obÌåÓý

Dapre Deklarasyon Dwa Kontribyab yo, tout kontribyab gen dwa ak finalite nan af¨¨ yo genyen ak IRS yo

Kons¨¨y Fiskal pou COVID 2022-169, 3 novanm 2022

Dapre lalwa, kontribyab k ap ent¨¨raji ak IRS la genyen dwa ak finalite. Dwa sa aplike pou kontribyab ki nan yon odit. Kontribyab sa yo gen dwa pou yo konnen l¨¨ IRS fini odit la. Sa se youn nan 10 dwa fondamantal ¡ª tout moun konnen sou non Deklarasyon Dwa Kontribyab la.

Men sa kontribyab ki nan pwosesis yon odit ta dwe konnen sou dwa li genyen pou finalite:

  • Kontribyab yo genyen dwa pou yo konnen:
    • Kantite tan maksim¨°m yo genyen pou yo konteste pozisyon IRS la.
    • Kantite tan maksim¨°m IRS la genyen pou odit yon ane fiskal an patikilye oswa kolekte yon d¨¨t fiskal. 
    • L¨¨ IRS la fini ak yon odit.
       
  • Jeneralman, IRS la gen twa (3) ane apati dat kontribyab yo te f¨¨ deklarasyon enpo yo a pou li evalye tout enpo siplemant¨¨ pou ane fiskal sa.
     
  • Gen k¨¨k eksepsyon limite pou prensip twa (3) lane a, pami yo, l¨¨ kontribyab pa f¨¨ deklarasyon yo pou yon ane byen presi oswa f¨¨ fo deklarasyon oswa deklarasyon fwod. Nan ka sa yo, IRS la genyen yon kantite tan san limit pou li evalye enpo pou ane fiskal sa.
     
  • Jeneralman, IRS la gen dis (10) zan apati dat evalyasyon an pou li kolekte d¨¨t enpo yo. Pery¨°d 10 an sa pa kapab pwolonje, eksepte pou kontribyab ki antre nan plan v¨¨sman yo, oswa IRS la resevwa desizyon lajistis.
     
  • Gen sikonstans kote pery¨°d 10 zan an ka sispann. Sa kapab rive l¨¨ IRS la pa kapab kolekte lajan akoz fayit kontribyab la oswa kontribyab la enplike nan yon pwosedi lak¨°l¨¨k k ap f¨¨t.
     
  • Yon avi ensifizans r¨¨glemant¨¨ se yon l¨¨t ki pwopoze enpo siplemant¨¨ kontribyab la dwe peye. Avi sa dwe gen ladan dat limit pou depoze yon petisyon nan tribinal fiskal la pou konteste montan ki pwopoze a.
     
  • Jeneralman, yon kontribyab ap nan yon odit yon fwa nan ane a s¨¨lman. Sepandan, IRS la gendwa reouvri yon odit pou yon ane ki pase, si IRS la twouve sa neses¨¨. Sa te ka rive, pa ekzanp, si yon kontribyab soum¨¨t yon deklarasyon ki gen fwod.

Plis Enf¨°masyon:

Ab¨°ne nan Kons¨¨y Fiskal IRS yo (an angl¨¨)