an. Paran sa yo ka reklame fr¨¨ sa yo k¨°m depans adopsyon elijib.
Depans adopsyon kalifye yo pa gen ladan yo depans yon kontribiyab peye pou adopte pitit mari oswa madanm yo. Men, yo ka gen ladan yo fr¨¨ adopsyon yon patn¨¨ domestik anrejistre si patn¨¨ sa a ap viv nan yon eta ki p¨¨m¨¨t yon dezy¨¨m paran oswa yon paran menm s¨¨ks adopte pitit patn¨¨ yo.